Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 36 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Rebellion speaks to the wicked deep within his heart; there is no fear of our Father before his eyes. Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye. Nanpwen krent Bondye devan zye l.
2 For he flatters himself in his own eyes so much that he cannot detect his sin or hate it. Jan li kontan ak pwòp tèt li, li pa janm wè pwop peche pa l la.
3 The words of his mouth are wickedness and deceit; he has stopped acting wisely and doing good. Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti. Li fè yon chemen ki pa bon.
4 Even on his bed he plots wickedness; he sets himself on a path that is not good; he does not reject what is evil. Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal.
5 Our Father, your covenant love reaches to the heavens, your faithfulness to the clouds. Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo, fidelite Ou nan syèl la.
6 Your righteousness is like the mighty mountains, your judgments like the great deep; you save both people and animals, our Father. Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo, ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè. O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.
7 How precious is your covenant love, our Father! All people take refuge in the shadow of your wings. Lanmou dous Ou chè, O Bondye! Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.
8 They feast on the abundance of your house, and you give them drink from the river of your delights. Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou. Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.
9 For with you is the fountain of life; in your light we see light. Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a. Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
10 Continue your covenant love to those who know you, and your righteousness to the upright in heart. O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo, ak ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.
11 Do not let the foot of the arrogant trample me, nor the hand of the wicked drive me away. Pa kite pye ògèy vini sou mwen, ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.
12 There the evildoers have fallen; they are thrown down, unable to rise. Se la sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe. Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]