Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 35 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Contend, my Father, with those who contend with me; fight against those who fight against me. Fè fòs SENYÈ, kont sila k ap sèvi ak fòs kont mwen yo. Goumen ak sila k ap goumen kont mwen yo.
2 Take hold of shield and small shield, and rise to help me. Pran an men boukliye ak pwotèj la, epi leve kon sekou mwen.
3 Draw the spear and javelin against my pursuers; say to my soul, "I am your salvation." Anplis rale lans ak rach batay la pou rankontre sila k ap kouri dèyè m yo. Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”!
4 Let them be ashamed and disgraced who seek my life; let them be turned back and humiliated who plot my harm. Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e dezonere. Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen Vire do fè bak plen imiliyasyon.
5 Let them be like chaff before the wind, with the messenger of our Father driving them on. Kite yo vin tankou pay nan van, avèk zanj SENYÈ a k ap pouse yo ale.
6 Let their way be dark and slippery, with the messenger of our Father pursuing them. Kite wout yo plen avèk tenèb e vin glisan, Avèk zanj SENYÈ a k ap kouri dèyè yo.
7 For without cause they hid their net for me; without cause they dug a pit for my life. Paske san koz, yo te kache pèlen yo pou mwen. San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.
8 Let ruin come upon him without warning; let the net he hid catch him; into that very ruin let him fall. Kite l fin detwi nèt san l pa konnen. Kite pèlen ke li te prepare a, kenbe li menm. Kite l tonbe nan destriksyon sa a.
9 Then my soul will rejoice in my Father; it will exult in his salvation. Nanm mwen va rejwi nan SENYÈ a. Li va leve wo nan delivrans Li.
10 All my bones will say, "My Father, who is like you, rescuing the poor from one too strong for him, the poor and needy from the one who robs him?" Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm? Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo? Wi, ak aflije e malere yo k ap soti nan men a sila menm k ap vòlè yo?”
11 Malicious witnesses rise up; they question me about things I do not know. Fo temwen sovaj yo leve. Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.
12 They repay me evil for good; my soul is left desolate. Yo remèt mwen mal pou byen, jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen.
13 But I, when they were sick, wore mourning clothes; I humbled myself with fasting, and my prayer kept returning to my own heart. Men pou mwen menm, lè yo te malad, rad mwen te vin twal sak; Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn, epi lapriyè m te kontinye retounen nan kè m.
14 I went about as though grieving for my friend or my brother; I was bowed down in mourning, like one weeping for his mother. Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen. Mwen te koube ak gwo tristès, tankou yon moun ta fè dèy pou manman li.
15 But at my stumbling they rejoiced and gathered together; attackers I did not know gathered against me, tearing at me without ceasing. Men moman ke m te chape tonbe a, yo te rejwi, e te reyini yo ansanm. San ke mwen pa menm konnen, agresè sa yo te rasanble kont mwen. Yo t ap chire m san rete.
16 Like godless mockers at a feast, they gnashed their teeth at me. Kon giyon vilgè, yo te fè konsi yo ta mòde m ak dan yo.
17 My Sovereign Father, how long will you look on? Rescue my soul from their ravages, my only life from the lions. SENYÈ, jiskilè Ou va kontinye gade bagay sa a konsa? Sove nanm mwen kont ravaj yo, Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo.
18 I will thank you in the great assembly; among a mighty throng I will praise you. Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a. Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.
19 Let not my deceitful enemies gloat over me, nor those who hate me without cause wink the eye. Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.
20 For they do not speak peace, but against the quiet ones of the land they devise deceitful schemes. Paske yo pa pale lapè, men yo divize pawòl nan twonpe sila ki kalm nan peyi yo.
21 They open their mouths wide against me; they say, "Aha! Aha! Our own eyes have seen it!" Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen. Yo te di: “Men li, men li, zye nou te wè l!”
22 You have seen it, my Father; do not be silent. My Sovereign Father, do not be far from me. Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans O SENYÈ, pa rete lwen m.
23 Rouse yourself and awake to my vindication, to my cause, my Sovereign Father! Reveye Ou! Reveye Ou pou dwa m ak koz mwen, Bondye mwen ak SENYÈ mwen.
24 Vindicate me, my Father, according to your righteousness, and do not let them gloat over me. Jije mwen, O SENYÈ, Bondye mwen an, selon dwati Ou. Pa kite yo rejwi sou mwen.
25 Let them not say in their hearts, "Aha, just what we wanted!" Let them not say, "We have swallowed him up." Pa kite yo di nan kè yo: “Men konsa, men sa nou pi pito a!” Pa kite yo di: “Nou gen tan fin vale li nèt!”
26 Let them be ashamed and humiliated together who rejoice at my calamity; let them be clothed with shame and disgrace who exalt themselves over me. Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.
27 Let those who delight in my vindication shout for joy and be glad; let them always say, "Great is our Father, who delights in the well-being of his servant!" Kite sila ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi. Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo, Li ki pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”
28 Then my tongue will tell of your righteousness, of your praise all day long. Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou avèk lwanj Ou tout lajounen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]