Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 34 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I will bless our Father at all times; his praise will always be on my lips. Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan. Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.
2 My soul boasts in our Father; let the humble hear and rejoice. Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a. Enb yo va tande l, e yo va rejwi.
3 Magnify our Father with me; let us exalt his name together. O leve SENYÈ a byen wo avè m. Annou leve non L wo ansanm.
4 I sought our Father, and he answered me; he delivered me from all my fears. Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen, epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
5 Those who look to him are radiant; their faces will never be ashamed. Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè. Figi yo p ap janm wont.
6 This poor man cried out, and our Father heard him; he saved him from all his troubles. Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li, epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.
7 The angel of our Father encamps around those who fear him, and he rescues them. Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo, epi li sove yo nan gwo twoub.
8 Taste and see that our Father is good; blessed is the one who takes refuge in him. O goute e wè ke Bondye bon. A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
9 Fear our Father, you his holy ones, for those who fear him lack nothing. Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo. Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
10 The young lions go hungry and lack, but those who seek our Father lack no good thing. Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou, men sila ki chache SENYÈ yo, p ap manke okenn bon bagay.
11 Come, children, listen to me; I will teach you the fear of our Father. Vini, pitit, koute mwen. Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
12 Who is the one who desires life and loves many good days? Se ki moun ki dezire lavi, e renmen jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
13 Keep your tongue from evil and your lips from speaking deceit. Kenbe lang ou apa de sa ki mal, e lèv ou pou pa bay manti.
14 Turn from evil and do good; seek peace and pursue it. Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon. Chache lapè e fè efò pou twouve li.
15 The eyes of our Father are on the righteous, and his ears are open to their cry. Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo. Zòrèy Li koute kri yo.
16 The face of our Father is against those who do evil, to erase their memory from the earth. Figi SENYÈ a kont malfektè yo, pou efase memwa yo sou tè a.
17 The righteous cry out, and our Father hears; he delivers them from all their troubles. Moun dwat kriye. SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 Our Father is near to the brokenhearted; he saves those crushed in spirit. SENYÈ a pre sila ak kè kase yo, epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
19 The righteous face many afflictions, but our Father delivers each one from them all. Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20 Our Father guards all the righteous one's bones; not one of them is broken. Li konsève tout zo li yo. Pa menm youn nan yo va kase.
21 Evil will slay the wicked, and those who hate the righteous will be condemned. Se mechanste ki va touye mechan an. Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
22 Our Father redeems the soul of his servants; none who take refuge in him will be condemned. SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo. P ap gen nan sila ki kache nan Li yo k ap kondane.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]