Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father spoke to Moses: Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di:
2 "Speak to the Israelites and say to them: When a man or woman makes a special vow, a Nazirite vow, to set themselves apart to the Father. “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a,
3 They must not drink wine or strong drink, nor vinegar from either, nor any grape juice, nor eat grapes fresh or dried. li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch.
4 During their separation they must eat nothing from the grapevine, from seeds to skin. Tout jou apa sa yo, li pa pou manje anyen ki pwodwi pa pye rezen, soti nan grenn li yo, jis rive nan po li.
5 "During their vow of separation, no razor touches their head. Until it's complete, they stay holy to the Father; they must let their hair grow. “‘Tout jou yo, pandan ve apa li a, okenn razwa p ap pase sou tèt li. Li va sen jiskaske jou li yo vin akonpli pou sa li te separe tèt li bay SENYÈ a. Li va kite cheve tèt li vin long.
6 "Throughout their time of separation to the Father they must not go near a dead body. “‘Tout jou a separasyon li yo, li pa pou pwoche yon mò.
7 They must not make themselves unclean even for father, mother, brother, or sister when they die, since their dedication crown to our Father is on their head. Li pa pou fè tèt li pa pwòp ni pou papa li, ni manman li, pou frè li, oswa pou sè li, lè yo ta mouri, akoz separasyon li pou Bondye poze sou tèt li.
8 Throughout their time of separation they are holy to the Father. Tout jou a separasyon li yo, li va sen a SENYÈ a.
9 "If someone dies very suddenly beside them, making their dedicated head unclean, they must shave their head on the day of their cleansing—shave it on the seventh day. “‘Men si yon nonm mouri sibitman bò kote li, e li konwonpi tèt cheve ki se apa li a, alò, li va pase razwa sou tèt li nan jou ke li vin pwòp la.Li va pase razwa sou li nan setyèm jou a.
10 On the eighth day they must bring two turtledoves or two young pigeons to the priest at the meeting tent's entrance. Konsa, nan dizyèm jou a, li va pote de toutrèl oswa de jenn pijon vè prèt la, nan pòtay tant asanble a.
11 The priest must offer one as a sin offering, the other as a burnt offering, and make atonement for them, because they sinned by being near the dead body. That same day they must rededicate their head. Prèt la va ofri youn kòm yon ofrann peche a, e lòt la kòm yon ofrann brile, epi fè ekspiyasyon pou li konsènan peche li, akoz mò a. Epi nan menm jou sa a, li va konsakre tèt li,
12 They must rededicate to the Father their days of separation and bring a year-old male lamb as a guilt offering; the earlier days don't count—their separation was made unclean. epi li va dedye a SENYÈ a jou li yo kòm yon Nazareyen, e li va mennen yon mal mouton nan laj 1 nan oswa plis kòm yon ofrann koupab. Men jou tan pase yo va vin anile akoz tan separasyon li an te vin konwonpi.
13 "This is the law of the Nazirite: when their days of separation end, they must come to the tent of meeting's entrance. “‘Alò, sa se lalwa a yon Nazareyen. Lè jou separasyon yo vin fini, li va mennen ofrann nan nan pòtay a tant asanble a.
14 They must bring the Father their offering: one flawless year-old male lamb as a burnt offering, one flawless year-old ewe lamb as a sin offering, and one flawless ram as a peace offering, Li va prezante ofrann li an bay SENYÈ a: yon mal mouton laj 1 nan san defo kòm yon ofrann brile a, yon mouton femèl laj 1 nan san defo kòm yon ofrann peche, ak yon belye san defo kòm yon ofrann lapè,
15 with a basket of unleavened bread—loaves of fine flour mixed with oil, unleavened wafers coated with oil—plus their grain offering and drink offerings. epi yon panye gato san ledven fèt avèk farin fen, mele avèk lwil, ofrann sereyal, ak galèt san ledven kouvri avèk lwil, ansanm avèk ofrann pa yo, ak ofrann bwason pa yo.
16 The priest must present them before the Father and offer the sin offering and the burnt offering. “‘Alò, prèt la va prezante yo devan SENYÈ a. Li va ofri ofrann peche pa li a avèk ofrann brile pa li a.
17 He must offer the ram as a peace offering to the Father with the basket of bread without yeast, and offer its grain and drink offerings. Li va osi ofri belye a kòm yon ofrann sakrifis lapè bay SENYÈ a, ansanm avèk yon panye gato san ledven. Prèt la va osi ofri ofrann sereyal li avèk ofrann bwason li.
18 At the tent of meeting's entrance, the Nazirite must shave their dedicated head, take the hair of dedication, and put it on the fire under the peace offering. “‘Alò, apre sa, Nazareyen an va pase razwa sou tèt cheve dedye pa li nan pòtay a tant asanble a. Li va pran cheve dedye a tèt li a, e mete li sou dife ki anba ofrann sakrifis lapè yo.
19 The priest takes the boiled ram's shoulder, one unleavened loaf and wafer from the basket, and puts them in the Nazirite's hands after the hair of dedication is shaved off. “‘Prèt la va pran zepòl belye a lè li fin bouyi, ak yon gato san ledven sòti nan panye a, yon galèt san ledven, e li va mete yo sou men a Nazareyen an lè l fin pase razwa a sou cheve dedye li a.
20 The priest waves them as a wave offering before our Father—a holy portion for the priest, with the breast that is waved and the thigh that is contributed. Then the Nazirite may drink wine. Konsa, prèt la va balanse yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Li sen pou prèt la, ansanm avèk pwatrin ki ofri pa balanse a e kwis ki ofri pa leve anlè a. Apre Nazareyen an kapab bwè diven an.
21 "This is the law of the Nazirite who vows an offering to our Father for their separation, besides whatever else they can afford. They must do according to their vow, per the law of their separation." “‘Sa se lalwa a Nazareyen ki fè ve ofrann li bay SENYÈ a, an akò avèk separasyon li, anplis tout lòt bagay ke li gen posibilite fè, selon ve ke li te fè a. Konsa, li va fè selon lalwa separasyon li an.’”
22 Then our Father spoke to Moses: SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
23 "Tell Aaron and his sons: This is how you are to bless the Israelites. Say to them: Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Konsa, nou va beni fis Israël yo. Nou va di yo:
24 'May your Father bless you and keep you; SENYÈ a beni nou e kenbe nou;
25 may your Father make his face shine upon you and be gracious to you; SENYÈ a fè limyè figi li limen sou nou; epi fè gras anvè nou;
26 may your Father look on you with favor and give you peace.' SENYÈ a fè vizaj li vin gade nou, e bannou lapè.’
27 "So they will put my name on the Israelites, and I will bless them." Se konsa yo va rele non Mwen pou fis Israël yo, e se konsa Mwen va beni yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]