Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 "Command the Israelites to send from the camp everyone with a skin disease, everyone with a discharge, and everyone unclean from a corpse. Kòmande fis Israël yo pou yo voye fè kite kan an chak moun lalèp ak tout sila ki gen ekoulman yo, oswa chak moun ki pa pwòp akoz a yon moun mouri.
3 Send away both male and female; send them outside the camp, so they don't make their camp unclean, where I live among them." “Nou va voye ale ni gason, ni fanm. Nou va voye yo deyò kan an pou yo pa konwonpi kan pa yo a, kote Mwen rete nan mitan yo a.”
4 The Israelites did this, sending them outside the camp; as our Father told Moses, the Israelites did. Fis Israël yo te fè sa, e yo te voye yo deyò kan an; jis jan ke SENYÈ a te pale avèk Moïse la, se konsa ke fis Israël yo te fè.
5 Then our Father spoke to Moses: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
6 "Tell Israel's people: When a man or woman commits any human sin, betraying me, that person is guilty. “Pale avèk fis Israël yo: ‘Lè yon nonm, oswa yon fanm fè yon lòt mal, aji avèk mank lafwa kont SENYÈ a, e moun sa a koupab,
7 They must confess the sin they committed, repay in full for the wrong, add a fifth, and give it to the one they wronged. alò, li va konfese peche ke li te fè yo; li va peye pou tò ke li te fè a, li va peye yon senkyèm nan valè donmaj la anplis, e li va bay sa a sila ke li te fè tò a.
8 But if that person has no relative to receive restitution, it belongs to me and goes to the priest, plus the ram of atonement made for the guilty one. Men si nonm nan pa gen relasyon pou resevwa pèyman, pèyman ki fèt pou tò a, li va oblije ale bay SENYÈ a pou prèt la, ansanm avèk belye ekspiyatwa ki pou fè ekspiyasyon pou li a.
9 Every contribution among all Israel's holy gifts brought to the priest belongs to him. Tout don ki apatyen a kado sen a fis Israël yo, ke yo ofri a prèt la, va pou li.
10 Everyone's holy gifts remain their own; what one gives the priest belongs to the priest." Konsa kado a chak moun va pou li; nenpòt bagay ke nenpòt moun bay a prèt la, li va vin pou li.’”
11 Then our Father spoke to Moses: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
12 "Speak to the Israelites and tell them: If any man's wife goes astray and is unfaithful to him, “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Si madanm a yon nonm vin vire, e li vin enfidèl anvè li,
13 if another man sleeps with her, hidden from her husband, and she goes undetected though unclean—no witness against her, not caught in the act, epi yon lòt gason vin antre nan li, epi si sa kache a zye mari li, sa rete an kachèt, malgre ke li te konwonpi tèt li, men pa gen temwayaj kont li ni li pa t kenbe nan zak la,
14 a spirit of jealousy comes over the husband, and he is jealous of his wife, who is unclean; or a spirit of jealousy comes over him, and he is jealous though she is not unclean. si yon espri jalouzi vin antre sou nonm nan, e si li jalou pou madanm li, e li te konwonpi tèt li a, oswa si yon espri jalouzi vin sou li e li jalou lè li pa t vrèman konwonpi tèt li,
15 The man must bring his wife to the priest, along with her offering: about two quarts of barley flour. He must pour no oil on it and put no frankincense on it, because it is a grain offering of jealousy, a grain offering of remembrance, recalling guilt. mesye a, alò, va mennen madanm li devan prèt la. Konsa, li va mennen kòm ofrann pou li yon dizyèm efa nan lòj moulen an. Li pa pou vide lwil sou li, ni mete lansan sou li, paske li se yon ofrann sereyal de jalouzi, yon ofrann sereyal pou sonje, pou pa bliye inikite.
16 The priest is to bring her near and set her before our Father. “‘Alò, prèt la va mennen li vin toupre li, e fè l kanpe devan SENYÈ a.
17 The priest is to take holy water in a clay jar, take dust from the tabernacle floor, and put it into the water. Prèt la va pran dlo sen an nan yon veso fèt an ajil. Li va pran kèk nan poud ki atè nan tabènak la, e li va mete nan dlo a.
18 The priest is to stand the woman before our Father, unbind her hair, and put in her hands the grain offering of remembrance—the jealousy offering—while he holds the bitter, curse-bringing water. Konsa, prèt la va fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, kite très cheve tèt a fanm nan vin desann, mete ofrann sonje a nan men li, ki se ofrann sereyal jalouzi a, pandan prèt la kenbe dlo anmè ki pote madichon an.
19 The priest is to put her under oath and say to her: 'If no man has slept with you, and you have not gone astray and made yourself unclean under your husband's authority, be free from this bitter water that brings the curse. Prèt la va fè fanm sèmante. Li va di li: “Si nanpwen gason ki te kouche avèk ou, si ou pa t vin vire pou antre nan sa ki pa pwòp, alò akoz ou anba otorite mari ou, rete san afekte pa dlo anmè sa a ki mennen yon madichon.
20 But if you strayed under your husband, made yourself unclean, and a man besides your husband slept with you.' Sepandan, si ou te vin vire, akoz ou anba otorite mari ou, si ou te konwonpi tèt ou, e yon lòt gason ki pa mari ou te kouche avèk ou,”
21 Then the priest is to bind the woman by this curse-oath, saying: May the Father turn you into a curse and a disgrace among your people, as he makes your thigh shrivel and your belly swell. (alò, prèt la va fè fanm nan fè sèman madichon an, e prèt la va di a fanm nan): “Ke SENYÈ a fè ou modi, yon madichon pami pèp ou a lè SENYÈ a fè kwis ou vin pouri pou disparèt, e vant ou vin anfle;
22 May this curse-bringing water enter your body, swelling your belly and wasting your thigh. Then the woman must say, 'Amen, amen.' epi dlo sa a ki pote yon madichon va antre nan vant ou, fè vant ou anfle e fè kwis ou vin pouri e disparèt.” Konsa, fanm nan va di: “Amen, Amen.”
23 "Then the priest writes these curses on a scroll and washes them off into the bitter water. Epi prèt la va ekri madichon sa yo sou yon woulo papye, e li va lave fè yo sòti nan dlo anmè a.
24 He is to make the woman drink the bitter, cursing water; the cursing water will enter her, causing bitter suffering. Epi li va fè fanm nan bwè dlo anmè ki pote madichon an, pou dlo ki pote madichon an kab antre nan li e li va fè l vin anmè.
25 The priest takes the jealousy grain offering from her hand, waves it before our Father, and brings it to the altar. Prèt la va pran ofrann sereyal pou jalouzi a nan men fanm nan, e li va balanse li devan SENYÈ a pou mennen li vè lotèl la.
26 The priest takes a handful of the grain offering, its memorial portion, burns it on the altar, then makes the woman drink the water. Konsa, prèt la va pran yon men plen nan ofrann sereyal la kòm ofrann tout moun sonje, li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, e apre, li va fè fanm nan bwè dlo a.
27 After he makes her drink the water, if she has made herself unclean and betrayed her husband, the curse-bringing water will enter her, causing bitter suffering: her belly will swell, her thigh wither, and she will become a curse among her people. Lè li fin fè li bwè dlo a, alò li va vin rive, ke si li te konwonpi tèt li, li pa t kenbe bòn fwa avèk mari li, ke dlo ki mennen madichon an kab antre nan li pou fè l vin anmè a, vant li va vin anfle, kwis li va vin pouri, e fanm nan va devni yon madichon pami pèp li a.
28 But if the woman has not made herself unclean and is clean, she is cleared and will conceive children. Men si fanm nan pa t konwonpi tèt li e li te pwòp, li va, alò, lib e li va fè pitit.
29 "This is the law of jealousy: when a wife under her husband strays and makes herself unclean, “‘Sa se lalwa jalouzi a: lè yon fanm, anba otorite mari li, vin vire e konwonpi tèt li,
30 or when a spirit of jealousy seizes a man and he is jealous of his wife: he is to stand her before our Father, and the priest is to apply this whole law to her. oswa lè yon espri jalouzi vin sou yon mesye, e li vin jalou pou madanm li. Li va, alò, fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, e prèt la va aplike tout lwa sa a anvè li.
31 The husband will be free from guilt, but the woman will answer for her own sin." Anplis, mesye a va lib, san koupabilite, men fanm nan va pote koupabilite pa li a.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]