Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses and Aaron, saying: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di:
2 "Count the Kohathites among the Levites, by clan and ancestral house. Fè yon chif kontwòl a desandan Kehath yo pami fis Levit yo, selon fanmi pa yo, e selon lakay papa pa yo,
3 From thirty to fifty years old, all who enter the service to work in the tent of meeting. soti nan trantan oswa plis, menm jiska senkantan; tout moun ki antre nan sèvis pou fè travay a Tant Asanble a.
4 "This is the service of Kohath's sons in the tent of meeting: the most holy things. Sa se travay a desandan a Kehath yo nan Tant Asanble a, selon bagay ki sen pase tout bagay yo.
5 When the camp moves, Aaron and his sons take down the screening curtain and cover the ark of the testimony with it. Lè kan an pati, Aaron avèk fis li yo va antre ladann. Yo va fè desann vwal rido a, e yo va kouvri lach temwayaj la avèk li.
6 They are to cover it with fine leather, spread an all-blue cloth over that, and set its poles. Yo va kouvri li avèk po dofen, ouvri sou li yon twal, koulè ble pi, e pase fè poto antre nan wondèl yo.
7 "On the table of the Presence they'll spread a blue cloth, put the plates, dishes, bowls, and pouring jars on it; the regular bread stays on it. Sou tab a pen Prezans lan, yo va osi ouvri yon twal ble. Yo va mete sou li asyèt avèk bonm yo ak veso pou fè sakrifis yo, bokal pou ofrann bwason an, ak pen k ap la tout tan an, va sou li.
8 They are to spread a scarlet cloth over them, cover it with fine leather, and fit its poles. Yo va kouvri yo avèk yon twal wouj, yo va kouvri li avèk yon po dofen, e yo va fè poto yo antre pase nan wondèl yo.
9 "They will take a blue cloth, cover the lampstand of light, its lamps, tongs, trays, and all its oil vessels used to service it. Yo va pran yon twal ble, e yo va kouvri chandelye a pou limyè a, ansanm avèk lanp pa li yo, touf yo, asyèt li yo, ak veso lwil li yo, avèk sa yo konn okipe li yo.
10 They are to wrap it and all its vessels in fine leather and set it on the carrying frame. Yo va mete tout zouti li yo nan yon kouvèti po dofen, e yo va mete li nan poto ki fèt pou pote a.
11 "Over the golden altar they are to spread blue cloth, cover it with fine leather, and insert its poles. Sou lotèl an lò a, yo va mete yon twal ble. Yo va kouvri li avèk yon kouvèti po dofen, e yo va fè pase antre poto li yo nan wondèl yo.
12 They must take all the service utensils used in the sanctuary, put them in blue cloth, cover with fine leather, and place them on the pole. Yo va pran tout zouti a sèvis yo avèk sila yo fè sèvis nan sanktyè a. Yo va mete yo nan yon twal ble, kouvri yo avèk yon kouvèti po dofen, e mete yo sou ankadreman an.
13 "They are to remove the ashes from the altar and spread a purple cloth over it. Yo va retire sann dife ki sou lotèl la, e yo va kouvri lotèl la avèk yon twal mov.
14 On it they are to put all its serving vessels—firepans, forks, shovels, basins, all the altar's vessels—then spread over it a fine leather covering and insert its poles. Yo va anplis mete sou li tout zouti li yo avèk sila yo sèvi e ki gen korespondans avèk li; veso dife yo, fouch avèk pèl yo, ak basen yo, tout zouti lotèl la. Epi yo va fè l kouvri avèk yon po dofen, e fè poto li yo pase antre.
15 "When Aaron and his sons finish covering the holy things and all vessels of the holy place, and the camp sets out, Kohath's sons come to carry them, but they must not touch the holy things or die. These are Kohath's sons' burdens in the tent of meeting. Lè Aaron avèk fis li yo fin kouvri bagay sen yo avèk tout sa ki founi sanktyè yo, lè kan an prèt pou sòti, apre sa, fis Kehath yo va vini pou pote yo; men fòk yo pa touche bagay sen yo pou yo pa mouri. Sa yo se bagay nan Tant Asanble a ke fis Kehath yo va pote.
16 "Eleazar son of Aaron the priest is responsible for the lamp oil, fragrant incense, daily grain offering, and anointing oil—responsible for the whole tabernacle, everything in it, the sanctuary and its furnishings." Devwa a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, se lwil pou limyè a, lansan santi bon an, ofrann sereyal ki pa janm sispann nan ak lwil onksyon an—lesansyèl tabènak la avèk tout sa ki ladann yo, sanktyè a avèk sa ki founi li yo.
17 Our Father spoke to Moses and Aaron, saying: SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di:
18 "Do not let the tribe of the Kohathite clans be cut off from among the Levites. Pa kite tribi a Kehath yo vin koupe retire pami Levit yo.
19 Do this for them so they live and not die when they approach the most holy things: Aaron and his sons must enter, assigning each his task and burden. Men fè sa ak yo pou yo kapab viv, e pou yo pa mouri lè yo vin pwoche bagay ki sen pase tout bagay yo: Aaron avèk fis li yo va antre bay yo chak travay pa yo, avèk chaj yo;
20 But they must not go in and look at the holy things, even for a moment, or they will die." men yo pa pou antre pou wè sa ki sen an, menm pou yon moman, oswa yo va mouri.
21 Our Father spoke to Moses, saying: SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
22 "Take a census of the sons of Gershon also, by their fathers' houses and their clans. “Pran yon chif kontwòl nan fis Guerschon yo selon lakay papa pa yo, ak papa fanmi pa yo;
23 Count those thirty to fifty years old who serve, doing work at the tent of meeting. soti nan trantan oswa plis jiska senkantan, ou va konte yo; tout moun ki antre pou fè sèvis, pou fè travay nan Tant Asanble a.
24 "This is the service of the clans of the Gershonites, in serving and in carrying: “Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo, pou sèvi e pou pote:
25 They carry the tabernacle's curtains, the tent of meeting, its covering, the fine-leather covering over it, and the screen for the tent of meeting's entrance, Yo va pote rido a tabènak la, Tant Asanble a avèk kouvèti li, kouvèti po dofen ki sou li a, ak rido pòtay a Tant Asanble a,
26 the courtyard curtains, the entrance screen for the courtyard gate, surrounding tabernacle and altar, their cords, and all their service equipment—they are to do whatever these need. bagay pandye ki sou galeri a, rido a ki pou pòtay galeri a ki antoure tabènak la avèk lotèl la, kòd pa yo avèk tout bagay ki pou sèvis la; epi tout sa ki gen pou fèt, se yo ki pou fè l. Yo va sèvi andedan.
27 Aaron and his sons direct all the Gershonites' service—their carrying and duties; assign them all they must carry. Tout sèvis a fis Gèchonit yo, nan tout chaj ak tout travay yo, yo va fèt selon kòmand Aaron avèk fis li yo. Ou va dirije yo selon devwa yo nan tout chaj yo.
28 This is the service of the Gershonite clans at the tent of meeting, their duty under Ithamar son of Aaron the priest. Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo nan Tant Asanble a, e devwa yo va anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.
29 "As for the sons of Merari, you are to count them by their clans and their fathers' houses. “Selon fis Merari yo, ou va konte yo pa fanmi yo, pa lakay papa pa yo;
30 Count everyone thirty to fifty years old who enters the service to work at the tent of meeting. soti nan trantan oswa plis jis rive nan laj senkantan, ou va konte yo, yo chak ki antre pou fè sèvis Tant Asanble a.
31 This is their task, their service at the meeting tent: the frames, bars, posts, and bases of the tabernacle. Alò, se sa ki devwa pou chaj pa yo, pou tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a: planch a tabènak la avèk travès li yo, pilye li yo avèk baz reseptikal yo,
32 The courtyard's pillars all around, with their bases, pegs, and cords, all their equipment and service—assign by name what each must carry. pilye ki antoure galeri a ak baz reseptikal pa yo, pikèt ak kòd yo, avèk tout bagay pou sèvi ladann yo. Ou va chwazi chak moun pa non li, pou bagay ke li gen pou pote yo.
33 This is the Merarite clans' service in the Tent of Meeting, under Ithamar son of Aaron the priest." Sa se sèvis fanmi a fis Merari yo selon tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a, anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.”
34 So Moses, Aaron, and the leaders of the congregation counted the sons of the Kohathites by their clans and their families, Alò, Moïse ak Aaron avèk chèf asanble yo te konte fis Koatit yo selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo,
35 thirty to fifty years old, all who joined the service for work in the tent of meeting. soti nan trantan anplis menm pou rive nan senkantan, tout sila ki te antre sèvis pou travay nan Tant Asanble a.
36 Those counted by their clans were 2,750. Mesye pa yo ki te konte pa fanmi pa yo se te de-mil-sèt-san-senkant (2,750).
37 The count of Kohathite clans, all who served in the tent of meeting, whom Moses and Aaron counted at our Father's command through Moses. Sila yo se mesye yo ki te konte pami fis Koatit yo, tout sila ki t ap sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
38 Those counted of the sons of Gershon, by their clans and their fathers' houses, Mesye konte pa fis Gèchonit yo pa fanmi pa yo e pa lakay fanmi pa yo,
39 from thirty to fifty years old, all who entered service work at the tent of meeting. soti nan trantan oswa plis menm jiska laj senkantan, tout sila ki te antre nan travay nan Tant Asanble a.
40 Those counted by their clans and their fathers' houses were 2,630. Mesye ki te konte pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo se te de-mil-sis-san-trant (2,630).
41 These were counted from the Gershonite clans, all who served in the tent of meeting, whom Moses and Aaron counted at our Father's command. Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Guerschon yo, tout sila ki te sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman a SENYÈ a.
42 Those counted of the clans of the sons of Merari, by their clans and their fathers' houses, Mesye konte nan fanmi a fis Merari yo pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo,
43 from age thirty to fifty, all who entered service for work in the tent of meeting, soti nan trantan oswa plis, jis rive nan laj senkantan, tout moun ki te antre nan sèvis pou fè travay nan Tant Asanble a.
44 those counted by their clans were 3,200. Mesye ki te konte pa fanmi pa yo se te twa-mil-de-san (3,200).
45 These were counted of the clans of Merari's sons, whom Moses and Aaron counted at our Father's command through Moses. Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Merari yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
46 All those whom Moses, Aaron, and Israel's leaders counted among the Levites, by clans and ancestral houses. Tout mesye konte a Levit yo, ke Moïse avèk Aaron ak chèf Israël yo te konte selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo,
47 From thirty to fifty years old, everyone who served and carried loads in the tent of meeting. soti nan trantan oswa plis jiska senkantan, tout moun ki te konn antre pou fè travay sèvis ak travay pote nan Tant Asanble a.
48 Those counted were 8,580. Mesye konte yo te ui-mil-senk-san-katreven (8,580).
49 By our Father's command, Moses appointed each to his service and burden, and counted them, as our Father commanded Moses. Selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse, yo te konte, yo chak selon sèvis oswa pote yo te fè. Konsa sila yo se te mesye ki te konte yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]