Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 31 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father said to Moses, Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
2 "Avenge the Israelites against the Midianites; afterward you will be gathered to your people." Pran vanjans konplè pou fis Israël yo kont Madyanit yo. Apre, ou va rasanble anvè pèp ou a.
3 So Moses told the people, "Arm men from among you for war, to go against Midian and carry out our Father's justice on Midian. Moïse te pale avèk pèp la e te di: “Bay gason pami nou yo zam pou fè lagè; pou yo kapab sòti kont Madian pou egzekite vanjans SENYÈ a kont Madian.
4 You are to send 1,000 from each of the tribes of Israel to the war." Yon milye ki soti nan chak tribi a tout tribi Israël yo, nou va voye yo nan lagè.”
5 So from Israel's thousands, 1,000 per tribe were supplied—12,000 armed for war. Konsa, te vin disponib soti nan milye an Israël, yon milye soti nan chak tribi, douz mil avèk zam prepare pou lagè.
6 Moses sent them to war, 1,000 from each tribe, with Phinehas son of Eleazar the priest, carrying the holy articles of the sanctuary and the signal trumpets in his hand. Moïse te voye yo, yon milye sòti nan chak tribi nan lagè, e Phinées, fis Éléazar a, prèt la, nan lagè avèk yo, avèk veso sen ak twonpèt yo pou sone alam ki nan men l lan.
7 They waged war against Midian, as our Father had commanded Moses, and they killed every male. Konsa, yo te fè lagè kont Madian, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, e yo te touye tout gason yo.
8 They killed the kings of Midian among the slain—Evi, Rekem, Zur, Hur, and Reba, Midian's five kings—and killed Balaam son of Beor with the sword. Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye Balaam fis a Beor a avèk nepe.
9 The people of Israel captured Midian's women and children, and plundered all their livestock, flocks, and goods. Fis a Israël yo te pran an kaptif fanm a Madian avèk timoun piti yo, tout bèf yo avèk tout bann bèt yo ak tout byen yo te piyaje yo.
10 They burned with fire all the cities where they lived and all their camps, Yo te brile tout vil kote yo te rete yo ak tout kan yo avèk dife.
11 and they took all the spoil and all the plunder, both people and animals. Yo te piyaje ak tout sila ki te pran an kaptif yo, ni moun, ni bèt.
12 They brought the captives, plunder, and spoil to Moses, Eleazar the priest, and Israel's whole assembly, at the camp on Moab's plains by the Jordan, across from Jericho. Yo te mennen kaptif yo avèk bèt yo avèk sa yo piyaje yo bay Moïse ak Éléazar, prèt la ak bay kongregasyon fis Israël yo, nan kan nan plèn Moab la, ki akote Jourdain an anfas Jéricho.
13 Moses, Eleazar the priest, and all the assembly's leaders went to meet them outside the camp. Moïse avèk Éléazar, prèt la ak tout chèf ki nan kongregasyon yo te ale deyò kan an pou rankontre yo.
14 But Moses was angry with the army's officers, commanders of thousands and commanders of hundreds, who returned from the battle. Moïse te fache avèk ofisye lame a, kapitèn a dè milye ak kapitèn dè santèn ki te sòti nan sèvis lagè yo.
15 Moses said to them, "Have you let all the women live? Moïse te di yo: “Èske nou te bay tout fanm yo lavi?
16 Look, these women, on Balaam's advice, led Israel to betray our Father in the Peor incident, bringing the plague on the congregation of our Father. Gade byen, sila yo te fè fis Israël yo avèk konsèy Balaam nan vin peche kont SENYÈ a nan zafè Peor a; konsa, gwo epidemi te vin pami kongregasyon SENYÈ a.
17 Now kill every male child, and kill every woman who has slept with a man. Pou sa, touye tout gason pami pitit yo, e touye tout fanm ki gen tan fin kouche avèk gason.
18 But keep alive for yourselves every young girl who has not slept with a man. Men tout fi ki poko konnen gason, konsève yo pou nou menm.
19 Stay outside the camp seven days. Anyone who killed someone or touched a corpse must purify themselves on the third day and the seventh—you and your captives. “Epi nou menm, fè kan deyò kan an pandan sèt jou; nenpòt moun ki te touye yon moun, e nenpòt moun ki te touche yon mò, pirifye tèt nou, nou menm avèk kaptif nou yo, nan twazyèm jou ak nan setyèm jou a.
20 Purify every garment, every leather article, everything made of goats' hair, and every wood article." Nou va pirifye tèt nou, tout rad nou yo, tout bagay ki fèt an kwi, tout travay an po kabrit ak tout bagay an bwa.”
21 Eleazar the priest told the soldiers who had gone to war, "This is the statute of the law our Father commanded Moses: Alò, Éléazar, prèt la, te di a mesye lagè ki te ale nan batay yo: “Sa se règleman a lalwa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la:
22 only the gold, the silver, the bronze, the iron, the tin, and the lead. sèlman lò avèk ajan, avèk bwonz, fè, fè blan ak plon,
23 Everything that can withstand fire, pass through the fire—it becomes clean. But it must also be purified with water of purification. Whatever can't withstand fire, pass through the water. tout sa ki kapab sipòte dife, nou va fè pase nan dife, e li va vin pwòp; men li va pirifye avèk dlo pirifikasyon an. Men nenpòt sa ki pa kab sipòte dife, nou va pase yo nan dlo.
24 Wash your clothes on the seventh day, and you'll be clean; then you may enter the camp." Epi nou va lave rad nou nan setyèm jou a pou nou vin pwòp; epi apre, nou kapab antre nan kan an.”
25 Our Father said to Moses, Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di:
26 "You, Eleazar the priest, and the family heads of the community, count the plunder taken, people and animals. “Ou menm avèk Éléazar, prèt la, chèf a lakay zansèt yo nan kongregasyon an, pran kontwòl de sa ki te pran an kaptif yo, ni lòm, ni bèt;
27 Divide the plunder into two: between the fighters who went to battle and the whole congregation. epi divize piyaj la antre gèrye ki te sòti nan batay yo ak tout kongregasyon an.
28 From the soldiers who went out to battle, take a tax for me: one in 500—people, cattle, donkeys, and flocks. Fè ranmase yon taks ki pou SENYÈ a sou gèrye ki te soti nan batay yo, youn nan chak senk san moun ke yo te pran an kaptif yo, nan bèf, nan bourik ak nan mouton;
29 Take it from their half and give it to Eleazar the priest as a contribution to me. pran li nan mwatye pa yo, e bay li a Éléazar, prèt la, kòm yon ofrann bay SENYÈ a.
30 From the Israelites' half, take one in fifty—from the people, cattle, donkeys, flocks, and all the animals—and give them to the Levites who keep charge of my tabernacle." Soti nan mwatye fis Israël yo, ou va pran youn ki sòti nan chak senkant moun, nan bèf, nan bourik ak nan mouton, nan tout bèt; epi bay yo a Levit ki responsab lòd nan tabènak SENYÈ a.”
31 Moses and Eleazar the priest did as our Father had commanded Moses. Moïse avèk Éléazar, prèt la, te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
32 The plunder remaining from the spoil that the army had taken was 675,000 sheep, Alò, piyaj ki te rete nan byen ke mesye lagè yo te piyaje a te si-mil-swasann-kenz (675,000) mouton,
33 72,000 cattle, swasann-douz-mil (72,000) bèf,
34 61,000 donkeys, swasanteyen-mil (61,000) bourik,
35 and 32,000 persons in all—the women who had not slept with a man. epi nan Kretyen kaptif yo, fanm ki pa t janm konnen gason yo, tout moun te trann-de-mil (32,000).
36 The half belonging to those who had gone out to war numbered 337,500 sheep, Mwatye a, pati a sila ki te ale nan lagè yo te konsa: kantite mouton yo te: twa-san-trann-sèt-mil-senk-san,
37 and the tribute to our Father from the sheep was 675. taks SENYÈ a te sis-san-swasann-kenz (675);
38 The cattle were 36,000, of which the tribute to our Father was 72. bèf yo te trann-si-mil (36,000), ladann taks la te swasann-douz (72);
39 The donkeys were 30,500, of which the tribute to our Father was 61. bourik yo te trant-mil-senk-san (30,500), ladan yo taks SENYÈ a te swasanteyen (61);
40 The persons were 16,000, of which the tribute to our Father was 32. moun vivan yo te sèz-mil (16,000), ladan yo taks SENYÈ a te trann-de (32) moun.
41 Moses gave the tribute, our Father's contribution, to Eleazar the priest, as our Father commanded him. Moïse te bay taks la, ofrann SENYÈ a Éléazar, prèt la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
42 As for the Israelites' half, which Moses had set apart from that of the men who fought, Epi pou mwatye a fis Israël yo, ke Moïse te retire nan men mesye ki te ale nan lagè yo——
43 the congregation's half was 337,500 sheep, Mwatye kongregasyon an te twa-san-trann-sèt-mil-senk-san (337,500) mouton,
44 36,000 cattle, trann-si-mil (36,000) bèf,
45 30,500 donkeys, trant-mil-senk-san (30,500) bourik,
46 and 16,000 persons. moun vivan yo te sèz-mil (16,000)
47 From the Israelites' half, Moses took one of every fifty—people and animals—and gave them to the Levites in charge of our Father's tabernacle, as our Father had commanded Moses. epi soti nan mwatye fis Israël yo, Moïse te retire nan chak senkant, ni nan lòm ak nan bèt yo, e li te bay yo a Levit yo, ki te kenbe lòd nan tabènak SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
48 The officers over the army's units, the commanders of thousands and hundreds, came to Moses, Alò, ofisye ki te sou dè milye nan lame yo, kapitèn a dè milye e kapitèn a dè santèn yo te apwoche Moïse,
49 and said to him, "Your servants counted the fighting men under our command; not one of us is missing. epi yo te di a Moïse: “Sèvitè nou yo te pran kontwòl a mesye lagè ki sou chaj nou yo, e nanpwen pèsòn pami nou ki pa la.
50 So we've brought our Father an offering—each man's find: gold articles, armlets, bracelets, signet rings, earrings, beads—to atone for ourselves before our Father." Konsa, nou vin pote yon ofrann bay SENYÈ a sou sa ke chak moun te twouve, bagay an lò, chenèt, braslè, bag, zanno ak kolye, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a.”
51 Moses and Eleazar the priest received from them the gold, all the crafted articles. Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò pa yo, tout kalite bagay ki fonn.
52 All the gold of the contribution that they presented to our Father, from the commanders of thousands and the commanders of hundreds, came to about 420 pounds. Tout lò pou ofrann, yo te ofri devan SENYÈ a, soti nan kapitèn dè milye ak kapitèn dè santèn yo, se te sèz-mil-sèt-san-senkant (16,750) sik.
53 The men of war had each taken plunder for himself. Mesye lagè yo te pran piyaj la, chak nonm pou kont li.
54 Moses and Eleazar the priest took the gold from the commanders of thousands and hundreds and brought it into the tent of meeting as a reminder for the Israelites before our Father. Konsa, Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò kapitèn dè milye ak dè santèn yo, e yo te pote li nan tant asanble a kòm yon souvni a fis Israël yo devan SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]