Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 32 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The sons of Reuben and sons of Gad had vast herds of livestock. Seeing the land of Jazer and land of Gilead, they noticed it suited livestock well. Alò, fis Ruben yo avèk fis Gad yo te gen vrèman yon gran kantite bèt. Konsa, lè yo te wè teren nan Jaezer a ak peyi a Galaad la, ke li te vrèman yon kote ki bon pou bèt.
2 The sons of Gad and sons of Reuben came and said to Moses, to Eleazar the priest, and to the community's leaders: Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te vin pale avèk Moïse ak Éléazar, prèt la, avèk chèf kongregasyon an. Yo te di yo,
3 "Ataroth, Dibon, Jazer, Nimrah, Heshbon, Elealeh, Sebam, Nebo, and Beon, “Atharoth, Dibon, Jaezer, Nimra, Hesbon Elealé, Sebam, Nebo ak Beon,
4 the land our Father struck down before Israel's community—is land for livestock, and your servants have livestock." peyi ke SENYÈ a te bat devan kongregasyon Israël yo, se yon peyi ki pou pran swen bèt, e sèvitè ou yo gen bèt.”
5 They said, "If we have found favor in your eyes, give this land to your servants as a possession. Don't make us cross the Jordan." Yo te di: “Si nou twouve favè nan zye ou, kite peyi sa a vin bay a sèvitè ou yo kòm yon posesyon. Pa mennen nou lòtbò Jourdain an.”
6 Moses said to the sons of Gad and Reuben, "Should your brothers go to war while you sit here? Men Moïse te di a fis Gad yo e a fis Ruben yo: “Èske frè nou yo va ale nan lagè, pou nou menm rete chita isit la?
7 Why discourage Israel from crossing into the land our Father has given them? Koulye a, poukisa nou ap dekouraje fis Israël yo travèse lòtbò a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a?
8 This is what your fathers did when I sent them from Kadesh-barnea to see the land. Se sa ke papa nou yo te fè lè mwen te voye yo sòti nan Kadès-Barnéa pou wè peyi a.
9 They went up to the Valley of Eshcol, saw the land, then discouraged the Israelites' hearts from entering the land our Father had given them. Paske, lè yo te monte nan vale Eschcol pou te wè peyi a, yo te dekouraje fis Israël yo jiskaske yo pa t antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a.
10 And our Father's anger burned that day, and he swore an oath, saying, “Konsa, kòlè SENYÈ a te brile nan jou sa a, Li te sèmante, e te di:
11 surely the men who came up from Egypt, twenty years old and up, will not see the land I swore to give to Abraham, to Isaac, and to Jacob—because they did not fully follow me. ‘Okenn nan mesye sa yo ki monte kite Égypte, ki gen laj plis ke ventan p ap wè peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob la; paske yo pa t swiv Mwen nèt,
12 None but Caleb son of Jephunneh the Kenizzite and Joshua son of Nun, for they fully followed our Father. sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’
13 The anger of our Father burned against Israel; he made them wander the wilderness forty years until the whole generation that had done evil before our Father had died. Konsa, chalè a SENYÈ a te brile kont Israël, e Li te fè yo vin egare nan dezè a pandan karantan, jiskaske tout jenerasyon sa a pami sila ki te fè mal nan zye SENYÈ a yo, te vin detwi.
14 Now you have risen up in place of your fathers, a brood of sinners, adding still more to our Father's fierce anger against Israel! “Koulye a, veye byen, nou te vin leve nan plas papa nou yo, yon nich moun plen peche, pou vin mete menm plis sou kòlè SENYÈ a kont Israël.
15 If you turn from following him, he will leave them in the wilderness once again, and you will destroy all this people." Paske si nou vire akote, e nou pa swiv Li, Li va, yon fwa, ankò abandone yo nan dezè a; epi nou va detwi tout pèp sa yo.”
16 They came to him and said, "We'll build pens here for our livestock and cities for our children. Alò, yo te vin pwoche li e te di: “Nou va bati isit la pak mouton pou bèt nou yo ak vil pou pitit nou yo;
17 But we will arm ourselves, ready to go ahead of the Israelites until we bring them to their place, while our children stay in fortified cities, safe from those living in the land. men nou, nou menm, nou va pran zam tou prepare pou ale devan fis Israël yo, jiskaske nou enstale yo nan plas yo. Pandan pitit nou yo ap viv nan vil fòtifye akoz sila k ap viv nan peyi yo.
18 We will not return home until every Israelite has taken his inheritance. Nou p ap retounen lakay nou jiskaske chak moun nan fis Israël yo gen tan posede eritaj pa yo.
19 We won't inherit with them across the Jordan and beyond, since our inheritance has come to us on this side of the Jordan, to the east." Paske nou p ap gen yon eritaj avèk yo lòtbò Jourdain an, oswa pi lwen, paske eritaj pa nou an te tonbe bannou nan kote Jourdain a sila a, vè lès la.”
20 Moses said to them, "If you do this—if you arm yourselves before our Father for the war, Konsa Moïse te di yo: “Si nou va fè sa, si nou va pran zam nou yo devan SENYÈ a pou fè lagè a,
21 and every armed man among you crosses the Jordan before our Father until he drives out his enemies from before him, epi nou tout mesye avèk zam yo travèse Jourdain a devan SENYÈ a jiskaske Li pouse lènmi Li yo soti devan Li,
22 and the land is subdued before our Father, afterward you may return and be free of obligation to him and to Israel, and this land will be your possession before our Father. epi peyi a vin anba kontwòl devan SENYÈ a. Alò, apre nou va retounen, lib de angajman yo vè SENYÈ a, ak vè Israël. Konsa, peyi sila a va pou nou kòm yon posesyon devan SENYÈ a.
23 But if you don't do this, look—you will have sinned against our Father, and know: your sin will overtake you. “Men si nou pa fè sa, veye byen, nou te peche kont SENYÈ a, e fòk nou konnen ke peche nou va vin jwenn nou.
24 Build cities for your little ones, pens for your flocks, and do what your mouth has promised." Bati pou nou menm gran vil pou pitit nou yo, pak pou mouton nou yo, e fè sa ke nou te pwomèt yo.”
25 The sons of Gad and Reuben said to Moses, "Your servants will do as my lord commands. Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te pale avèk Moïse. Yo te di: “Sèvitè ou yo va fè ojis sa ke mèt mwen kòmande yo a.
26 Our children, wives, flocks, and all our herds will stay there in the cities of Gilead, Pitit nou yo, madanm nou yo, ak bèt nou yo va rete nan vil Galaad yo;
27 but your servants, every man armed for war, will cross before our Father to battle, as my lord says." pandan sèvitè ou yo, chak ki gen zam pou fè lagè, va travèse lòtbò nan prezans SENYÈ a pou batay la, jis jan ke mèt mwen pale.”
28 So Moses commanded Eleazar the priest, Joshua son of Nun, and the clan leaders of Israel's tribes about them. Konsa, Moïse te pase lòd konsènan yo a Éléazar, prèt la, a Josué, fis a Nun nan, e a chèf lakay papa zansèt yo, a tribi a fis Israël yo.
29 Moses said to them, "If Gad's and Reuben's sons cross the Jordan with you, every man armed for battle before our Father, and the land is subdued before you, then give them Gilead as their possession. Moïse te di yo: “Si fis a Gad avèk fis a Ruben yo, tout sila ki te pran zam pou batay yo, va travèse avèk nou lòtbò Jourdain an nan prezans SENYÈ a, e peyi a vin soumèt devan nou, alò nou va ba yo peyi a Galaad la kòm yon posesyon.
30 But if they won't cross over armed with you, they must take possession among you in the land of Canaan." Men si yo refize travèse avèk nou avèk zam yo, yo va genyen posesyon yo pami nou nan peyi Canaran.”
31 Gad's and Reuben's sons answered, "We will do as our Father told your servants. Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te reponn e te di: “Jan SENYÈ a te pale a sèvitè ou yo, konsa nou va fè.
32 We ourselves will cross armed before our Father into the land of Canaan, and our inherited possession will remain ours beyond the Jordan." Nou menm, nou va travèse lòtbò avèk zam yo nan prezans SENYÈ a, nan peyi Canaran, e posesyon eritaj nou va rete avèk nou lòt kote Jourdain an.”
33 Moses gave to them—the sons of Gad, the sons of Reuben, and the half-tribe of Manasseh son of Joseph—the kingdom of Sihon king of the Amorites and the kingdom of Og king of Bashan: the land, its cities, the territories, and the cities of the country around. Konsa, Moïse te bay yo, fis a Gad avèk fis a Ruben yo, mwatye tribi fis a Joseph la, Manassé, wayòm a Sihon, wa a Amoreyen yo, wayòm a Og la, wa a Basan an, peyi a avèk vil pa yo, teritwa pa yo, vil a teritwa ki te antoure yo.
34 And the sons of Gad built Dibon, Ataroth, Aroer, Fis a Gad yo te bati Dibon avèk Ataroth ak Aroër,
35 Atroth-shophan, Jazer, Jogbehah, Atroth-Schophan, Jaezer, Jogbetha,
36 Beth-nimrah, and Beth-haran—fortified cities and pens for sheep. Beth Nimra avèk Beth Haran, kòm vil byen fòtifye ak pak pou mouton.
37 And the sons of Reuben built Heshbon, Elealeh, Kiriathaim, Fis a Ruben yo te bati Hesbon, Elealé, avèk Kirjathaïm,
38 Nebo, Baal-meon (renamed), and Sibmah—they gave the cities they rebuilt new names. Nebo avèk Baal-Meon——non ki te chanje yo—ak Sibma, e yo te bay lòt non a vil ke yo te bati yo.
39 Sons of Machir son of Manasseh went to Gilead, captured it, and drove out the Amorites living there. Fis a Makir yo, fis a Manassé yo te ale Galaad pou te pran li, e yo te deplase Amoreyen ki te rete ladann yo.
40 So Moses gave Gilead to Machir son of Manasseh, and he settled in it. Konsa, Moïse te bay Galaad a Makir, fis a Manassé a, e li te viv ladann.
41 And Jair son of Manasseh went and captured their villages, and called them Havvoth-jair. Jaïr, fis a Manassé a te ale pran vil li yo, e li te rele yo Havvoth-jaïr.
42 And Nobah went and captured Kenath and its villages, and called it Nobah, after his own name. Nobach te ale pran Kenath avèk vil pa li yo, e li te rele li Nobach selon pwòp non pa li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]