Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 30 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Moses told Israel's tribal heads: This is what our Father commanded. Alò, Moïse te pale a chèf a tribi fis Israël yo. Li te di: “Sa se pawòl ke SENYÈ a te kòmande a.
2 When a man vows a vow to our Father, or swears an oath binding himself with a pledge, he must not break his word; he must do all his mouth has spoken. Si yon nonm fè yon ve a SENYÈ a, oswa fè yon sèman ki mare li ak yon angajman, li pa pou vyole pawòl li. Li va fè li an akò avèk tout sa ki sòti nan bouch li.
3 If a woman vows a vow to our Father and binds herself by a pledge while young, living in her father's house, “Osi, si yon fanm fè yon ve a SENYÈ a, e li mare li ak yon angajman lakay papa li, pandan jenès li,
4 when her father hears her vow and pledge binding her, and says nothing to her, all her vows and every pledge binding her stand. epi papa li te tande ve li a, angajman pa sila li te mare tèt li a, e papa li pa di li anyen, alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, yo va kanpe.
5 But if her father forbids her the day he hears, none of her vows or bonds she bound herself with will stand; our Father will forgive her, because her father forbade her. Men si papa li ta anpeche li nan jou ke li tande sa a, okenn nan ve sa yo ni angajman pa sila li te mare tèt li yo, p ap kanpe. SENYÈ a va padone li akoz ke papa li te anpeche li.
6 If she marries while under her vows, or under a rash promise she has made, “Si li ta marye pandan li anba ve oswa sèman a bouch li ki te manke sajès la, pa sila li te vin mare tèt li a,
7 and her husband hears of it and stays silent to her on the day he hears, her vows stand, and the bonds she bound herself with stand. epi mari li tande sa e li pa di anyen a li menm nan jou ke li tande sa a; alò, ve li a va kanpe, e angajman pa sila li te mare tèt li a, va kanpe.
8 But if her husband forbids her the day he hears, he cancels the vow binding her and the rash promise she made; and our Father will forgive her. Men si nan jou ke mari li tande sa a, li anpeche li; alò, li va anile ve ke li anba li a, ak sèman ki te manke sajès pa sila li te mare tèt li a. SENYÈ a va padone li.
9 But a widow's or divorced woman's vow—everything she bound herself to—stands against her. “Men yon ve pa yon vèv, oswa yon fanm divòse, tout sa pa sila li te mare tèt li a, va vin kanpe kont li.
10 If she vowed in her husband's house, or bound herself by a pledge under oath, “Si li te fè ve a lakay mari li, oswa li te mare tèt li pa yon angajman avèk yon sèman,
11 and her husband heard it, said nothing to her, and did not forbid her—so all her vows stand, and every pledge by which she bound herself stands. epi mari li te tande sa; men pa t di anyen a li menm, e li pa t anpeche li; alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, va vin kanpe.
12 But if her husband nullifies them the day he hears, nothing she said—her vows or the pledge binding her—will stand: he has nullified them, and our Father will forgive her. Men si, vrèman, mari li anile yo nan jou ke li tande yo a; alò, okenn ve oswa angajman ki sòti nan lèv li, p ap kanpe. Mari li te anile yo. SENYÈ a va padone li.
13 Any vow and any binding oath to humble herself, her husband may confirm or nullify it. Nenpòt ve oswa nenpòt sèman pa sila li te mare tèt li a, mari li kapab aksepte li, oswa mari li kapab anile li.
14 But if her husband stays silent to her from day to day, he confirms all her vows or obligations binding her; he confirms them, because he stayed silent to her on the day he heard them. Men si mari li, vrèman, pa di anyen a li menm de jou an jou; alò, li te aksepte li. Paske li pa di anyen a li menm nan jou ke li te tande yo a.
15 But if he nullifies them after he has heard them, then he will bear her guilt. Men si li, vrèman, anile yo apre li te tande yo a; alò, mari a va pote koupabilite chaj li.”
16 These are the rules our Father commanded Moses, between a man and his wife, between a father and his young daughter still in his house. Sa yo se règleman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, antre yon mesye ak madanm li, oswa antre yon papa ak fi ki nan laj jenès li, ki te viv lakay papa li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]