Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Nehemiah 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now there arose a great outcry from the people and their wives against their fellow Jews. Alò, te gen yon gwo kriye a moun sa yo avèk madanm pa yo kont frè Jwif parèy yo.
2 Some said, "We, our sons and daughters, are many; let us get grain to eat and live." Paske te gen nan yo ki te di: “Nou menm, fis nou yo avèk fi nou yo anpil; pou sa, kite nou jwenn sereyal pou nou kab manje e viv.”
3 Others said, "We're mortgaging our fields, vineyards, and houses to get grain in the famine." Te gen lòt ki te di: “Nou ap prete kòb kont chan nou yo, chan rezen yo, avèk kay nou yo pou nou kab twouve sereyal pou nou manje akoz gwo grangou a.”
4 Others said, "We've borrowed money for the king's tax on our fields and vineyards. Anplis, te gen ki te di: “Nou te prete lajan kont chan nou avèk chan rezen nou yo pou peye taks a wa a sou chan avèk chan rezen yo.
5 We are flesh of our own brothers, our children like theirs—yet we're forcing our sons and daughters into slavery. Some daughters are already enslaved, and we're powerless: our fields and vineyards belong to others." Alò, chè nou se menm ak chè a frè nou yo, pitit pa nou yo kon pa yo. Sepandan, nou ap fòse fè fis nou yo avèk fi nou yo vin esklav, gen nan yo ki deja mare ladann e nou san sekou, akoz chan nou avèk chan rezen nou yo vin pou yon lòt moun.”
6 I became very angry when I heard their outcry and these words. Epi mwen te byen fache lè mwen te tande kriye ak pawòl sila yo.
7 I thought it over, then confronted the nobles and officials: "Each of you is charging interest on loans to your own brothers!" So I called a great assembly against them. Mwen te konsilte avèk tèt mwen, e mwen te kanpe fèm ak gwo chèf yo, avèk gwo moun yo epi te di yo: “Nou ap egzije enterè, soti nan men frè nou yo!” Akoz sa, mwen te reyini yon gran asanble kont yo.
8 I told them, "We've done what we could to buy back our Jewish brothers sold to other nations. Now you're selling your own brothers, only for them to be sold back to us!" They fell silent, with nothing to say. Mwen te di yo: “Nou menm, selon kapasite nou, te rachte Jwif frè parèy nou yo ki te vann a lòt nasyon yo; alò koulye a, èske nou ta menm vann frè nou yo pou yo ta kab vin vann a nou menm?” Yo te rete an silans e pa t kab twouve yon pawòl pou pale.
9 So I said, "What you're doing is not good. Shouldn't you walk in fear of our Father, to avoid the taunts of our enemy nations? Ankò, mwen te di: “Bagay ke n ap fè a pa bon! Èske nou pa ta dwe mache nan lakrent Bondye nou an pou evite repwòch a lòt nasyon yo, lènmi nou yo?
10 My brothers, my servants, and I also lend them money and grain. Let's stop this interest. Epi anplis, mwen menm ak frè mwen yo ap prete yo lajan avèk sereyal. Souple, sispann mande enterè sa a.
11 Return their fields, vineyards, olive groves, and houses today, plus the interest you've charged them on money, grain, new wine, and oil." Souple, remèt yo nan menm jou sa a, chan yo, chan rezen yo, chan oliv yo, avèk kay yo, avèk santyèm pati nan lajan, nan sereyal, diven nèf, avèk lwil ke nou ap egzije de yo.”
12 They replied, "We will return it and demand nothing more from them. We will do as you say." So I summoned the priests and made the nobles swear to keep this promise. Epi yo te di: “Nou va remèt li e nou p ap mande yo anyen. N ap fè ojis tout sa ke ou di yo.” Konsa, mwen te rele prèt yo e te pran yon sèman soti nan yo pou yo ta fè selon sa ke yo te pwomèt yo.
13 I also shook out the fold of my robe and said, "May our Father shake out, from his house and property, every man who fails to keep this promise—shaken out and left empty." The whole assembly said, "Amen," and praised our Father. And the people did as promised. Anplis, mwen te souke pati devan vètman mwen epi te di; “Se konsa ke Bondye ta souke retire sou chak moun oswa se lakay li, oswa byen pa li, sila ki pa akonpli pwomès sa a; menm konsa pou l ta souke vide.” Epi tout asanble a te di: “Amen!” Epi yo te fè lwanj a SENYÈ a. Konsa, pèp la te fè selon sa yo te pwomèt yo.
14 From the day I was appointed governor of Judah—from King Artaxerxes' twentieth year to his thirty-second, twelve years—neither I nor my brothers ate the governor's food allowance. Anplis, soti nan jou sa a mwen te chwazi kon gouvènè sou yo nan peyi Juda, soti nan ventyèm ane a jis rive nan trann-dezyèm ane a Wa Artexarxès la, pandan douzan, ni mwen ni moun fanmi parèy a mwen, yo pa t manje nan pati nan manje prevwa pou gouvènè a.
15 But the earlier governors before me burdened the people, taking food and wine from them, besides about a pound of silver. Even their servants ruled over the people. But I did not do that, because I feared our Father. Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye.
16 I also held to the work on this wall; we bought no land. All my servants gathered there for the work. Anplis, mwen te aplike mwen a travay sou miray la. Nou pa t achte okenn teren e sèvitè pa m yo te toujou rasanble la pou travay la.
17 150 Jews and officials also ate at my table, besides those from the surrounding nations. Toujou te gen sou tab mwen san-senkant Jwif avèk chèf yo, anplis, sila ki te vin kote nou soti nan nasyon ki te antoure nou yo.
18 Each day's provisions: one ox, six choice sheep, and birds—all prepared at my expense; every ten days, wine of every kind in plenty. Even so, I did not claim the governor's food allowance, since the labor weighed heavily on this people. Alò, sa ki te prepare chak jou yo se te yon gwo bèf avèk sis mouton nan meyè kalite, zwazo ki te prepare pou mwen; epi yon fwa chak di jou, tout kalite diven an abondans. Men pou tout sa, mwen pa t mande nan taks prevwa pou gouvènè a, akoz chaj la te lou sou pèp sa a.
19 Remember me for good, my Father, for all that I have done for this people. Sonje mwen, O Bondye mwen avèk bonte Ou, pou tout sa ke m te fè pou pèp sa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]