Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Nehemiah 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Sanballat heard that we were rebuilding the wall, he was furious and seething with rage, and he ridiculed the Jews. Alò, li te vin rive ke lè Sanballat te tande ke nou t ap rebati miray la, li te vin anraje nèt, byen fache e te moke Jwif yo.
2 He said in front of his brothers and the army of Samaria, "What are these feeble Jews doing? Will they restore the wall for themselves? Will they offer sacrifices? Will they finish in a single day? Can they bring stones back to life out of the heaps of rubble, charred as they are?" Li te pale nan prezans a frè li yo avèk Samariten rich yo. Li te di: “Se kisa Jwif san kapasite ak fòs sa yo ap fè la a? Èske y ap restore li pou kont yo? Èske yo kab ofri sakrifis? Èske yo kab fin fè l nan yon jounen? Èske yo kab restore wòch yo soti nan ranblè plen pousyè a; menm sa ki te brile yo?”
3 Tobiah the Ammonite was beside him, and he said, "That stone wall they are building—even if a fox climbed up on it, he would break it down!" Alò, Tobija, Amonit lan, te toupre li. Li te di: “Menm sa y ap bati, si yon rena ta vòltije ladann, li ta kraze wòch miray yo!”
4 Hear us, our Father, for we are despised. Turn their taunts back on their own heads, and hand them over as plunder to a land of exile. Tande, O Bondye pa nou an, kijan nou meprize! Fè repwòch pa yo retounen sou pwòp tèt yo, e livre yo pou yo ta vin piyaje nan yon peyi an kaptivite.
5 Do not overlook their guilt, and do not let their sin be wiped from your sight, for they have hurled insults in the face of the builders. Pa padone inikite yo, e pa kite peche yo efase devan Ou, paske yo te dekouraje ouvriye ki t ap bati yo.
6 So we rebuilt the wall until all of it was joined together to half its height, for the people worked with all their heart. Konsa, nou te bati miray la, e tout miray la te jwenn ansanm jis rive nan mwatye wotè li, paske pèp la te gen tèt ansanm pou travay la.
7 But when Sanballat, Tobiah, the Arabs, the Ammonites, and the Ashdodites heard that the repairs to Jerusalem's walls were making progress and the gaps were beginning to close, they were filled with rage. Alò, lè Sanballat, Tobija, Arab yo, Amonit ak Ashdodit yo te tande ke reparasyon miray Jérusalem yo te kontinye, e ke brèch yo te kòmanse fèmen yo te byen fache.
8 They all plotted together to come and fight against Jerusalem and to throw it into confusion. Yo tout ansanm te fè konplo pou vin goumen kont Jérusalem, e pou fè zen ladann.
9 But we prayed to our Father and posted a guard against them day and night. Men nou te priye a Bondye nou an e akoz yo menm, nou te plase yon gad pou anpeche yo lajounen kon lannwit.
10 Meanwhile the people of Judah said, "The workers are losing their strength, and there is so much rubble that we cannot rebuild the wall." Konsa, nan Juda yo t ap di: “Fòs a sila ki pote chaj yo ap febli, Malgre, toujou gen anpil fatra; Epi nou menm pou kont nou, P ap kab rebati miray la.”
11 And our enemies said, "Before they know it or see us, we will be right among them; we will kill them and put an end to the work." Lènmi nou yo t ap di: “Yo p ap konnen ni wè jiskaske nou vini pami yo, touye yo e mete fen nan travay la.”
12 Then the Jews who lived near them came and told us ten times over, "Wherever you turn, they will come against us." Lè Jwif ki te rete toupre yo te vin kote nou dis fwa epi te di nou: “Yo va vini kont nou soti tout kote ke nou kab vire,”
13 So I stationed people behind the lowest sections of the wall, in the exposed places, positioning them by families with their swords, spears, and bows. Alò, mwen te estasyone moun nan pati piba nan espas dèyè miray la, kote ki te manke pwotèj e mwen te estasyone moun pami fanmi yo avèk nepe pa yo, lans ak banza yo.
14 After I looked things over, I stood up and said to the nobles, the officials, and the rest of the people, "Do not be afraid of them. Remember the Sovereign Father, great and awesome, and fight for your brothers, your sons and daughters, your wives and your homes." Lè m te wè ke yo te pè, mwen te leve pale avèk gwo moun yo, chèf yo ak tout lòt moun yo: “Pa pè yo; sonje Senyè a gran e mèvèye. Goumen pou frè nou yo, fis nou yo, fi nou yo, madanm nou yo ak lakay nou yo.”
15 When our enemies heard that we knew of their plot and that our Father had frustrated it, we all returned to the wall, each to his own work. Lè lènmi nou yo te tande ke afè yo te rekonèt pa nou, e ke Bondye te jennen plan yo; alò, nou tout te retounen kote miray la, chak moun nan pwòp travay li.
16 From that day on, half of my men did the work while the other half were equipped with spears, shields, bows, and armor. The officers stationed themselves behind all the people of Judah, Depi jou sa a, mwatye nan sèvitè mwen yo te fè travay la, e lòt mwatye a te kenbe lans yo, boukliye pwotèj yo, banza yo ak pwotèj lestomak yo. Epi kapitèn yo te dèyè lakay Juda a.
17 who were building the wall. Those who carried materials did their work with one hand and held a weapon with the other, Sila ki t ap rebati miray la avèk sila ki te pote chaj yo te pran chaj yo nan yon men pou fè travay la e te kenbe yon zam nan lòt men an.
18 and each of the builders wore his sword strapped to his side as he worked. But the man who sounded the trumpet stayed beside me. Epi pou sila ki t ap bati yo, chak moun te mete yon nepe senti nan ren li pandan li t ap bati a, e mesye twonpèt la te rete toupre mwen.
19 Then I said to the nobles, the officials, and the rest of the people, "The work is vast and spread out, and we are separated from one another along the wall. Mwen te pale ak gwo moun yo, chèf yo, ak tout lòt moun yo: “Travay la gran e vast e nou se separe sou miray la de yon lwen a yon lòt.
20 Wherever you hear the trumpet sound, rally to us there. Our Father will fight for us!" Nenpòt kote ke nou tande twonpèt la, vin rive kote nou la a. Bondye nou an va goumen pou nou.”
21 So we kept working, with half the men holding spears, from the break of dawn until the stars came out. Konsa, nou te kontinye travay la avèk mwatye nan yo ki te kenbe lans yo soti nan maten jis rive lè zetwal yo te vin parèt.
22 At that time I also told the people, "Let everyone and his helper stay inside Jerusalem at night, so they can serve as guards by night and laborers by day." Nan lè sa a, mwen te di pèp la ankò: “Kite chak mesye yo ansanm avèk sèvitè li pase nwit lan Jérusalem pou yo kab fè yon bon gad pou nou pandan nwit lan, e sèvi kon yon ouvriye nan lajounen.”
23 So neither I, nor my brothers, nor my men, nor the guards who followed me ever took off our clothes; each kept his weapon at hand, even when going for water. Konsa, ni mwen menm, ni frè m yo, sèvitè mwen yo, ni mesye nan gad ki te swiv mwen yo, okenn pa t rete rad yo, chak moun te pote zam li, menm lè yo ale chache dlo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]