Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Nehemiah 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Sanballat, Tobiah, Geshem the Arab, and our other enemies heard I had rebuilt the wall with no gap left—though I hadn't yet set the doors in the gates. Alò, lè l te rapòte a Sanballat, Tobija, Guéschem, Arab la, avèk lòt lènmi nou yo, ke mwen te rebati miray la e ke pa t gen brèch ankò ladann; malgre nan moman sa a, nou potko monte pòt nan pòtay yo,
2 Sanballat and Geshem sent word: "Come, let's meet in one of the villages on Ono's plain"—but they planned to harm me. Sanballat avèk Guéschem te voye kote mwen epi te di: “Vini, annou reyini ansanm nan Chephirim nan plèn Ono.” Men se mal ke yo te gen entansyon pou fè m.
3 So I sent messengers back: "I'm doing a great work and can't come down. Why let the work stop while I leave it to come down to you?" Konsa, mwen te voye mesaje yo kote yo. Mwen te di: “Mwen ap fè yon gwo travay, e mwen p ap kab desann. Poukisa travay la ta dwe rete pandan mwen kite li pou vin kote nou?”
4 Four times they sent me the same message, and each time I gave them the same answer. Yo te voye kote mwen kat fwa konsa e mwen te reponn yo menm jan an.
5 Sanballat sent his servant to me this way a fifth time, with an open letter in his hand. Konsa, Sanballat te voye sèvitè li kote mwen yon senkyèm fwa avèk yon lèt ouvri nan men l.
6 It read: Word among the nations—Geshem says it too—is that you and the Jews plan to revolt; that's why you're building the wall, and you're about to become their king, so these reports say. Ladann, li te ekri: “Gen yon rapò k ap fèt pami nasyon yo, e Gaschmu ap di ke ou menm avèk Jwif yo gen plan pou fè rebelyon. Ke se pou sa ke w ap rebati miray la. Epi se ou menm ki va wa yo, selon rapò yo.
7 You've even appointed prophets to proclaim about you in Jerusalem, 'A king is in Judah!' Now this will reach the king. So come, let's talk it over. Anplis ke ou te chwazi pwofèt Jérusalem yo pou fè pwoklamasyon pou ou menm, pou ‘Yon wa nan Juda!’ Konsa, yon rapò va voye kote wa a sou rapò sila yo. Pou sa a, vin kounye a, pou nou fè konsèy ansanm.”
8 I replied: Nothing you're saying has happened—you're inventing it from your own mind. Konsa, mwen te voye kote li. Mwen te di: “Kalite bagay sa yo ke w ap pale yo, pa t janm fèt, men w ap envante yo nan pwòp panse ou.”
9 They all tried to frighten us, saying, "Their hands will weaken at the work, and it won't be finished." But now, my Father, strengthen my hands. Paske, yo tout t ap eseye fè nou pè e t ap reflechi: “Yo va vin dekouraje avèk travay la, e li p ap fèt.” Men koulye a, O Bondye ranfòse men m.
10 I went to the house of Shemaiah son of Delaiah, son of Mehetabel, who was confined. He said, "Let's meet in the house of God, inside the temple, and shut the temple doors—they're coming to kill you, coming by night to kill you." Lè m te antre lakay Schemaeja, fis a Delaja a, fis a Mehétabeel la, ki pa t kab kite lakay li, li te di: “Annou reyini ansanm lakay Bondye a, anndan tanp lan, annou fèmen pòt tanp yo, paske yo ap vin touye ou. Wi, y ap vini pandan lannwit la pou touye ou.”
11 But I said, "Should a man like me flee? Should someone like me enter the temple to survive? I won't go in." Men mwen te di: “Èske yon nonm tankou mwen ta dwe sove ale kache? Epi èske yon moun tankou mwen ta antre nan tanp lan pou sove lavi li? Mwen p ap antre.”
12 I realized our Father hadn't sent him—he'd spoken this prophecy against me because Tobiah and Sanballat hired him. Konsa, mwen te vin apèsi ke anverite, Bondye pa t voye li, men li te eksprime pwofesi a kont mwen akoz Tobija avèk Sanballat te anplwaye li.
13 He was hired to scare me into sinning, so they could give me a bad name and disgrace me. Li te anplwaye li pou rezon sa a; pou m ta kapab vin pè pou aji konsa e peche, pou yo menm ta kab gen yon move rapò kon repwòch kont mwen.
14 Remember, my Father, Tobiah and Sanballat for these deeds, and also Noadiah the woman prophet and the rest of the prophets who tried to frighten me. Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo.
15 So the wall was completed on the twenty-fifth day of Elul, in fifty-two days. Konsa, miray la te fini nan venn-senkyèm jou mwa Elul la, sou senkant-de jou.
16 When all our enemies heard, and all the nations around us saw, they were badly shaken in their own eyes, for they knew our Father had done this work. Lè tout lènmi nou yo te tande e tout nasyon ki antoure nou yo, te wè, yo te pèdi kouraj, paske yo te rekonèt ke travay sa a te fèt avèk èd Bondye pa nou an.
17 Also in those days, Judah's nobles sent many letters to Tobiah, and Tobiah's letters kept coming back to them. Anplis, nan jou sa yo, anpil lèt te sòti nan gwo moun a Juda yo bay Tobija e lèt Tobija yo te rive kote yo.
18 Many in Judah were bound to him by oath, for he was Shecaniah son of Arah's son-in-law, and his son Jehohanan had married Meshullam son of Berekiah's daughter. Paske anpil nan yo te mare pa sèman ak li menm, paske li te bofis a Schecania, fis a Arach la e fis pa li a, Jochanan te marye ak fi a Meschullam nan, fis a Bérékia a.
19 They also kept telling me his good deeds, and reported my words to him. Tobiah sent letters to frighten me. Anplis, yo t ap pale afè bon zèv li nan prezans mwen e te bay li rapò a pawòl mwen yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]