Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Nehemiah 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The words of Nehemiah son of Hacaliah. In the month of Kislev, in the twentieth year, I was in the citadel of Susa, Pawòl a Néhémie yo, fis Hacalia a. Alò, sa te fèt nan mwa Kisleu a, nan ventyèm ane a, pandan mwen te nan kapital Suse la,
2 Hanani, one of my brothers, came with men from Judah. I asked them about the Jews who survived, who were left from the exile, and about Jerusalem. ke Hanani, youn nan frè mwen yo, e kèk nan mesye ki soti Juda yo te vini. Mwen te mande yo sou Jwif yo ki te chape, e ki te reziste malgre kaptivite a, epi sou Jérusalem.
3 They told me, "The remnant left from the captivity, there in the province, are in great trouble and disgrace. Jerusalem's wall is broken down, its gates burned with fire." Yo te di mwen: “Retay ki la nan pwovens lan, ki te chape e ki te reziste malgre kaptivite a nan gwo pwoblèm ak dezolasyon. Miray Jérusalem nan kraze nèt e pòtay li yo fin brile ak dife.”
4 Hearing these words, I sat and wept, mourning for days, fasting and praying before our Father in heaven. Lè m te tande pawòl sila yo, mwen te chita la, mwen te kriye e fè gwo plent pandan kèk jou; epi mwen t ap fè jèn avèk lapriyè devan Bondye syèl la.
5 I said: Please, my Father in heaven, the great and awesome God, who keeps covenant and loyal love with those who love him and keep his commands, Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,
6 let your ear be attentive and your eyes open, to hear this prayer I, your servant, pray before you now, day and night, for Israel, your servants—confessing the sins we Israelites have sinned against you. I and my father's house have sinned. ke zòrèy W kapab atantif e zye Ou yo louvri pou tande lapriyè sèvitè Ou a ke mwen ap fè devan Ou koulye a, lajounen kon lannwit, nan non a fis Israël yo, pou konfese peche a fis Israël yo ke nou te fè kont Ou menm. Mwen menm avèk lakay papa m te peche.
7 We have wronged you deeply, not keeping the commands, statutes, and rulings you commanded your servant Moses. Nou te byen konwonpi nan zak nou te fè kont Ou yo, e nou pa t kenbe kòmandman yo, règleman yo, òdonans yo, ke ou te kòmande a sèvitè Ou a, Moïse.
8 Please remember your instruction to your servant Moses: "If you are unfaithful, I will scatter you among the peoples, “Sonje pawòl ke Ou te kòmande sèvitè Ou a, Moïse, lè Ou te di: ‘Si nou pa fidèl, Mwen va gaye nou pami pèp yo;
9 but if you return to me, keep my commands, and do them, even if your exiles are at the far edge of the heavens, I will gather them from there and bring them to the place I chose to make my name dwell there." men si nou retounen kote Mwen, kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo, malgre sila nan nou ki te gaye nan zòn pi izole nan syèl yo, Mwen va ranmase yo soti la, pou mennen yo rive nan plas kote Mwen te chwazi pou non Mwen te abite a.’
10 They are your servants, your people, whom you redeemed by your great power and your strong hand. “Yo se sèvitè Ou e pèp Ou ke Ou te rachte pa gran pouvwa Ou, ak men pwisan Ou.
11 Please, my Sovereign Father, may your ear attend to your servant's prayer, and to your servants' prayer—those who delight to fear your name. Give your servant success today, and grant him mercy before this man. I was cupbearer to the king at that time. O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.” Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]