Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Nehemiah 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the month of Nisan, in King Artaxerxes' twentieth year, wine was before him; I took it and gave it to the king—I had never been sad in his presence before. Li te vin rive nan mwa Nisan an, nan ventyèm ane a Wa Artaxerxès la, ke te gen diven devan li e mwen te monte pote diven an e te bay li a wa a. Alò, mwen pa t janm konn tris nan prezans li konsa.
2 The king asked, "Why is your face sad, though you aren't sick? This can only be a sad heart." Then I was very afraid. Konsa, wa a te di mwen: “Poukisa figi ou tris konsa, malgre ou pa malad? Sa pa mwens ke tristès kè.” Konsa, mwen te krent anpil.
3 I said to the king, "May the king live forever! Why shouldn't my face be sad, when the city, my ancestors' burial place, lies in ruins and its gates are burned by fire?" Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?”
4 The king asked me, "What do you request?" Then I prayed to our Father in heaven, Wa a te reponn mwen: “Kisa ou ta mande?” Konsa, mwen te priye a Bondye syèl la.
5 and said to the king, "If it pleases the king, and if your servant has your favor, send me to Judah, to the city of my ancestors' graves, to rebuild it." Mwen te di wa a: “Si li ta fè wa plezi, e si sèvitè ou a te jwenn favè devan ou, voye m Juda, nan vil tonm a papa zansèt mwen yo, pou m ta kab rebati li.”
6 The king, with the queen seated beside him, asked me, "How long will your journey take, and when will you return?" He was pleased to send me, so I gave him a time. Epi wa a te di mwen pandan rèn nan te chita akote l: “Konbyen de tan vwayaj ou kapab ye? Epi kilè ou va retounen?” Konsa, sa te fè wa a plezi pou voye mwen, e mwen te bay li yon lè jis.
7 I also said to the king, "If it pleases the king, give me letters to the governors of the province Beyond the River, so they let me cross until I reach Judah. Anplis mwen te di wa a: “Si sa fè wa a plezi, kite lèt bay a mwen pou gouvènè nan pwovens yo lòtbò rivyè a, pou yo kapab kite mwen pase ladann yo jiskaske mwen rive Juda;
8 Also a letter to Asaph, keeper of the king's forest, to give me timber for beams for the fortress gates by the temple, the city wall, and the house I will live in." The king granted my requests, for my Father's good hand was on me. anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.” Wa a te ban m tout sa akoz bon men Bondye mwen an te sou mwen.
9 I went to the governors of the province Beyond the River and gave them the king's letters. He had also sent army officers and horsemen with me. Mwen te rive kote gouvènè nan pwovens lòtbò rivyè yo, e te bay yo lèt a wa a. Alò, wa a te voye mwen avèk chèf lame yo ak chevalye yo.
10 Hearing this, Sanballat the Horonite and Tobiah the Ammonite official were greatly displeased that someone had come to seek the good of Israel's people. Lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan te tande koze sila a, sa te fè yo pa kontan anpil, pou yon moun ta vin chache fè byen pou fis a Israël yo.
11 So I arrived in Jerusalem and stayed there three days. Konsa, mwen te vini Jérusalem, e mwen te la pandan twa jou.
12 I got up at night with a few men. I told no one what my Father had put in my heart to do for Jerusalem. No animal was with me except the one I rode. Mwen te leve pandan lannwit lan, avèk kèk bon mesye avèk mwen. Mwen pa t pale pèsòn sa ke Bondye mwen an te mete nan tèt mwen pou fè pou Jérusalem nan, e pa t gen bèt avè m sof ke sila ke mwen menm te monte a.
13 By night I went out through the Valley Gate, toward the Jackal's Well, to the Dung Gate, examining Jerusalem's broken walls and its burned gates. Konsa, mwen te sòti deyò nan nwit lan akote Pòtay Vale a, vè Pwi Dragon an, anplis pou rive nan Pòtay Fimye a, e mwen t ap pase fè enspeksyon miray Jérusalem yo, ki te kraze nèt ak pòtay li yo ki te manje pa dife.
14 I passed to the Fountain Gate and the King's Pool, but there was no room for my mount to pass. Mwen te pase rive pi lwen nan Pòtay Sous Bwote a, avèk Dlo Etan a Wa a; men pa t gen kote pou bèt mwen an pase.
15 At night I went up the valley, examining the wall, turned back, entered the Valley Gate, and returned. Konsa, mwen te pase pandan nwit lan pa ravin nan pou te fè enspeksyon miray la. Epi mwen te antre ankò nan Pòtay Vale a e mwen te retounen.
16 The officials did not know where I went or what I was doing; I had not yet told the Jews, the priests, the nobles, the officials, or the rest who would do the work. Chèf lokal yo pa t konnen kote mwen te ale a, ni sa mwen te fè a; ni jis rive nan moman sa a, mwen potko pale Jwif yo, prèt yo, moun nòb yo, chèf yo, ni lòt moun ki t ap fè travay yo.
17 Then I said, "You see our trouble: Jerusalem lies in ruins, its gates burned. Come, let's rebuild Jerusalem's wall so we're no longer a disgrace." Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.”
18 I told them how my Father's good hand was on me, and what the king had said. They said, "Let's rise and build." So they strengthened their hands for the good work. Mwen te pale yo jan men Bondye mwen an te ban m favè e anplis, pawòl ke wa a te pale mwen yo. Yo te di: “Annou leve pou bati.” Konsa, yo te mete men yo nan bon èv sila a.
19 When Sanballat the Horonite, Tobiah the Ammonite official, and Geshem the Arab heard, they jeered and despised us, saying, "What is this you're doing? Are you rebelling against the king?" Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”
20 I answered: "Our Father in heaven will give us success. We his servants will start rebuilding, but you have no share, right, or claim in Jerusalem." Konsa, mwen te reponn yo epi te di yo: “Bondye syèl la va fè nou reyisi. Se akoz sa a, sèvitè li yo va leve pou bati. Men nou menm, nou p ap gen pòsyon, ni dwa, ni souvni nan Jérusalem.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]