Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses and Aaron, saying: SENYÈ a osi te pale avèk Moïse avèk Aaron. Li te di yo:
2 "Speak to Israel's people and say: When any man has a discharge from his body, his discharge is unclean. “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè yon moun vin gen yon ekoulman nan kò li, ekoulman li an pa pwòp.
3 This is his uncleanness from discharge: whether his body flows with it or is blocked, it is his uncleanness. Sila a, anplis, dwe pa pwòp nan ekoulman li an; li pa pwòp, menm si kò li kite ekoulman an koule, oswa li anpeche ekoulman an koule.
4 "Every bed the man with the discharge lies on is unclean; everything he sits on is unclean. “‘Tout kabann kote moun avèk ekoulman an kouche a va vin pa pwòp; e lè l chita sou nenpòt bagay, bagay sa a va vin pa pwòp.
5 Whoever touches his bed must wash his clothes, bathe in water, and remain unclean until evening. Nenpòt moun, anplis, ki touche kabann sa a va lave rad li, benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
6 Whoever sits on anything the man with the discharge sat on must wash his clothes, bathe in water, and be unclean until evening. Nenpòt moun ki chita sou bagay kote nonm avèk ekoulman an te chita a, li va lave rad li, benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
7 "Whoever touches the body of the man with the discharge must wash his clothes, bathe in water, and remain unclean until evening. “‘Osi, nenpòt moun ki touche moun avèk ekoulman an, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
8 If the man with the discharge spits on a clean person, that person must wash his clothes, bathe in water, and remain unclean until evening. “‘Oswa, si gason avèk ekoulman an krache sou yon moun ki pwòp, li osi va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
9 "Any saddle on which the man with the discharge rides is unclean. “‘Si moun avèk ekoulman an chita sou nenpòt sèl cheval oswa bèt, li va vin pa pwòp.
10 Anyone who touches what was under him is unclean until evening; anyone who carries them must wash his clothes, bathe in water, and remain unclean until evening. Nenpòt moun ki touche nenpòt nan bagay ki te anba li va pa pwòp jis rive nan aswè, e sila ki pote yo a, va lave rad li, li va benyen avèk dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
11 "Anyone the man with the discharge touches, if the man hasn't rinsed his hands in water, must wash his clothes, bathe in water, and stay unclean until evening. “‘Menm jan an, nenpòt moun ke moun ekoulman an touche san ke li pa lave men l nan dlo, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
12 Any clay pot the man with the discharge touches must be broken; every wooden utensil must be rinsed in water. “‘Veso tè a ke moun nan te touche a, va kraze, e tout veso an bwa yo, va lave nan dlo.
13 "When the man with a discharge is cleansed of it, he must count seven days for his cleansing, wash his clothes, bathe his body in fresh flowing water, and be clean. Alò, depi yon moun avèk yon ekoulman vin pwòp e kite ekoulman li an, alò, li va kontwole pou li menm sèt jou pou pirifikasyon li. Li va lave rad li, li va benyen kò li nan dlo k ap koule, e li va vin pwòp.
14 On the eighth day he must take two turtledoves or two young pigeons, come before our Father at the tent of meeting's entrance, and give them to the priest. Alò, nan uityèm jou a, li va pran pou li menm de toutrèl oswa de jenn pijon, e vini devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a, pou bay yo a prèt la.
15 The priest is to offer one as a sin offering, the other as a burnt offering, and the priest will make atonement for him before our Father for his discharge. Prèt la va ofri yo, youn pou yon ofrann peche, e lòt la pou yon ofrann brile. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a akoz ekoulman li an.
16 "If semen leaves a man, he must bathe his whole body in water and is unclean until evening. “‘Alò, si yon gason ejakile, li va benyen tout kò li nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
17 Any garment or leather with semen on it must be washed with water and stays unclean until evening. Nenpòt vètman oswa kwi ki gen spèm, li va lave avèk dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
18 If a man sleeps with a woman and semen is released, both must bathe in water and stay unclean until evening. Si yon nonm kouche avèk yon fanm e li ejakile, yo va tou de va benyen nan dlo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
19 "When a woman has a blood discharge from her body, she remains in her menstrual impurity seven days; whoever touches her is unclean until evening. “‘Lè yon fanm gen yon ekoulman, si ekoulman nan kò li a se san, li va kontinye rete enpi avèk règ li a jis rive sèt jou. Konsa, nenpòt moun ki touche li va pa pwòp jis rive nan aswè.
20 Everything she lies on during her impurity is unclean, and everything she sits on is unclean. “‘Anplis, nenpòt kote li kouche pandan règ li a va vin pa pwòp, e nenpòt bagay kote li vin chita va pa pwòp.
21 Whoever touches her bed must wash his clothes, bathe in water, and be unclean until evening. Nenpòt moun ki touche kabann li va lave rad li. Li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
22 Whoever touches what she sits on must wash their clothes, bathe in water, and stay unclean until evening. Nenpòt moun ki touche nenpòt bagay kote li chita va lave rad li. Li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
23 Whether the bed or what she sits on, touching it makes one unclean until evening. Kit se sou kabann nan oswa sou bagay kote li chita, lè li touche li, li va pa pwòp jis rive nan aswè.
24 "If a man lies with her and her menstrual impurity touches him, he is unclean seven days; every bed he lies on is unclean. “‘Si yon gason vin kouche avèk li pou san an vin sou li, gason an va pa pwòp pandan sèt jou, e tout kabann kote li kouche a va vin pa pwòp.
25 "If a woman's blood flows many days outside her monthly impurity, or beyond it, she stays unclean the whole time of the flow, as in the days of her impurity. “‘Alò si yon fanm gen yon ekoulman san pandan anpil jou, pa sèlman nan tan règ la, oswa si li gen yon ekoulman anplis fwa sa a, li va kontinye aji kòmsi li gen règ. Li pa pwòp.
26 Every bed she lies on during her discharge is like her menstrual bed; every object she sits on is unclean, like her menstrual impurity. Nenpòt kabann kote li touche pandan tout jou ekoulman li yo, li va pou li tankou kabann li pandan règ la. Chak bagay kote li chita va vin pa pwòp, tankou pa pwòp a li menm nan tan sa a.
27 Whoever touches them becomes unclean; he must wash his clothes, bathe in water, and remain unclean until evening. Menm jan an, nenpòt moun ki touche yo va vin pa pwòp. Li va lave rad yo, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
28 "Once she is made clean from her flow, she must count seven days, and after that she is clean. “‘Lè li vin pwòp de ekoulman li an, li va kontwole pou kont li sèt jou. Apre sa a, li va vin pwòp.
29 On the eighth day she must take two turtledoves or two young pigeons and bring them to the priest, at the meeting tent's entrance. Alò, nan uityèm jou a, li va pran pou li menm de toutrèl oswa de jenn pijon e li va mennen yo devan prèt la nan pòtay tant asanble a.
30 The priest will offer one as a sin offering, the other as a burnt offering, and make atonement for her before our Father for her impure discharge. Prèt la va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li menm devan SENYÈ a akoz ekoulman enpi a.
31 "Keep the Israelites separate from their impurity, so they don't die in their impurity by making my dwelling place among them unclean. “‘Konsa, nou va kenbe fis Israël yo apa de pa pwòp yo, pou yo pa mouri akoz salte ki ta konwonpi tabènak Mwen ki pami yo a.’”
32 "This is the law for one with a discharge, and for one whose emission of semen makes him unclean, Sa se lalwa pou sila ki gen ekoulman an, ak pou gason ki gen yon ejakilasyon spèm ki fè l vin pa pwòp la,
33 for a woman in her monthly impurity, for anyone, male or female, with a discharge, and for a man who lies with an unclean woman." epi pou yon fanm ki malad akoz règ ki pa pwòp li a, ak pou sila ki gen ekoulman an, kit li mal kit li femèl, oswa yon nonm ki kouche avèk yon fanm ki pa pwòp.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]