Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses after the death of Aaron's two sons, who died approaching our Father. Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse apre lanmò fis Aaron yo, lè yo te pwoche prezans SENYÈ a e yo te mouri an.
2 Our Father told Moses: "Tell Aaron your brother not to enter the Holy Place behind the curtain, before the mercy seat on the ark, whenever he wants, or he'll die—for I appear in the cloud above the mercy seat." SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske Mwen va parèt nan nwaj la sou twòn pwopiyatwa a.
3 "With this Aaron may enter the Holy Place: a young bull for a sin offering, a ram for a burnt offering. “Aaron va antre nan lye sen an avèk yon towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile.
4 He must wear the holy linen tunic, linen undergarments next to his body, a linen sash tied around him, and a linen turban. These are holy garments; he is to bathe his body in water before putting them on. Li va mete sou li tinik sen an. Li va mete sou li pantelon fèt an len yo, ak sou-vètman an len ki va toupre kò li a, epi li va mare senti li an len, e li va abiye avèk tiban len an. Sa yo se vètman sen yo. Li va benyen kò li nan dlo, e li va vin abiye ak yo.
5 From Israel's community he must take two male goats for a sin offering and one ram for a burnt offering. Li va pran soti nan asanble Israël la de mal kabrit kòm yon ofrann peche ak yon belye kòm yon ofrann brile.
6 Aaron will offer his own sin-offering bull, making atonement for himself and his household. “Konsa, Aaron va ofri towo a kòm ofrann peche ki pou li menm nan, pou li kapab fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li.
7 He must take the two goats and stand them before me at the entrance to the tent of meeting. Li va pran de kabrit yo, e li va prezante yo devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a.
8 Aaron will cast lots over the two goats: one for me, one for Azazel. Aaron va fè tiraj osò pou de kabrit sa yo, yon osò pou SENYÈ a, e lòt osò a pou kabrit ekspiyatwa a.
9 Aaron is to bring the goat chosen for me by lot and offer it as a sin offering. Alò, Aaron va ofri kabrit la sou sila osò SENYÈ a tonbe a, e fè li vin yon ofrann peche.
10 But the goat on which the lot fell for Azazel is presented alive before me, to atone over it by sending it into the wilderness to Azazel. Men kabrit la sou sila osò kabrit ekspiyatwa a vin tonbe a, li va vin prezante vivan devan SENYÈ a, pou fè ekspiyasyon sou li, e pou voye li nan dezè a kòm kabrit ekspiyatwa a.
11 Aaron is to present his sin offering bull, to atone for himself and his household, then slaughter his sin offering bull. “Alò Aaron va ofri towo ofrann peche ki pou li menm nan, li va fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li, e li va touye towo ofrann peche ki pou li menm nan.
12 He is to take a censer full of burning coals from the altar before me, two handfuls of finely ground fragrant incense, and bring them inside the veil. Li va pran yon plato pou resevwa san ki ranpli avèk chabon cho ki sòti sou lotèl la devan SENYÈ a, de men plen avèk lansan dous moulen byen fen, e mennen li anndan vwal la.
13 He must put the incense on the fire before me, so its cloud covers the mercy seat over the testimony, and he does not die. Li va mete lansan an sou dife a devan SENYÈ a, pou nwaj lafimen lansan an kapab kouvri twòn ekspiyatwa ki sou lach temwayaj la; otreman, li va mouri.
14 He must take some of the bull's blood and sprinkle it with his finger on the front of the mercy seat, eastward, then sprinkle some of the blood with his finger seven times before the mercy seat. Anplis, li va pran kèk nan san towo a e li va flite li avèk dwèt li sou twòn pwopiyatwa sou kote lès la; anplis, pa devan nan twòn pwopiyatwa a, li va flite kèk nan san an avèk dwèt li sèt fwa.
15 Then he must slaughter the people's sin-offering goat, bring its blood inside the curtain, and do with it as with the bull's blood—sprinkling it on the mercy seat and before it. “Epi li va touye kabrit ofrann peche ki pou pèp la. Li va mennen san li anndan vwal la, e li va fè avèk san li jan li te fè avèk san towo a. Li va flite li sou twòn pwopiyatwa a.
16 This is how he atones for the Holy Place because of Israel's uncleanness, their rebellions, all their sins. He does the same for the tent of meeting, which stays among them in the midst of their uncleanness. Li va fè ekspiyasyon pou lye sen an akoz salte fis Israël yo, akoz transgresyon pa yo avèk tout peche yo. Konsa, li va fè pou tant asanble ki rete avèk yo nan mitan tout salte pa yo.
17 No one may be in the tent of meeting when he enters to make atonement in the Holy Place until he leaves, having atoned for himself, his household, and the whole assembly of Israel. Lè li antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, pèsòn pa pou nan tant asanble a jiskaske li sòti, pou li kapab fè ekspyasyon an pou li menm, pou lakay li, ak pou tout asanble Israël la.
18 He must go out to the altar before me, make atonement for it, take some of the bull's blood and some of the goat's blood, and put it on the altar's horns all around. “Konsa, li va ale deyò vè lotèl ki devan SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou li. Li va pran kèk nan san towo a, san kabrit la pou mete li sou kòn yo sou tout kote nan lotèl la.
19 He is to sprinkle blood on it with his finger seven times, to cleanse and dedicate it from the impurity of Israel's people. Avèk dwèt li, li va flite kèk nan san an sou li sèt fwa pou fè l vin pwòp, soti nan salte a fis Israël yo, e konsakre li.
20 When he finishes atoning for the Holy Place, tent of meeting, and altar, he is to present the live goat. “Lè li fin fè ekspiyasyon pou lye sen an, tant asanble a, ak lotèl la, li va ofri kabrit vivan an.
21 Aaron is to lay both hands on the live goat's head and confess over it all Israel's guilt, all their rebellions, all their sins, placing them on the goat's head, then send it into the wilderness by a man appointed for the task. Alò, Aaron va poze de men li sou tèt kabrit vivan an, e li va konfese sou li tout inikite a fis Israël yo, tout transgresyon pa yo selon tout peche yo. Li va poze yo sou tèt kabrit la e li va voye li nan dezè a pa men yon moun ki prepare pou sa.
22 The goat will carry all their sins on itself into a cut-off land; the man will release it in the wilderness. Kabrit la va pote sou li menm tout inikite pa yo pou rive nan yon peyi izole. Li va lage kabrit la nan dezè a.
23 Aaron will enter the tent of meeting, take off the linen garments he wore entering the Holy Place, and leave them there. “Epi Aaron va vini nan tant asanble a pou retire vètman len ke li te mete lè li te antre nan sen lye an, e li va kite yo la.
24 He must bathe his body in water in a holy place and put on his clothes. Then he comes out, offers his burnt offering and the people's burnt offering, atoning for himself and the people. Li va benyen kò li avèk dlo nan yon lye sen. Li va mete vètman li yo pou vin parèt e ofri ofrann brile pa li avèk ofrann brile ki pou pèp la, epi pou fè ekspiyasyon pou li menm ak pou pèp la.
25 He is to burn the fat of the sin offering on the altar. Li va ofri nan lafimen grès ofrann peche a sou lotèl la.
26 He who sent the goat to Azazel must wash his clothes, bathe his body in water, then he may enter the camp. “Sila ki te lage kabrit la kòm kabrit ekspiyasyon an, gen pou lave rad li, e benyen kò li avèk dlo. Alò apre, li va antre nan kan an.
27 The bull and goat of the sin offering, whose blood was brought to atone in the Holy Place, are to be taken outside the camp; their hides, flesh, and dung are to be burned in the fire. Men towo ofrann peche a ak kabrit ofrann peche a, san sila li te mennen antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, va vin pote deyò lavil la. Li va brile po yo, chè yo, avèk poupou yo nan dife.
28 Whoever burns them must wash his clothes and bathe his body in water, then he may come into the camp. Epi sila ki brile yo a, va lave rad li, benyen kò l nan dlo, e apre, li va vin antre nan kan an.
29 This is a permanent law for you: on the tenth day of the seventh month, humble yourselves and do no work—neither the native nor the foreigner living among you. “Sa va yon règleman pou tout tan pou nou: nan setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou va imilye nanm nou. Nou p ap fè okenn travay, ni pou moun peyi a, ni pou etranje ki demere pami nou yo.
30 For on this day atonement is made for you, to cleanse you from all your sins; you will be clean before me. Paske se nan jou sa a ke ekspiyasyon an va fèt pou nou pou fè nou vin pwòp. Nou va netwaye de tout peche nou yo devan SENYÈ a.
31 It is a Sabbath of complete rest for you; humble yourselves—a lasting statute. Se va yon Saba repo solanèl pou nou, pou nou kapab vin imilye nanm nou. Sa se yon règleman ki pou tout tan.
32 The priest anointed and ordained to serve in his father's place is to make atonement and put on the linen garments—the holy garments, Alò prèt ki onksyone e òdone pou sèvi kòm prèt nan plas papa li a va fè ekspiyasyon an. Li va abiye ak vètman len yo, vètman sen yo.
33 and make atonement for the Most Holy Place, the tent of meeting, the altar, the priests, and all the assembly's people. Konsa, li va fè ekspiyasyon pou sanktyè sen an, e li va fè ekspiyasyon pou tant asanble a ak pou lotèl la. Li va osi fè ekspiyasyon pou prèt yo ak pou tout pèp asanble a.
34 This is a permanent statute for you: atone for all the Israelites' sins once a year." And it was done, as our Father commanded Moses. “Alò, nou va gen sa kòm yon règleman pou tout tan, pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo pou tout peche pa yo, yon fwa chak ane.” Epi jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa sa te fèt.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]