Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father said to Moses: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 "This is the law for someone with a skin disease on the day of his cleansing: he must be brought to the priest. “Sa va lalwa pou moun lalèp la nan jou pirifikasyon li. Alò, li va vin mennen devan prèt la,
3 The priest is to go outside the camp and examine him; if his skin disease has healed, epi prèt la va ale deyò kan an. Konsa prèt la va gade, e si enfeksyon lalèp la te geri nan moun lalèp la,
4 the priest must order two live clean birds, cedar wood, scarlet yarn, and hyssop taken for the one being cleansed. alò, prèt la va bay lòd pou pran de zwazo pwòp avèk bwa sèd, fisèl wouj avèk izòp pou sila ki va vin pirifye a.
5 The priest is to command that one bird be slaughtered over a clay pot of fresh water. Prèt la va osi bay lòd pou touye youn nan zwazo yo nan yon veso fèt an tè sou yon dlo k ap koule.
6 He must take the live bird, the cedar wood, the scarlet yarn, and the hyssop, and dip them with the live bird in the blood of the bird slaughtered over the fresh water. Epi pou zwazo vivan an, li va pran li ansanm avèk bwa sèd yo, fisèl wouj la, ak izòp, e li va fonse yo avèk zwazo vivan an nan san zwazo ki te touye sou dlo k ap koule a.
7 He sprinkles the blood seven times on the one being cleansed of the skin disease, pronounces him clean, then releases the live bird over the open field. Epi li va flite sèt fwa sou sila ki gen lalèp pou pirifye a, e li va pwoklame li pwòp. Konsa, li va kite zwazo vivan an vole lib sou yon chan byen louvri.
8 "The one being cleansed must wash his clothes, shave off all his hair, and bathe in water—then he is clean. Afterward he may enter the camp, but stay outside his tent seven days. “Alò, sila k ap pirifye a va lave rad li yo. Li va raze tout cheve li, e li va lave nan dlo pou vin pwòp. Apre tout sa a, li mèt antre nan kan an, men li va rete deyò tant li an pandan sèt jou.
9 On the seventh day he must shave off all his hair—head, beard, eyebrows—shaving off all his hair. Then he must wash his clothes and bathe his body in water, and he is clean. Li va nan setyèm jou a pase razwa nan tout cheve li. Li va taye tèt li, bab li, sousi li, e menm tout cheve li. Alò, li va lave rad li yo e benyen kò l nan dlo. Konsa, li vin pwòp.
10 "On the eighth day he must take two male lambs without defect, a year-old ewe lamb without defect, three quarts fine flour mixed with oil for a grain offering, and a cup of oil. “Alò, nan uityèm jou a, li gen pou pran de jenn mouton mal san defo, yon jenn mouton femèl laj en nan san defo, twa dizyèm nan yon efa farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal, ak yon boutèy demi lit lwil.
11 The cleansing priest is to present the one being cleansed, with these offerings, before our Father at the tent of meeting's entrance. Epi prèt la ki pwoklame li pwòp la va prezante nonm kap vin pirifye a, ak bagay sa yo, devan pòtay Tant Asanble a.
12 "The priest takes one male lamb and offers it as a guilt offering, with the oil, waving them as a wave offering before our Father. “Alò, prèt la va pran youn nan jenn mouton mal yo. Li va mennen li pou yon ofrann koupab avèk boutèy demi lit lwil la, e li va prezante li kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a.
13 He must slaughter the lamb where the sin offering and burnt offering are slaughtered, in the holy place—since the guilt offering, like the sin offering, belongs to the priest; it is most holy. Answit, li va touye jenn mouton an nan plas kote yo touye ofrann peche a ak ofrann brile a, nan plas kote sanktyè a—pou ofrann koupab la, tankou ofrann peche a, apatyen a prèt la. Li sen pase yo tout.
14 The priest is to take some blood of the guilt offering and put it on the right earlobe of the one being cleansed, on his right thumb, and on his right big toe. Alò, prèt la va pran kèk nan san ofrann koupab la, e prèt la va mete li sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
15 The priest is to take some of the oil and pour it into his own left palm. Prèt la va osi pran kèk nan boutèy demi lit lwil la, e li va vide li nan pla men goch li.
16 He must dip his right finger in the oil in his left palm and sprinkle some with his finger seven times before our Father. Alò, prèt la va fonse dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men goch la, e avèk dwèt li, li va flite kèk nan lwil la sèt fwa devan SENYÈ a.
17 With the oil remaining on his palm, the priest puts some on the right earlobe of the one being made clean, on his right thumb, and his right big toe, over the blood of the guilt offering. Nan lwil ki rete nan pla men l lan, prèt la va mete kèk sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous a men dwat li ak sou gwo zòtèy a pye dwat li, sou san a ofrann koupab la.
18 The priest is to put the oil left in his palm on the head of the one made clean, making atonement for him before our Father. Epi rès lwil ki nan pla men prèt la, li va mete li sou tèt a sila k ap vin pirifye a. Epi prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a.
19 The priest is to offer the sin offering and atone for the one made clean from his impurity; afterward he slaughters the burnt offering. “Apre sa, prèt la va ofri ofrann peche a, e li va fè ekspiyasyon pou sila k ap vin pirifye de kondisyon pa pwòp li a. Alò, apre, li va touye ofrann brile a.
20 The priest will offer the burnt and grain offerings on the altar, atone for him, and he will be clean. Prèt la va ofri ofrann brile a ak ofrann sereyal la sou lotèl la. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin pwòp.
21 "But if he is poor and lacks the means, he is to take one male lamb as a guilt offering, to be waved for atonement for him, with about two quarts of fine flour mixed with oil, for a grain offering, and about a cup of oil, “Men si se yon malere li ye, e mwayen li pa sifi, alò li va pran yon jenn mouton mal tankou ofrann koupab la, tankou yon ofrann voye anlè pou fè ekspiyasyon pou li, e yon dizyèm efa farin fen mele avèk lwil kòm yon ofrann sereyal ak yon boutèy demi lit lwil;
22 and two turtledoves or two young pigeons—whichever he can afford, one as a sin offering, the other as a burnt offering. epi de toutrèl oswa de pijon, sa ki posib selon mwayen li; youn va ofrann peche a, e lòt la va ofrann brile a.
23 "On the eighth day he must bring them for his cleansing to the priest, to the entrance of the tent of meeting, before our Father. “Konsa, nan uityèm jou a, li va mennen yo pou pirifikasyon li bay prèt la, nan pòtay tant asanble a, devan SENYÈ a.
24 The priest takes the guilt-offering lamb and the log of oil, waving them as a wave offering before our Father. Prèt la va pran jenn mouton ofrann koupab la, ak boutèy demi lit lwil la, e prèt la va ofri yo kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a.
25 He must slaughter the guilt offering's lamb, take some of its blood, and put it on the right ear lobe, right thumb, and right big toe of the one being cleansed. Apre sa, li va touye jenn mouton ofrann peche a. Epi prèt la va pran kèk nan san ofrann koupab la pou mete sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
26 The priest is to pour some of the oil into his own left palm, Prèt la va osi vide kèk nan lwil la nan pla men goch li;
27 and with his right finger sprinkle some oil from his left palm seven times before our Father. epi avèk dwèt men dwat li, li va flite kèk nan lwil ki nan pla men goch la sèt fwa devan SENYÈ a.
28 The priest puts oil from his palm on the right earlobe of the one being made clean, his right thumb, and right big toe, over the place of the guilt offering's blood. Apre sa, prèt la va mete kèk nan lwil ki nan pla men an sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat li, sou gwo zòtèy pye dwat li, sou plas san a ofrann koupab la.
29 The priest is to put the rest of the oil from his palm on the head of the one being cleansed, to atone for him before our Father. Anplis, rès lwil ki nan pla men prèt la, li va mete li sou tèt a sila k ap vin pirifye a, pou fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a.
30 Then he is to offer one of the turtledoves or young pigeons, whichever he can afford. Li va, alò, ofri youn nan toutrèl oswa nan pijon yo, selon kapasite li.
31 Whichever he can afford—one as a sin offering, the other as a burnt offering, with the grain offering. The priest will make atonement before our Father for the one made clean. Sa li kapab selon mwayen li, youn pou yon ofrann peche, e lòt la pou yon ofrann brile, ansanm avèk ofrann sereyal la. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou sila k ap vin pirifye a.”
32 "This is the law for one with a skin disease who cannot afford the offerings for his cleansing." Sa se lalwa pou sila ki gen yon enfeksyon lalèp, ki gen mwayen limite pou pirifikasyon li.
33 Our Father said to Moses and Aaron: SENYÈ a te pale ankò ak Moïse avèk Aaron e te di:
34 "When you enter the land of Canaan, which I give you as a possession, and I put a spreading mildew in a house in the land you possess, “Lè nou antre nan peyi Canaan an, ke Mwen bannou pou posesyon an, e Mwen mete yon mak lalèp kanni sou yon kay nan peyi posesyon pa nou an,
35 the owner must come tell the priest: 'Something like a disease has appeared in my house.' alò, sila ki mèt kay la va vin di prèt la konsa, ‘Mwen wè yon bagay tankou yon mak lalèp kanni ki te vin parèt nan kay la.’
36 The priest must order the house emptied before he enters to examine the disease, so nothing in it is declared unclean; then he may enter to examine the house. Alò, prèt la va pase lòd pou yo mete kay la vid avan prèt la antre pou gade mak la, jis pou tout bagay nan kay la pa oblije vin pa pwòp. Apre, prèt la va antre pou gade kay la.
37 He examines the disease, and if it is in the house's walls—greenish or reddish depressions that appear deeper than the surface. Alò, li va gade mak la, e si mak sou mi kay la fonse avèk koulè tankou vèt oswa wouj ki fonse plis ke sifas la,
38 The priest must leave the house through its doorway and shut it up seven days. alò, prèt la va sòti nan kay la pou rive nan pòtay la, e li va fèmen kay la pandan sèt jou.
39 On the seventh day the priest returns to examine it. If the disease has spread on the house walls, Prèt la va retounen nan setyèm jou a, e li va pase fè enspeksyon. Si mak la te vrèman agrandi nan mi kay la,
40 he must order the diseased stones torn out and thrown outside the city, to an unclean place. alò, prèt la va pase lòd pou yo chire retire wòch ki gen mak ladan yo a, pou jete yo deyò nan yon plas ki pa pwòp deyò lavil la.
41 He must scrape the house's inside all around, and dump the scraped-off plaster outside the city in an unclean place. Li va fè yo grate kay la tout anndan, e yo va jete tout vye kras mòtye deyò nan yon plas deyò lavil la.
42 Other stones are to replace the old ones, and new plaster is to cover the house. Alò, yo va retire lòt wòch ki kontamine yo pou ranplase yo, e li va pran mòtye nèf pou fè randisaj kay la.
43 "If the infection returns in the house after the stones are torn out, the house scraped, and plastered, “Si, alò, mak la vin parèt ankò nan kay la apre li fin retire wòch yo, grate kay la, e apre li fin fè randisaj nèf la,
44 the priest must enter and examine; if the disease has spread in the house, it is a destructive mildew in the house—it is unclean. alò, prèt la va vin antre pou fè yon enspeksyon. Si li wè ke mak la vrèman vin gaye nan kay la ankò, sa se yon mak maleng ki nan kay la. Li pa pwòp.
45 He must tear down the house—stones, timbers, and all its plaster—and haul it outside the city to an unclean place. Pou sa, li va kraze kay la nèt, avèk wòch li yo, bwa li yo, ak tout ansyen randisaj li. Li va mete yo deyò lavil la nan yon kote ki pa pwòp.
46 Anyone who enters the house while it is closed is unclean until evening. “Anplis, nenpòt moun ki antre nan kay la pandan li te izole a, li va vin pa pwòp pou jis rive nan aswè.
47 Whoever lies or eats in the house must wash his clothes. Menm jan an, nenpòt moun ki kouche nan kay la, li va lave rad li, e nenpòt moun ki manje nan kay la, li va lave rad li.
48 "If the priest comes, examines it, and the disease has not spread in the house after it was plastered, he is to declare it clean—the disease is healed. “Si, yon lòt kote, prèt la antre pou fè yon enspeksyon, e mak la pa vrèman gaye nan kay la apre kay la pase randisaj nèf la, alò, prèt la va pwoklame kay la pwòp akoz ke mak la pa parèt ankò.
49 To cleanse the house he is to take two birds, with cedar wood, scarlet yarn, and hyssop, Alò, pou netwaye kay la, li va pran de zwazo avèk bout bwa sèd, avèk yon fisèl wouj, ak izòp,
50 and he is to slaughter one of the birds into a clay pot over fresh water. epi li va touye youn nan zwazo yo nan yon veso fèt ak tè anwo dlo fwe.
51 He must take the cedar wood, hyssop, scarlet yarn, and the live bird, dip them in the slaughtered bird's blood and the fresh water, and sprinkle the house seven times. Alò li va pran bout bwa sèd yo avèk izòp ak fisèl wouj la, avèk zwazo vivan an, e li va fonse yo nan san zwazo ki mouri an, e osi nan dlo fwe a, epi li va flite kay la sèt fwa.
52 Then he must purify the house with the bird's blood, fresh water, the live bird, cedar wood, hyssop, and scarlet yarn. Konsa li va netwaye kay la avèk san zwazo a e avèk dlo fwe a, ansanm avèk zwazo vivan an, avèk bout bwa sèd yo, avèk izòp e avèk fisèl wouj la.
53 He is to release the live bird outside the city into the open field, make atonement for the house, and it will be clean." Men li va kite zwazo vivan an vin lage pou l lib deyò lavil la nan yon chan byen laj. Konsa li va fè ekspiyasyon pou kay la, e kay la va vin pwòp.”
54 This is the law for any skin disease, for an itch, Sa se lalwa pou nenpòt mak lalèp kanni— menm pou yon kal
55 for mildew in a garment or a house, epi pou yon rad oswa yon kay avèk lalèp kanni,
56 and for a swelling, a scab, or a bright spot, epi pou yon enflamasyon, pou yon kal sou po li, ak yon kote ki klere blan—
57 to teach when something is unclean and when clean. This is the law of skin disease and mildew. pou enstwi yo lè yo pa pwòp ak lè yo pwòp. Sa se lalwa lalèp la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]