1Our Father spoke to Moses and Aaron, saying:hatbsaAlò, SENYÈ a te pale Moïse avèk Aaron. Li te di:
2"When someone has a swelling, rash, or bright spot on their skin that turns into a skin disease, he must be brought to Aaron the priest or one of his priest sons.hatbsa“Lè yon nonm vin gen sou po kò li yon enflamasyon, yon gal, oswa yon tach blanch, e li vin gen yon enfeksyon lalèp sou po kò li, alò, li va pote bay Aaron, prèt la, oswa yon prèt nan fis li yo.
3The priest examines the mark on the skin. If the hair in it has turned white and it looks deeper than the skin, it is a contaminating skin disease; the priest examines him and declares him unclean.hatbsaPrèt la va gade bouton an sou po kò a. Si plim nan enfeksyon an vin blan, e enfeksyon an parèt pi fon ke po kò a, li se yon enfeksyon lalèp. Lè prèt la fin gade li, li va pwononse li pa pwòp.
4But if the bright spot on his skin is white, not deeper than the skin, and its hair hasn't turned white, the priest must isolate the person seven days.hatbsaMen si bouton blan an sou po kò a, men li pa parèt pi fon ke po a, epi plim sou li pa vin blan, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.
5On the seventh day the priest examines him; if the mark hasn't changed or spread on the skin, he isolates him seven more days.hatbsaPrèt la va gade li nan setyèm jou a. Epi selon sa li wè, si enfeksyon an pa chanje, enfeksyon an pa gaye sou po a, alò, prèt la va fè l izole pandan sèt jou ankò.
6On the seventh day the priest examines him again. If the sore faded and didn't spread on the skin, he declares him clean—just a rash. He washes his clothes and is clean.hatbsaPrèt la va gade li ankò nan setyèm jou a. Si enfeksyon an ap disparèt, e bouton an pa gaye sou po a, alò prèt la va pwoklame li pwòp. Se sèlman yon gal. Li va lave rad li; li va pwòp.
7But if the rash spreads on his skin after showing himself to the priest for cleansing, he must show himself to the priest again.hatbsaMen si gal la vin gaye plis sou po a apre li te fin vizite prèt la pou pirifikasyon li, li va parèt ankò devan prèt la.
8The priest examines him: if the rash has spread on the skin, he declares him unclean—it is a skin disease.hatbsaPrèt la va gade, e si gal la vin gaye sou po a, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se lalèp.
9"When a defiling skin disease appears on someone, he is to be brought to the priest.hatbsa“Lè enfeksyon lalèp la sou yon moun, alò, li va vin mennen bay prèt la.
10The priest examines him: if a white swelling on the skin has turned the hair white, with raw flesh in it.hatbsaPrèt la va gade l. Si gen yon enflamasyon blan sou po a, li fè plim li vin blan, e gen maleng nan enflamasyon an,
11It is a chronic skin disease; the priest will pronounce him unclean. He must not isolate him, since he is unclean.hatbsasa se yon lalèp kwonik sou po kò li. Prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li p ap izole li ankò, paske li deja pa pwòp.
12"But if the disease breaks out and covers all his skin, head to foot, wherever the priest looks,hatbsaSi lalèp la vin gaye plis sou po a, e lalèp la kouvri tout po de sila ki gen enfeksyon an soti nan tèt li, jis rive nan pye li, toupatou kote prèt la kab wè,
13the priest examines him; if the disease covers his whole body, he pronounces him clean—since it's all turned white, he is clean.hatbsaalò, prèt la va gade, e veye byen, si lalèp la vin kouvri tout kò li, li va pwoklame li pwòp. Li te vin blanch nèt, e koulye a, li vin pwòp.
14But on the day raw flesh appears on him, he is to be unclean.hatbsaMen nenpòt maleng ki vin parèt sou li, li va vin pa pwòp.
15The priest sees the raw flesh and pronounces him unclean; the raw flesh is unclean—a skin disease.hatbsaPrèt la va gade maleng lan, e li va pwoklame li pa pwòp. Maleng lan pa pwòp, se lalèp li ye.
16But if the raw flesh changes and turns white, he is to come to the priest.hatbsaOswa, si maleng lan chanje ankò vin tou blanch, alò, li va vini kote prèt la.
17The priest examines him; if the mark has turned white, he declares him clean—he is clean.hatbsaKonsa, prèt la va gade li, e veye byen, si enfeksyon an te vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pwòp de enfeksyon an. Li pwòp.
18"When someone has a boil on their skin and it heals,hatbsa“Si kò a gen yon abse sou po a, e li vin geri,
19if a white swelling or reddish-white bright spot forms on the boil, show it to the priest.hatbsaepi nan plas abse a, li vin gen yon enflamasyon tou blanch oswa yon tach blanch e wouj fonse, byen vif, li va montre l a prèt la.
20The priest examines it; if it looks lower than the skin and the hair has turned white, he pronounces him unclean—a skin disease has broken out in the boil.hatbsaPrèt la va gade li, e veye byen, si li vin parèt pi fonse ke po a, e plim sou li a vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se enfeksyon lalèp, li vin parèt nan abse a.
21But if the priest sees no white hair in it, it is not below the skin, and has faded, he is to isolate him seven days.hatbsaMen si prèt la gade li, e veye byen, li pa gen plim blanch ladann, li pa pi fon ke po a, e l ap vin disparèt, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.
22If it spreads further on the skin, the priest declares him unclean; it is diseased.hatbsaSi li gaye plis sou po a, alò, prèt la va pwoklame li pa pwòp. Se yon enfeksyon li ye.
23But if the bright spot stays put, hasn't spread, it's the scar of the boil, and the priest must pronounce him clean.hatbsaMen si tach vif la rete nan plas li, e li pa gaye, se sèlman sikatris abse a. Konsa, prèt la va pwoklame li pwòp.
24"Or when skin has a fire burn, and the burn's raw flesh becomes a reddish-white or white bright spot,hatbsa“Oubyen, si kò a vin brile nan dife, e maleng brile a vin yon mak vif, blan wouj fonse, oswa blan,
25the priest examines it: if hair in the bright spot turned white and it looks deeper than the skin, it is a skin disease broken out in the burn—he declares him unclean; it is a skin disease.hatbsaalò, prèt la va gade li. Epi si plim nan mak vif la vin tou blanch e parèt pi fonse ke chè a, sa se lalèp. Li vin parèt nan kote ki brile a. Konsa, prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se yon enfeksyon lalèp.
26If the priest examines it and finds no white hair in the bright spot, and it's no deeper than the skin but faded, he is to isolate him seven days.hatbsaMen si prèt la gade li, e vrèman, pa gen plim blan nan mak vif la e li pa pi fon ke po a, men li vin pal; alò, prèt la va izole li pandan sèt jou.
27On day seven the priest examines him. If it spread on the skin, the priest pronounces him unclean—a defiling skin disease.hatbsaEpi prèt la va gade li nan setyèm jou a. Si li gaye plis sou po a, alò, prèt la va pwoklame li pa pwòp.Sa se yon enfeksyon lalèp.
28But if the bright spot stays in place, hasn't spread on the skin, and has faded, it's the burn's swelling; the priest is to declare him clean—it is only the burn's scar.hatbsaMen si mak vif la toujou rete nan plas li, e li pa gaye nan po a, men li vin pal, sa se sèlman enflamasyon ki soti nan brile a, epi prèt la va pwoklame li pwòp, paske se sèlman sikatris brile a.
29"When a man or a woman has a mark on the head or in the beard,hatbsa“Alò, si yon nonm oswa yon fanm gen yon enfeksyon nan tèt oswa nan bab,
30the priest examines the mark; if deeper than the skin, with thin yellow hair, he pronounces them unclean—an itch, a skin disease of the head or beard.hatbsaalò, prèt la va gade enfeksyon an. Si li parèt pi fonse pase po a e li vin gen yon ti plim avèk yon koulè jon, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se yon kal. Sa se lalèp nan tèt oubyen nan bab.
31But if the priest examines the itch mark and it looks no deeper than the skin and has no black hair in it, the priest is to isolate the person for seven days.hatbsaMen si prèt la gade enfeksyon kal la, e vrèman, li parèt pi fonse ke po a, e nanpwen plim nwa ladann, alò, prèt la va izole moun avèk enfeksyon kal la pandan sèt jou.
32On the seventh day the priest examines the mark: if the itch hasn't spread, has no yellow hair, and looks no deeper than the skin.hatbsaNan setyèm jou a, prèt la va gade enfeksyon an; epi si kal la pa gaye pi lwen, li pa gen ti plim jon ki grandi ladann, e li pa sanble ke kal la pi fonse ke po a,
33The man is to shave, but not the sore area; the priest isolates him another seven days.hatbsaanswit, li va pase razwa sou li, men pa sou kal la; epi prèt la va izole moun avèk kal la pandan sèt jou anplis.
34On the seventh day the priest examines the itch. If it hasn't spread on the skin and looks no deeper than the skin, the priest declares him clean. He washes his clothes and is clean.hatbsaAnswit, nan setyèm jou a, prèt la va gade kal la, si kal la pa gaye nan po a, e li pa parèt pi fonse ke po a, prèt la va pwoklame li pwòp. Li va lave rad li, e li va vin pwòp.
35But if the itch spreads further on the skin after his cleansing,hatbsaMen si kal la vin gaye plis sou po a apre pirifikasyon li,
36the priest examines him; if the itch spread on the skin, the priest need not look for yellow hair—the man is unclean.hatbsaalò, prèt la va gade li, e si kal la ap gaye nan po a, prèt la pa bezwen chèche plim jon nan. Li pa pwòp.
37But if the priest sees it unchanged, with black hair grown in it, it's healed; he's clean—the priest pronounces him clean.hatbsaSi nan zye li, kal la rete, malgre sa, plim nwa yo vin grandi ladann, kal la vin geri, li pwòp. Konsa, prèt la va pwoklame li pwòp.
38"When a man or a woman has white bright spots on their skin,hatbsa“Lè yon nonm oswa yon fanm gen mak vif sou po kò a, menm mak tou blanch,
39the priest examines them; if the bright spots on their skin are dull white, it is a harmless rash that has broken out on the skin; he is clean.hatbsaalò prèt la va gade, e si mak vif sou po kò yo se blan pal, se sèlman ekzema ki parèt sou po a. Li pwòp.
40"When a man loses the hair on his head, he is bald, but he is clean.hatbsa“Alò, si yon nonm pèdi cheve nan tèt li, li vin chòv. Li pwòp.
41If hair falls from the front of his head, his forehead is bald, but he is clean.hatbsaSi tèt li vin kale pa devan e sou kote, li chòv pa devan. Li pwòp.
42But if a reddish-white sore is on his bald head or forehead, it is a skin disease breaking out on his bald head or forehead.hatbsaMen si nan tèt chòv la oswa nan fwontèn chòv la, vin rete yon enfeksyon koulè blan— wouj fonse, sa se lalèp k ap parèt sou tèt chòv li oswa fwontèn chòv li a.
43The priest examines him; if a reddish-white swelling is on his bald head or forehead, like skin disease on the body's skin.hatbsaAnswit, prèt la va gade li. Konsa, si enflamasyon enfeksyon an blan-wouj fonse sou tèt chòv oswa sou fwontèn chòv li, tankou aparans lalèp sou po kò a,
44A man with a skin disease is unclean; the priest must declare him unclean, his mark on his head.hatbsali se yon moun lalèp. Li pa pwòp. Prèt la va vrèman pwoklame li pa pwòp. Enfeksyon li sou tèt li a.
45"Anyone with the skin disease must wear torn clothes, let their hair hang loose, cover their upper lip, and cry, 'Unclean, unclean!'hatbsaPou moun lalèp ki gen enfeksyon an, fòk li mete rad chire, e lese cheve nan tèt li san penyen. Li va kouvri moustach li e kriye: ‘Pa pwòp, pa pwòp.’
46While the mark remains, they are unclean—unclean; they must live alone, outside the camp.hatbsaLi va rete pa pwòp pandan tout jou ke enfeksyon an dire yo. Li pa pwòp. Li va abite izole pou kont li. Li gen pou rete deyò kan an.
47"When a garment has a mark of mildew in it, whether a wool or a linen garment,hatbsa“Lè yon vètman vin gen lalèp kanni, kit se twal len nèt kit se twal len fen,
48in fabric of linen or wool, woven or knitted, or in leather or anything of leather,hatbsakit li tise, kit li trikote avèk len nèt oswa avèk len fen, kit se an kwi oswa an okenn bagay ki fèt an kwi,
49if a mark on garment, leather, warp, or weft, or any leather article, is greenish or reddish, it is mildew and must be shown to the priest.hatbsasi mak la tou vèt oswa wouj nan vètman an, kit se an kwi, oswa an tise ou trikote, oswa an okenn bagay an kwi, li se yon mak lalèp kanni, e fòk li vin montre bay prèt la.
50The priest is to examine the mark and isolate the affected article for seven days.hatbsaAlò, prèt la va gade mak la e li va izole bagay avèk mak la pandan sèt jou.
51On the seventh day he examines the mark. If it has spread in the garment, warp or weft, or in leather or anything made of leather, it is destructive mildew—unclean.hatbsaKonsa, li va gade mak la nan setyèm jou a. Si mak la vin gaye sou rad la nan tise a, oswa trikote a, oswa an kwi oubyen nenpòt bagay ke kwi a sèvi, mak la se lalèp kanni, e li se yon maleng. Li pa pwòp.
52Burn the garment—warp or weft, wool or linen—or any leather article with the mark, for it is a destructive mildew; burn it in the fire.hatbsaPou sa, li va brile rad la, kit an tise, oswa an trikote, oswa an len nèt, an len fen, oubyen nenpòt bagay an kwi kote mak la parèt, paske li se lalèp kanni maleng. Li va brile nan dife.
53"But if the priest examines it and the sore hasn't spread in the garment, or warp, or weft, or any leather article,hatbsa“Men si prèt la ta gade, e vrèman, mak la pa gaye nan vètman an, ni nan tise a, ni nan trikote a, ni nan bagay an kwi a,
54the priest will order the marked article washed, and isolate it another seven days.hatbsaalò, prèt la va pase lòd pou lave bagay ki te gen mak la e li va vin izole li pandan sèt jou anplis.
55After the affected fabric is washed, the priest examines it. If the mark's look hasn't changed, though it hasn't spread, it is unclean. Burn it in the fire—it is a corroding spot, inside or outside.hatbsaLè bagay la avèk mak la fin lave, prèt la va gade ankò, e si mak la pa chanje aparans li, malgre mak la pa gaye, li pa pwòp. Nou va brile li nan dife, menm si li epwize pa anwo oswa pa devan li.
56If the priest sees the mark has faded after washing, he must tear it from the garment, leather, or woven or knitted material.hatbsaAlò, si prèt la gade e mak la vin mwens, li va chire e retire li nan vètman an, oswa an kwi a, kit se nan tise, kit se nan trikote a;
57If it reappears in the garment, woven or knitted, or any leather, it's spreading; burn what has the mark in fire.hatbsaepi si li parèt ankò nan vètman an, kit se nan tise a, oswa nan trikote a, oswa nan nenpòt bagay ki fèt an kwi, sa se yon epidemi lalèp kanni. Bagay la avèk mak la va brile nan dife.
58But if the mark leaves the garment, warp, weft, or leather item you washed, wash it again—it is clean.hatbsaVètman an, kit se nan tise, oswa nan trikote, oswa nan nenpòt bagay ki fèt an kwi kote mak la te sòti lè nou te lave li a, li va konsa lave yon dezyèm fwa e li va vin pwòp.”
59"This is the law for a mildew mark on a wool or linen garment, warp or weft, or any leather item—to pronounce it clean or unclean."hatbsaSa se lalwa pou mak lalèp kanni nan yon vètman an len nèt, oswa len fen, oswa an tise, oswa an trikote, oswa an nenpòt bagay ki fèt an kwi, pou pwoklame li pwòp oswa pa pwòp.