Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Israel broke faith with what was devoted to destruction: Achan son of Carmi, son of Zabdi, son of Zerah, of Judah's tribe, took some of it. So our Father's anger burned against Israel. Men fis Israël yo te aji avèk movèz fwa nan bagay ki te dedye anba ve yo; paske Acan, fis a Carmi a, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a, te pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Pou sa, chalè SENYÈ a te brile kont fis Israël yo.
2 Joshua sent men from Jericho to Ai, near Beth-aven, east of Bethel, saying, "Go up and scout the land." They went up and scouted Ai. Alò, Josué te voye mesye sòti Jéricho yo vè Aï, ki toupre Beth-Aven an, nan lès a Bethel la. Li te di yo: “Ale monte e fè espyonaj peyi a.” Konsa, mesye yo te monte pou te fè espyonaj Aï.
3 They returned and told Joshua, "Not everyone needs to go up. Send about two or 3,000 men to attack Ai; don't wear out all the people—they are few." Yo te retounen a Josué e te di li: “Pa kite tout pèp la monte; sèlman de oswa twa mil mesye bezwen monte Aï. Pa fè tout pèp la fòse fè efò a, paske yo pa anpil.”
4 So about 3,000 of the people went up, but they fled before the men of Ai. Konsa, anviwon twa mil mesye ki sòti nan pèp la te monte; men yo te sove ale devan mesye Aï yo.
5 Ai's men struck down about thirty-six of them, chasing them from the gate to the quarries, striking them on the descent. The people's hearts melted, turning to water. Mesye Aï yo te frape yo, mete ba anviwon trann-sis nan mesye yo. Yo te kouri dèyè yo soti nan pòtay la jis rive Schebarim pou te frape yo, mete yo ba pandan yo t ap desann, jiskaske kè pèp la te fonn e te vin tankou dlo.
6 Joshua tore his clothes and fell facedown to the ground before the ark of our Father until evening, he and Israel's elders, and they threw dust on their heads. Josué te chire rad li, e te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a, jis rive nan aswè, ni li menm avèk ansyen a Israël yo. Epi yo te mete pousyè sou tèt yo.
7 Joshua said, "Oh, Sovereign Father, why did you bring this people across the Jordan, only to hand us over to the Amorites to destroy us? If only we'd been content to stay beyond the Jordan! Josué te di: “Ay, O SENYÈ Bondye, poukisa Ou te janmen mennen pèp sila a travèse Jourdain an pou livre yo nan men a Amoreyen yo, pou detwi nou? Si sèlman, nou ta dakò rete lòtbò Jourdain an!
8 Please, Sovereign Father, what can I say, now that Israel has turned and fled from its enemies? O SENYÈ, kisa mwen kapab di lòske Israël te vire do yo devan lènmi yo?
9 The Canaanites and all who live in the land will hear, surround us, and erase our name from the earth. Then what will you do for your great name?" Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?”
10 Our Father said to Joshua, "Stand up! Why have you fallen on your face? Konsa, SENYÈ a te di a Josué: “Leve ou menm! Poukisa ou te tonbe sou figi ou?
11 "Israel has sinned, breaking my covenant I commanded them. They took some devoted things, stole, lied, and put them among their own belongings. Israël te peche. Yo te anplis, fè transgresyon akò ke Mwen te kòmande yo a. Wi, yo te menm pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Yo te vòlè ak twonpe. Anplis, yo te mete yo pami pwòp afè pa yo.
12 So Israel can't stand before its enemies—they turn their backs before them, because they are now devoted to destruction. I won't be with you again unless you destroy what is devoted to destruction among you. Pou sa, fis Israël yo pa kapab kanpe devan lènmi yo. Yo vire do yo devan lènmi yo, paske yo te vin modi. Mwen p ap avèk nou ankò amwenske nou detwi bagay ki anba ve soti nan mitan nou yo.
13 Get up! Dedicate the people. Tell them: Dedicate yourselves for tomorrow, for our Father, the God of Israel, says: Devoted things are among you, Israel. You cannot stand against your enemies until you remove them. “Leve ou menm! Konsakre pèp la e di: ‘Konsakre nou menm pou demen. Paske konsa, SENYÈ a, Bondye Israël la te di: “Gen bagay ki anba ve a nan mitan nou, O Israël. Ou pa kapab kanpe devan lènmi ou yo jiskaske ou retire bagay ki anba ve yo soti nan mitan ou.”’”
14 "In the morning, present yourselves tribe by tribe. The tribe our Father selects comes forward clan by clan; the clan he selects comes forward family by family; the family he selects comes forward man by man. “Nan maten, alò, ou va vin toupre tribi ou yo. Epi li va fèt ke tribi ke SENYÈ a pran pa tiraj osò a va apwoche pa fanmi. Epi fanmi ke SENYÈ a pran an va apwoche pa kay yo. Epi kay ke SENYÈ a pran an va pwoche moun pa moun.
15 Whoever is caught with the devoted things will be burned with fire—him and all he has—for violating our Father's covenant and doing a disgraceful thing in Israel." Li va fèt ke sila ki pran bagay ki anba ve a va brile avèk dife, li menm avèk tout sa ki pou li, akoz li te transgrese akò SENYÈ a, e akoz li te fè yon gwo wont an Israël.”
16 Joshua rose early and brought Israel near by tribes; Judah's tribe was picked. Konsa, Josué te leve bonè nan maten e te fè Israël pwoche pa tribi. Tribi Juda a te pran.
17 He brought Judah's clans forward; the Zerahite clan was taken. He brought the Zerahite clan forward, family by family; Zabdi was taken. Li te fè fanmi Juda pwoche; li te pran fanmi Zérarit yo. Li te fè fanmi Zérarit la pwoche moun pa moun e Zabdi te pran.
18 Joshua brought his household forward, man by man, and Achan son of Carmi, son of Zabdi, son of Zerah, of Judah's tribe, was caught. Li te fè fanmi lakay li pwoche, moun pa moun, epi Acan, fis a Carmi, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a te pran.
19 Joshua said to Achan, "My son, give glory to our Father, the God of Israel, and give him praise. Tell me now what you've done—don't hide it from me." Epi Josué te di Acan: “Fis mwen, souple, bay glwa a SENYÈ a, Bondye a Israël la, epi konfese a Li menm. Di mwen koulye a sa ou te fè a. Pa kache li de mwen.”
20 Achan answered Joshua, "Truly, I have sinned against our Father, the God of Israel. This is what I did: Konsa, Acan te reponn Josué e te di: “Anverite, mwen te peche kont SENYÈ a, Bondye a tout Israël la; men sa mwen te fè a:
21 Among the plunder I saw a beautiful robe from Shinar, about five pounds of silver, and a gold bar weighing about 1.2 pounds. I wanted them and took them; they're hidden in my tent floor, the silver underneath." Lè mwen te wè nan piyaj la yon bèl manto ki sòti Schinear ak de san sik ajan, yon ba lò a pèz senkant sik, alò, mwen te anvi yo e te pran yo. Epi gade byen, yo kache nan tè anndan tant mwen an avèk ajan an anba li.”
22 Joshua sent messengers; they ran to the tent and found it hidden in his tent, silver underneath. Konsa, Josué te voye mesaje yo. Yo te kouri vè tant lan, epi veye byen, li te kache nan tant li an avèk ajan an anba li.
23 They took them from inside the tent, brought them to Joshua and all Israel's sons, and set them out before our Father. Yo te pran yo soti anndan tant lan, epi yo te pote yo vè Josué avèk tout fis Israël yo pou yo te vide yo devan SENYÈ a.
24 Joshua and all Israel took Achan son of Zerah, the silver, the robe, the bar of gold, his sons, daughters, cattle, donkeys, sheep, tent, and all he owned, and brought them up to the Valley of Achor. Epi Josué ak tout Israël avèk li te pran Acan, fis a Zérach la, ajan an, manto a, ba lò a, fis li yo, fi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton li yo, tant li ak tout sa ki te pou li; epi yo te mennen yo monte nan vale Acor a.
25 Joshua said, "Why have you troubled us? Our Father will trouble you today." And all Israel stoned Achan with stones, then burned them with fire, and stoned them with stones. Josué te di: “Poukisa ou te twouble nou? Jodi a, SENYÈ a va twouble ou.” Konsa, tout Israël te lapide yo avèk kout wòch. Epi yo te brile yo avèk dife lè yo te fin lapide yo avèk kout wòch.
26 They piled a great heap of stones over him, there to this day. Then our Father turned from his burning anger. So that place is called the Valley of Achor to this day. Yo te fè leve sou li yon gwo pil wòch ki kanpe jis rive jodi a. Epi SENYÈ a te vire kite gwo chalè kòlè Li a. Pou sa, non a plas sa a te vin rele Vale Acan jis rive jodi a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]