Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now Jericho was shut tight because of the Israelites; no one went out and no one came in. Alò, Jéricho te byen sere pa fis Israël yo. Pèsòn pa t sòti ni antre.
2 Then our Father said to Joshua, "See, I have given Jericho, its king, and its mighty warriors into your hand. SENYÈ a te di a Josué: “Gade, Mwen te livre Jéricho nan men ou, avèk wa li ak gèrye vanyan li yo.
3 "March around the city, all you fighting men, circling it once. Do this for six days. Mache antoure vil la avèk tout mesye lagè nou yo pou l tou ansèkle li yon fwa. Ou va fè sa pandan si jou.
4 Have seven priests carry seven rams' horns before the ark. On the seventh day, march around the city seven times while the priests blow the horns. Anplis, sèt prèt va pote sèt twonpèt fèt ak kòn belye devan lach la. “Konsa, nan setyèm jou a, nou va mache antoure vil la sèt fwa e prèt yo va soufle twonpèt yo.
5 When the ram's horn sounds a long blast and you hear it, have all the people give a great shout. The city wall will fall flat, and each person will charge straight ahead." Li va vin rive ke lè yo fè yon gwo son avèk kòn belye a, lè nou tande son twonpèt la, tout pèp la va rele fò avèk yon gwo bri; epi miray vil la va tonbe plat e pèp la va monte, chak moun tou dwat.”
6 Joshua son of Nun called the priests and told them, "Take up the ark of the covenant, and have seven priests carry seven rams' horns before the ark of our Father." Konsa, Josué, fis la a Nun nan, te rele prèt yo. Li te di yo: “Pran lach akò a, e kite sèt prèt yo pote sèt twonpèt yo fèt avèk kòn belye yo devan lach SENYÈ a.”
7 He told the people, "Advance! March around the city, and let the armed men go ahead of our Father's ark." Yo te di a pèp la: “Ale devan, mache antoure vil la e kite mesye ak zam yo ale devan lach SENYÈ a.”
8 When Joshua finished speaking, the seven priests carrying the seven rams' horns before our Father moved forward, blowing the horns, and the ark of our Father's covenant followed them. Li te vin rive ke lè Josué te pale avèk pèp la, sèt prèt ki t ap pote sèt twonpèt a kòn belye yo devan SENYÈ a te avanse, e te soufle twonpèt yo, epi lach akò SENYÈ a te swiv yo.
9 The armed men marched ahead of the priests blowing the horns, the rear guard behind the ark, horns sounding continually. Mesye avèk zam yo te ale devan prèt ki tap soufle twonpèt yo, epi gad aryè a te swiv lach la, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo.
10 But Joshua ordered the people, "Don't shout or let your voice be heard; not one word from your mouth until I say, 'Shout!' Then shout." Men Josué te kòmande pèp la e te di: “Nou pa pou rele, ni kite yo tande vwa nou menm. Ni pa kite yon mo sòti nan bouch nou, jis rive jou ke m di nou: ‘Rele fò!’ Alò, nan moman sa a, nou va rele fò!”
11 So he made the ark of our Father circle the city once. Then they came to the camp and spent the night in the camp. Konsa, li te fè lach SENYÈ a antoure vil la ansèkle l yon fwa. Konsa, yo te rantre nan kan an, e yo te pase nwit lan la nan kan an.
12 Joshua got up early the next morning, and the priests took up the ark of our Father. Alò, Josué te leve granmmaten, e prèt yo te leve pran lach SENYÈ a.
13 The seven priests carrying the seven rams' horns before the ark of our Father marched on, blowing them steadily. The armed men led; the rear guard followed the ark of our Father as the horns sounded. Sèt prèt ki te pote sèt twonpèt kòn belye yo devan lach SENYÈ a, te kontinye san rete e te soufle twonpèt yo. Mesye avèk zam yo te ale devan yo, e gad an aryè yo te swiv lach SENYÈ a, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo.
14 So on the second day they marched around the city once and returned to camp. They did this for six days. Konsa, nan dezyèm jou a, yo te mache antoure vil la yon fwa e te retounen nan kan an. Yo te fè konsa pandan si jou.
15 On the seventh day they rose at dawn and circled the city as before, but this day seven times. Alò, nan setyèm jou a, yo te leve bonè avan jou, e te mache antoure vil la menm jan an sèt fwa. Sèl nan jou sa a, yo te mache antoure vil la sèt fwa.
16 The seventh time around, as the priests blew the horns, Joshua told the people, "Shout! For our Father has given you the city. Nan setyèm fwa a, lè prèt yo te soufle twonpèt yo, Josué te di a pèp la: “Rele fò!” Paske SENYÈ a gen tan bannou vil la.
17 The city and all in it are devoted to our Father for destruction. Only Rahab the prostitute and everyone with her in her house will live, because she hid the messengers we sent. “Vil la va vin dedye anba ve, li menm avèk tout sa ki ladann se pou SENYÈ a. Sèl Rahab, pwostitiye a ak tout moun ki avè l nan kay la va viv, akoz li te kache mesaje ke nou te voye yo.
18 But keep away from what's set apart for destruction, so you don't bring destruction on yourselves by taking any of it, putting the whole camp of Israel in danger of destruction and bringing trouble on it. “Men pou nou menm, sèlman kenbe tèt nou apa pou pa fè bagay sa yo ki anba ve pou detwi, pou nou pa anvi yo e pran kèk bagay ki anba ve a, pou fè kay Israël la vin modi pou gwo pwoblèm vin sou li.
19 But all the silver, gold, and objects of bronze and iron are holy to our Father; they must go into his treasury." Men tout ajan avèk lò, zafè an bwonz ak fè, sen a SENYÈ a. Yo va antre nan trezò SENYÈ a.”
20 So the people shouted as the priests blew the horns. Hearing the trumpet, they gave a great shout, and the wall fell flat. The people charged into the city, each straight ahead, and captured it. Alò, pèp la te rele fò, prèt yo te soufle twonpèt yo. Lè pèp la te tande son twonpèt la, yo te rele fò avèk yon gwo kri, epi miray la te tonbe plat. Epi konsa, pèp la te antre nan vil la, tout mesye toudwat pou yo te pran vil la.
21 They devoted everything in the city to destruction—men and women, young and old, oxen, sheep, donkeys—with the edge of the sword. Yo te detwi tout bagay nan vil la nèt; ni gason, ni fanm, jèn kon granmoun, ni bèf, ni mouton, ni bourik, pa lam nepe.
22 Joshua told the two men who had spied out the land, "Go to the prostitute's house and bring out the woman and all who belong to her, as you swore to her." Josué te di a de mesye ki te fè espyonaj peyi yo: “Antre lakay pwostitiye a e mete fanm nan avèk tout sa li genyen deyò, jan nou te pwomèt li a.”
23 So the young spies went in and brought out Rahab, her father, mother, brothers, and all who belonged to her. They brought out her whole family and settled them outside Israel's camp. Konsa, jennonm ki te espyon yo te antre. Yo te mennen Rahab deyò avèk papa l ak manman l, frè li yo avèk tout sa li te genyen. Anplis, yo te mete deyò tout fanmi li yo e te plase yo deyò kan Israël la.
24 They burned the city and everything in it, but put the silver, gold, and the bronze and iron articles into the storeroom of our Father's house. Yo te brile vil la avèk dife ak tout sa ki ladann. Sèlman ajan avèk lò avèk tout bagay ki te fèt an bwonz ak fè, yo te mete yo nan trezò kay SENYÈ a.
25 Joshua spared Rahab the prostitute, her father's household, and all who belonged to her. She has lived among Israel to this day, because she hid the messengers Joshua sent to spy out Jericho. Sepandan, Rahab, pwostitiye a, avèk tout kay papa l ak tout sa li te genyen, Josué te konsève yo. Epi li te viv nan mitan Israël jis rive jodi a, paske li te kache mesaje ke Josué te voye pou fè espyonaj Jéricho yo.
26 Then Joshua made them swear this oath: "Cursed before our Father is the man who rises to rebuild this city, Jericho. He will lay its foundation at the cost of his firstborn and set up its gates at the cost of his youngest." Konsa, Josué te pase lòd sèman an nan lè sa a. Li te di: “Modi devan SENYÈ a se sila ki leve pou rebati vil sa a, Jéricho. Avèk pèt premye ne li yo, li va poze fondasyon li; avèk pèt denyè ne li yo, li va monte pòtay li yo.”
27 So our Father was with Joshua, and Joshua's fame spread throughout the land. SENYÈ a te avèk Josué e li te vin byen rekonèt nan tout peyi a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]