Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When all the Amorite kings west of the Jordan and all the Canaanite kings along the sea heard that our Father had dried up the Jordan's waters before Israel until they crossed over, their hearts melted and no spirit was left in them because of Israel. Alò, li te vin rive ke lè tout wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo vè lwès ak tout wa Canaran akote lanmè yo, te tande jan SENYÈ a te seche dlo Jourdain an devan fis Israël yo jiskaske yo te travèse, ke kè yo te fonn, e yo pa t gen kouraj nan yo ankò akoz fis Israël yo.
2 At that time our Father said to Joshua, "Make yourself flint knives and circumcise the Israelites again, a second time." Nan tan sa a, SENYÈ a te di a Josué: “Fè pou ou menm kouto avèk silèks e sikonsi ankò fis Israël yo pou dezyèm fwa a.”
3 So Joshua made flint knives and circumcised Israel's sons at Gibeath-haaraloth, the Hill of Foreskins. Konsa, Josué te fè pou kont li kouto avèk silèks e te sikonsi fis Israël yo nan Gilbreath-Araloth.
4 This is why Joshua circumcised them: all the people who came out of Egypt—the males, all the men of war—had died in the wilderness on the way after leaving Egypt. Men rezon pou sila Josué te sikonsi yo a: tout pèp la ki te sòti an Égypte nan gason yo, tout mesye lagè yo, te mouri nan dezè a nan wout lè yo fin kite Égypte.
5 Everyone who came out had been circumcised, but those born in the wilderness on the way out of Egypt had not been. Paske tout mesye ki te sòti yo te sikonsi, men tout mesye ki te fèt nan dezè a nan wout la pandan yo sòti an Égypte la pa t ankò sikonsi.
6 Israel's people walked forty years in the wilderness until the whole nation—the men of war who left Egypt—died off, because they did not obey our Father's voice. To them our Father swore he would not let them see the land he swore to their ancestors to give us, a land flowing with milk and honey. Paske fis Israël yo te mache karantan nan dezè a, jis tout nasyon an, mesye lagè ki te sòti an Égypte yo, te peri akoz yo pa t koute vwa SENYÈ a, a sila SENYÈ a te sèmante ke Li pa t ap kite yo wè peyi ke SENYÈ a te sèmante bay zansèt pa yo pou bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
7 He raised up their children in their place, and Joshua circumcised them, for they were uncircumcised, not having been circumcised on the way. Timoun ke Li te vin leve pou ranplase yo, Josué te sikonsi yo. Paske yo pa t sikonsi akoz ke yo pa t sikonsi yo nan wout la.
8 When the circumcision of the whole nation was complete, they stayed in camp until they were healed. Alò, lè yo te fin sikonsi tout nasyon an, yo te rete nan plas yo nan kan an jiskaske yo te fin geri.
9 Then our Father said to Joshua, "Today I rolled away Egypt's disgrace from you." So that place is called Gilgal to this day. Epi SENYÈ a te di a Josué: “Jodi a, Mwen te woule fè sòti wont a Égypte la sou nou menm.” Konsa, jis jodi a, yo rele plas sa a Guilgal.
10 Israel camped at Gilgal kept the Passover on the fourteenth of the month, in the evening, on the plains of Jericho. Pandan fis Israël yo te rete Guilgal, yo te obsève Pak la nan lannwit katòzyèm jou nan mwa a nan plèn dezè a Jéricho a.
11 The day after Passover, on that very day, they ate the land's produce: bread without yeast and roasted grain. Nan jou apre Pak la, nan menm jou sa a, yo te manje kèk nan pwodwi tè yo, gato san ledven ak sereyal griye.
12 The manna stopped the day after they ate the land's produce. The Israelites had no more manna; that year they ate the harvest of Canaan. Lamàn te sispann nan jou apre yo te manje kèk nan pwodwi tè yo. Konsa, fis Israël yo pa t gen lamàn ankò, men yo te manje nan donn tè Canaran an pandan ane sa a.
13 Near Jericho, Joshua looked up and saw a man standing before him, sword drawn in hand. He approached and asked, "Are you for us or our enemies?" Alò, li te rive ke lè Josué te toupre Jéricho, li te leve zye li anwo e te gade, vwala, yon nonm te kanpe anfas li avèk nepe li rale nan men l. Josué te pwoche l, e li te di li: “Èske ou pou nou oswa kont nou?”
14 "No," he replied. "I have now come as commander of our Father's army." Joshua fell facedown to the ground, worshiping, and said, "What does my lord say to his servant?" Li te reponn: “Non; olye de sa, anverite mwen vini koulye a kòm kapitèn a lame SENYÈ a.” Konsa, Josué te tonbe atè sou figi li. Li te adore l e te di li: “Kisa mèt mwen an gen pou di a sèvitè li?”
15 The commander of our Father's army said to Joshua, "Take off the sandals from your feet, for the place where you stand is holy." Joshua did so. Kapitèn a lame SENYÈ a te di a Josué: “Retire sapat ou nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a sen.” Epi Josué te fè l.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]