Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When the whole nation had finished crossing the Jordan, our Father said to Joshua, Alò, lè tout nasyon an te fin travèse Jourdain an, SENYÈ a te pale avèk Josué. Li te di:
2 "Take twelve men from the people, one man from each tribe. “Pran pou nou menm douz mesye pami pèp la, yon mesye ki soti nan chak tribi.
3 Command them: 'Take twelve stones from here, the middle of the Jordan, from where the priests' feet stood firm; carry them over with you and set them down at the camp where you sleep tonight.'" Kòmande yo e di: ‘Ranmase pou kont nou douz wòch soti isit la nan mitan Jourdain an, soti nan plas kote pye prèt la ap kanpe fèm nan. Pote yo janbe avèk nou, e poze yo nan plas lojman kote nou va dòmi aswè a.’”
4 So Joshua summoned the twelve men appointed from Israel's sons, one per tribe. Konsa, Josué te rele douz mesye ke li te chwazi soti nan fis Israël yo, yon mesye nan chak tribi,
5 He told them, "Cross before the ark of your Father into the Jordan's middle, each of you take a stone and carry it on your shoulder—one for each tribe of Israel's sons, epi Josué te di yo: “Travèse ankò vè lach SENYÈ a, Bondye nou an, pou rive nan mitan Jourdain an e nou chak pran yon wòch sou zepòl li, selon nonb a tribi a fis Israël yo.
6 so this will be a sign among you: when your children ask later, 'What do these stones mean to you?' Ke sa sèvi kòm yon sign pami nou, jis pou lè pitit nou yo mande pita e di: ‘Kisa wòch sa yo vle di a nou menm’?
7 Tell them: the waters of the Jordan were cut off before the ark of our Father's covenant. When it crossed the Jordan, the waters of the Jordan were cut off. These stones will be a memorial to Israel's people forever." Alò nou va di yo: ‘Akoz dlo Jourdain yo te koupe devan lach akò SENYÈ a. Lè lach la te travèse Jourdain an, dlo Jourdain yo te koupe. Pou sa, wòch sa yo va sèvi kòm yon souvni pou fis Israël yo pou tout tan.’”
8 The Israelites did as Joshua commanded: they took twelve stones from the Jordan's middle, one per tribe of Israel, as our Father had told Joshua, carried them to their camp, and set them down there. Konsa, fis Israël yo te fè jan Josué te kòmande yo a. Yo te leve pran douz wòch yo nan mitan Jourdain an, jan SENYÈ a te pale a Josué a, selon nonb a tribi a fis Israël yo, epi yo te pote yo janbe avèk yo pou rive nan plas lojman an e te poze yo la.
9 Joshua also set up twelve stones in the Jordan's midst, where the priests' feet had stood carrying the ark of the covenant; they remain there to this day. Epi Josué te poze douz wòch yo nan mitan Jourdain an nan plas kote pye a prèt yo ki te pote lach akò a te kanpe. Yo la, jis jodi a.
10 The priests carrying the ark stood in the middle of the Jordan until everything our Father had commanded Joshua to tell the people was finished—just as Moses had commanded Joshua. The people crossed quickly. Paske prèt yo ki te pote lach la te kanpe nan mitan Jourdain an jiskaske tout bagay ke SENYÈ a te kòmande Josué pou pale a pèp la te fini, selon tout sa ke Moïse te kòmande Josué yo. Konsa, pèp la te fè vit travèse.
11 When all the people finished crossing, the ark of our Father and the priests crossed over before the people. Lè tout pèp la te fin travèse, lach SENYÈ a avèk prèt yo te travèse nan prezans a pèp la.
12 Reuben's sons, Gad's sons, and Manasseh's half-tribe crossed over armed before Israel's people, as Moses had told them. Fis Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te janbe abiye e prepare pou fè lagè devan fis Israël yo, jis jan ke Moïse te pale yo a.
13 About 40,000 armed for battle crossed before our Father for war, to Jericho's plains. Anviwon karant mil mesye, prèt pou batay, te travèse devan SENYÈ a vè plèn dezè a Jéricho a.
14 That day our Father made Joshua great in all Israel's eyes; they revered him as they had revered Moses, all his life. Nan jou sa a, SENYÈ a te egzalte Josué nan zye a tout Israël; jis pou yo genyen l respè avèk lakrent, jis jan ke yo te gen respè avèk lakrent pou Moïse pandan tout jou ke li te viv yo.
15 Then our Father said to Joshua, Alò SENYÈ a te di a Josué:
16 "Command the priests carrying the ark of the testimony to come up out of the Jordan." “Kòmande prèt ki pote lach akò a pou monte kite Jourdain an.”
17 So Joshua commanded the priests, "Come up out of the Jordan." Konsa, Josué te kòmande prèt yo. Li te di: “Monte soti nan Jourdain an.”
18 When the priests carrying the ark of our Father's covenant came up from the middle of the Jordan and their feet touched dry ground, the Jordan's waters returned to their place, flowing over all its banks as before. Li te vin rive ke lè prèt ki te pote lach SENYÈ yo te kite mitan Jourdain an, e pla pye yo te monte sou tè sèk, dlo Jourdain an te retounen nan plas li e te depase rivaj yo kòm avan an.
19 The people came up out of the Jordan on the tenth day of month one and camped at Gilgal, on Jericho's east edge. Konsa, pèp la te monte kite Jourdain an nan dizyèm jou a premye mwa a, epi yo te fè kan nan Guilgal akote lès Jéricho.
20 Joshua set up those twelve stones at Gilgal—the ones they had taken from the Jordan. Douz wòch sa yo ke yo te pran nan Jourdain an, Josué te monte nan Guilgal.
21 He told the Israelites, "In days to come, when your children ask their fathers, 'What do these stones mean?' Li te di a fis Israël yo: “Lè pitit nou yo mande papa yo nan tan k ap vini yo, e di: ‘Kisa wòch sa yo ye?’
22 tell your children: 'Israel crossed this Jordan on dry ground.' Alò, nou va eksplike pitit nou yo pou di: ‘Israël te travèse Jourdain sila a sou tè sèk’.
23 For your Father dried up the Jordan's waters before you until you crossed over, just as your Father dried up the Red Sea before us until we crossed over, Paske SENYÈ a, Bondye nou an, te seche dlo Jourdain yo devan nou jiskaske nou te fin travèse, jis jan ke Li te fè nan Lamè Wouj la, ke Li te seche devan nou jiskaske nou te fin travèse a,
24 so all earth's peoples may know our Father's hand is mighty, and so you may always revere your Father." pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke men SENYÈ a pwisan, pou nou kapab gen lakrent SENYÈ a pou tout tan.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]