Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Joshua rose early, and he and all Israel set out from Shittim, reached the Jordan, and camped there before crossing over. Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse.
2 Three days later the officers went through the camp, Nan fen twa jou, ofisye yo te pase nan mitan kan an.
3 and commanded the people: "When you see the ark of the covenant of your Father carried by the Levitical priests, leave your place and follow it. Yo te kòmande pèp la e te di: “Lè nou wè lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, avèk prèt Levit yo k ap pote li, alò, nou va sòti nan plas nou pou swiv li.
4 Only keep a distance between yourselves and it, about 3,000 feet by measure; don't come near it, so you may know the way to go, since you have not traveled this way before." Sepandan, va gen antre nou ak li yon distans anviwon de mil koude (3,000 pye) pa mezi. Pa vin pi prè li, pou nou kapab konnen chemen ke nap pran, paske nou pa t janm fè wout sa a avan.”
5 Joshua told the people, "Dedicate yourselves—tomorrow our Father will do wonders among you." Konsa, Josué te di a pèp la: “Konsakre tèt nou; paske demen SENYÈ a va fè mèvèy yo nan mitan nou.”
6 Then Joshua told the priests, "Take up the ark of the covenant and cross ahead of the people." So they took up the ark of the covenant and went ahead of the people. Josué te pale avèk prèt yo e te di: “Vin leve lach akò a pou travèse lòtbò a avan pèp la.”
7 Our Father said to Joshua, "Today I will begin to exalt you before all Israel, so they may know that as I was with Moses, I will be with you. Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Jou sa a, Mwen va kòmanse egzalte ou nan zye tout Israël la, pou yo kapab konnen ke menm jan ke M te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou.
8 Command the priests carrying the ark of the covenant: 'When you reach the edge of Jordan's water, stand still in the Jordan.'" Anplis, ou va kòmande prèt k ap pote lach akò a e di yo: ‘Lè nou rive arebò dlo yo nan Jourdain an, nou va rete kanpe nan dlo Jourdain an.’”
9 Joshua said to the Israelites, "Come here and listen to the words of your Father." Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Vin la pou koute pawòl a SENYÈ a, Bondye nou an.”
10 Joshua said, "This is how you will know the living Father is among you: he will surely drive out before you the Canaanites, Hittites, Hivites, Perizzites, Girgashites, Amorites, and Jebusites. Josué te di: “Pa sa nou va konnen ke Bondye vivan an pami nou e ke Li va, anverite, deplase soti devan nou Kananeyen an, Etyen an, Evyen an, Ferezyen an, Gigazyen an, Amoreyen an ak Jebizyen an.
11 Look—the ark of the covenant of the Sovereign of all the earth crosses ahead of you into the Jordan. Gade byen, lach akò SENYÈ a tout latè a ap travèse devan nou antre nan Jourdain an.
12 Now then, choose twelve men from the tribes of Israel, one man from each tribe. “Alò, pou sa, pran pou nou menm douz mesye soti nan tribi Israël la, yon nonm pou chak tribi.
13 When the soles of the feet of the priests carrying the ark of the Sovereign Father of all the earth come to rest in the Jordan's waters, the Jordan's waters will be cut off—the water flowing from above—and stand in one heap." Li va rive ke lè pla pye a prèt ki pote lach SENYÈ a, SENYÈ tout latè a, poze nan dlo a Jourdain an, dlo Jourdain an va koupe, e dlo k ap kouri desann soti anwo yo va rete fè yon pil.”
14 When the people left their tents to cross the Jordan, priests carried the covenant ark ahead of them, Pou sa, lè pèp la kite tant pa yo pou travèse Jourdain an avèk prèt k ap pote lach akò a devan pèp la,
15 as those carrying the ark reached the Jordan, and the priests' feet carrying the ark dipped in the water's edge (for the Jordan overflows all its banks all harvest days), epi lè sila ki te pote lach la te antre nan Jourdain an, epi depi pye a prèt k ap pote lach la te tanmen fonse bò dlo a; (paske Jourdain an toujou depase rivaj li yo pandan tout sezon rekòlt la),
16 the water flowing from upstream stood, rising into one heap far off at Adam, the city near Zarethan, while the water flowing down to the Sea of the Arabah, the Dead Sea, was completely cut off. So the people crossed opposite Jericho. dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.
17 The priests carrying the ark of our Father's covenant stood firm on dry ground in the Jordan's middle, while all Israel crossed on dry ground until the whole nation finished crossing the Jordan. Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]