Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Joshua son of Nun quietly sent two men from Shittim as spies: "Go, scout the land, especially Jericho." They went, entered the house of a prostitute named Rahab, and stayed there. Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.
2 The king of Jericho was told, "Men came here tonight from the Israelites to scout the land." Sa te pale a wa Jéricho a. Yo te di: “Gade byen, de mesye ki sòti nan fis Israël yo te vini isit la lannwit lan pou fè espyon nan peyi a.”
3 Jericho's king sent to Rahab: "Bring out the men who came to you and entered your house, for they came to scout the whole land." Epi wa Jéricho a te voye vè Rahab e te di: “Mete deyò mesye ki te vin kote ou yo, paske yo te vin fè espyon nan peyi a.”
4 But the woman had taken the two men and hidden them, and said, "Yes, the men came to me, but I didn't know where they were from. Men fanm nan ki te deja pran mesye yo pou kache yo, te di: “Wi, mesye sa yo te vini kote mwen, men mwen pa t konnen kote yo te sòti.
5 At dark, as the gate was closing, the men left. I don't know where the men went. Chase them quickly, since you'll catch them." Li te vin rive nan lè pou fèmen pòtay yo lè l te fènwa, ke mesye yo sòti deyò. Men mwen pa konnen kote mesye yo te ale. Kouri dèyè yo byen vit! Konsa, ou ka gen tan pran yo.”
6 But she had brought them up to the roof and hidden them in her flax stalks laid there. Men li te vrèman mennen yo anwo galri twati kay la, pou l te kache yo nan pakèt len ke li te mete an lòd sou twati kay la.
7 The men chased them on the Jordan road to the fords, and once the pursuers left, the gate was shut. Konsa, mesye yo te kouri dèyè yo sou wout la pou rive nan lye pou travèse Jourdain an. Depi sila ki t ap pouswiv yo te pati, yo te fèmen pòtay la.
8 Before the spies lay down for the night, Rahab came up to them on the roof, Alò, avan yo te kouche, fi a te vin kote yo sou twati a.
9 and said to them, "I know the LORD has given you the land, that dread of you fell on us, and all living in the land melt away before you. Epi li te di mesye yo: “Mwen konnen ke SENYÈ a te bannou peyi a, e ke gwo laperèz nou gen tan tonbe sou nou. Tout kouraj abitan peyi a vin fonn e disparèt devan nou.
10 We heard how the LORD dried up the Red Sea before you when you left Egypt, and what you did to Sihon and Og, the two Amorite kings east of the Jordan, whom you devoted to destruction. Paske nou te tande jan SENYÈ a te fin seche dlo Lamè Wouj devan nou lè nou te sòti an Égypte la, ak sa nou te fè de wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo, a Sihon ak Og, ke nou te detwi nèt.
11 We heard, our hearts melted, no courage left in anyone because of you, for the LORD your God is God in heaven above and earth below. Lè nou vin tande sa, kè nou te fonn. Pa t gen kouraj ki te rete nan okenn moun ankò akoz nou menm, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a.
12 Now swear to me by the LORD: since I showed you kindness, show kindness to my father's house too. Give me a reliable sign, “Alò, pou sa, souple, sèmante a mwen pa SENYÈ a, paske mwen te aji avèk bon kè anvè nou; ke nou, osi, nou va aji avèk bon kè anvè lakay papa m. Fè mwen yon sèman fidèl,
13 to spare the lives of my father, mother, brothers, sisters, and all who belong to them, and rescue us from death." pou konsève lavi papa m avèk manman m, frè m avèk sè m yo avèk tout moun ki pou yo, e livre lavi nou sòti nan lanmò.”
14 "Our lives for yours!" the men said to her. "If you do not report what we are doing, then when our Father gives us the land, we'll show you kindness and faithfulness." Konsa, mesye yo te di l: “Vi pa nou pou vi pa w si ou pa pale zafè nou; epi li va rive ke lè SENYÈ a bannou peyi a, ke nou va aji avèk bon kè, e fidèlman avèk ou.”
15 She lowered them by rope through the window, since her house was in the city wall—she lived in the wall. Konsa, li te fè yo desann nan fenèt la pa yon kòd; paske lakay li a se te sou miray lavil la, kòmsi li t ap viv sou miray la.
16 She said, "Go to the hills, or pursuers will meet you. Hide there three days until they return, then go your way." Li te di yo: “Ale nan peyi kolin yo, pou sila k ap kouri dèyè nou yo pa twouve nou. Kache kò nou la pandan twa jou jiskaske sila k ap kouri dèyè nou yo retounen. Epi apre, nou kapab fè wout nou.”
17 The men said to her, "We will be free from this oath you have made us swear, Mesye yo te di li: “Nou p ap responsab sèman ke ou te fè nou fè a,
18 unless, when we enter the land, you tie this scarlet cord in the window you lowered us through, and gather your father, mother, brothers, and all your father's household into the house. amwenske lè nou antre nan peyi a, ou mare kòd fisèl wouj sa a nan fenèt kote ou te fè nou desann nan. Epi rasanble ou menm nan kay la avèk papa ou ak manman ou, frè ou yo ak tout manm lakay papa ou yo.
19 Anyone who goes out your house doors into the street—their blood is on their own head; we're clear. But if a hand touches anyone with you inside, their blood is on our head. Li va rive ke nenpòt moun ki ale deyò pòt lakay ou pou antre nan lari a, san li va sou pwòp tèt li e nou va lib de sèman an. Men nenpòt moun ki avèk ou nan kay la, san pa li va sou tèt nou si yon moun men mete sou li.
20 If you tell what we're doing, we're released from the oath you made us swear." Men si ou pale zafè sa a; alò, nou va vin lib de sèman ke ou te fè nou fè a.”
21 "Let it be as you say," she said. She sent them off; they left, and she tied the scarlet cord in the window. Li te di: “Selon pawòl nou, ke sa vin fèt konsa.” Epi li te voye yo ale. Yo te pati, epi li te mare kòd wouj la nan fenèt la.
22 They went into the hills, stayed there three days until the pursuers returned. The pursuers searched the whole road and found nothing. Yo te pati pou te rive nan peyi kolin yo, e te rete la pandan twa jou jiskaske sila ki t ap pouswiv yo te retounen. Alò, moun ki t ap swiv yo te chache toupatou akote chemen an, men yo pa t twouve yo.
23 The two men turned back, came down from the hills, crossed over, reached Joshua son of Nun, and told him all that happened to them. Konsa, de mesye sa yo te desann peyi kolin yo pou te travèse rive kote Josué, fis a Nun nan. Yo te pale li tout sa ki te rive yo.
24 They told Joshua, "Our Father has surely given the whole land into our hands; indeed, all who live there are melting away in fear before us." Yo te di Josué: “Anverite, SENYÈ a te bannou tout peyi a nan men nou. Anplis, kè tout abitan peyi a tap fonn e disparèt devan nou.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]