Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After Moses our Father's servant died, our Father told Joshua son of Nun, Moses' assistant: Alò, li te vin rive ke apre lanmò Moïse, sèvitè SENYÈ a, ke SENYÈ a te pale avèk Josué, fis a Nun nan, sèvitè Moïse la. Li te di:
2 "Moses my servant is dead. Now get up, cross the Jordan, you and all these people, into the land I am giving them, the children of Israel. “Moïse, sèvitè Mwen an, gen tan mouri. Pou sa, leve, travèse Jourdain sila a, ou menm avèk tout pèp sa a, nan peyi ke Mwen ap bay a yo menm, a fis Israël yo.
3 Every place where you set foot I have given to you, just as I promised Moses. “Chak kote ke pla pye ou va pile, Mwen ap ba ou li, jis jan ke Mwen te pale a Moïse la.
4 Your territory will run from the wilderness and this Lebanon to the great river Euphrates—all the Hittite land—and to the Great Sea toward the sunset. Soti nan dezè a ak Liban sila a, menm jis rive nan gran rivyè a, Rivyè Lefrat la, tout peyi Etyen an, jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche a va teritwa pa nou.
5 No one will stand against you all your life. As I was with Moses, I will be with you; I will not leave or abandon you. Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou.
6 "Be strong and courageous, for you will lead these people to inherit the land I swore to their ancestors I would give them. Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.
7 Only be strong and very courageous, careful to obey all the law Moses my servant commanded you. Do not turn from it right or left, so you may succeed wherever you go. “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
8 Never let this Book of the Law leave your lips; think on it day and night, to carefully do all written in it. Then your way will thrive and you will succeed. “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
9 Have I not commanded you? Be strong and courageous. Do not fear or be discouraged, for I, your Father, am with you wherever you go." “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
10 Then Joshua commanded the officers of the people: Konsa, Josué te kòmande ofisye pèp yo. Li te di:
11 "Go through the camp and command the people: 'Prepare provisions, for in three days you cross the Jordan to enter and take the land your Father is giving you to possess.'" “Pase nan mitan kan an e kòmande pèp la pou di yo: ‘Prepare pwovizyon nou. Paske nan twa jou, nou va travèse Jourdain sila a, pou antre pran peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou posede a.’”
12 To the Reubenites, the Gadites, and the half-tribe of Manasseh, Joshua said: A Ribenit yo avèk Gadit yo ak mwatye tribi Manassé a, Josué te di:
13 "Remember what Moses, our Father's servant, commanded you: 'Your Father is giving you rest and will give you this land.' “Sonje pawòl ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou, lè l te di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou repo, e Li va bannou peyi sa a.
14 Your wives, children, and livestock stay in the land Moses gave you east of the Jordan; but all you warriors cross over armed ahead of your brothers to help them, “‘Madanm nou yo, pitit nou yo ak bèt nou yo va rete nan peyi ke Moïse te bannou lòtbò Jourdain an; men nou va travèse devan frè nou yo, prepare an lòd batay la, tout sòlda vanyan nou yo e ou va bay yo soutyen,
15 until our Father gives your brothers rest, as he gave you, and they too take the land he is giving them. Then return to your own land and take it—the land Moses, our Father's servant, gave you beyond the Jordan toward the sunrise." jiskaske SENYÈ a bay frè nou yo repo, tankou nou, epi yo menm tou, yo posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bay yo a. Epi nan lè sa a, nou va retounen nan pwòp teren pa nou an, e posede sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bannou lòtbò Jourdain an, vè solèy leve a.’”
16 They answered Joshua, "All you have commanded us we will do, and wherever you send us we will go. Yo te reponn Josué e te di: “Tout sa ke ou te kòmande nou, nou va fè l, epi nenpòt kote ke ou voye nou, nou va ale.
17 As we obeyed Moses in everything, we will obey you. Only may your Father be with you, as he was with Moses. Jis jan ke nou te obeyi Moïse nan tout bagay la, konsa nou va obeyi ou. Sèlman ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk ou tankou Li te avèk Moïse la.
18 Anyone who rebels against your command and disobeys your words, whatever you command, must be put to death. Only be strong and courageous." Nenpòt moun ki fè rebèl kont lòd ou, e ki pa obeyi pawòl ou yo nan tout sa ou kòmande li fè yo, li va vin mete a lanmò. Sèlman, kenbe fèm e pran kouraj.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]