Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father told Joshua, "Don't be afraid or lose courage. Take all the fighting men with you and go up to Ai. I have handed you the king of Ai, his people, his city, and his land. Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè, ni dekouraje. Pran tout moun lagè yo avèk ou e leve, monte vè Aï. Ou wè, Mwen te mete nan men ou wa Aï a, pèp li a, vil li a ak peyi li a.
2 Do to Ai and its king as you did to Jericho and its king—keep the plunder and livestock. Set an ambush behind the city." Ou va fè a Aï ak tout wa li a menm jan ke ou te fè Jéricho avèk wa li a. Selman, ou va pran pou ou menm kòm piyaj, bèt li yo kòm byen nou sezi pou nou menm. Òganize yon anbiskad pou vil la pa dèyè li.”
3 Joshua and all the fighting men set out for Ai. He chose 30,000 mighty warriors and sent them out by night. Epi Josué te leve avèk tout moun lagè yo pou monte Aï. Josué te chwazi trant mil mesye, gèrye vanyan, e li te voye yo sòti nan lannwit lan.
4 He commanded them, "Wait in ambush behind the city—not too far off. All of you, stay alert. Li te kòmande yo, e te di: “Gade, nou ap fè anbiskad vil la soti pa dèyè li. Pa sòti lwen vil la men nou tout, mete nou touprè.
5 I and all my people will approach the city. When they come out against us as before, we will flee before them. “Mwen menm avèk tout moun ki avè m yo, nou va apwoche vil la. Epi lè yo sòti deyò pou rankontre nou kòm yon premye fwa, nou va sove ale devan yo.
6 They will come out after us until we draw them away from the city, for they'll say, 'They're fleeing before us as before.' Then we'll flee from them. Yo va sòti pou kouri dèyè nou jiskaske nou pati kite vil la, paske yo va di: ‘Y ap sove ale devan nou tankou premye fwa a.’ Konsa, nou va sove ale devan yo.
7 Rise from ambush, seize the city, for your Father will hand it to you. Epi nou va leve anbiskad nou e pran posesyon vil la; paske SENYÈ a, Bondye nou an, va livre li nan men nou.
8 When you take the city, set it on fire. Do as our Father commanded. Look—I have commanded you." Alò, li va rive lè nou fin sezi vil la, ke nou va mete dife nan vil la. Nou va fè li selon pawòl SENYÈ a. Nou wè, mwen te kòmande nou an.”
9 Joshua sent them off, and they went to the place of ambush and waited between Bethel and Ai, west of Ai, but he stayed that night among the people. Konsa, Josué te voye yo ale. Yo te ale nan plas anbiskad la, e yo te rete antre Béthel avèk Aï, nan lwès a Aï; men Josué te pase nwit lan pami moun yo.
10 Joshua rose early, mustered the people, and with Israel's elders led them up to Ai. Alò, Josué te leve bonè nan maten, e li te rasanble pèp la, epi li te monte avèk ansyen Israël yo devan pèp la pou ale Aï.
11 All his fighting men set out, advanced until they were directly opposite the city, and camped north of Ai, with a valley between them and Ai. Tout moun lagè ki te avèk li yo te monte vin toupre. Yo te rive devan vil la, e te fè kan an sou akote nò toupre Aï a. Koulye a te gen yon vale antre yo menm avèk Aï.
12 He took about 5,000 men and set an ambush between Bethel and Ai, west of the city. Li te pran anviwon senk mil mesye, e li te plase yo an anbiskad antre Béthel avèk Aï nan kote lwès vil la.
13 So they stationed the people—the whole camp north of the city, its rear guard west of it—and that night Joshua went into the valley's middle. Konsa, yo te pozisyone moun yo, tout lame ki te nan kote nò vil la ak gad an aryè nan kote lwès vil la. Josué te antre pandan nwit sa a nan mitan vale a.
14 When the king of Ai saw this, the men of the city rose early and rushed out to meet Israel in battle, at the appointed spot facing the Arabah—he and all his people. He did not know an ambush waited behind the city. Li te vin rive ke lè wa Aï la te wè sa, mesye lavil yo te kouri leve bonè pou sòti rankontre Israël nan batay la, li menm avèk tout pèp li a nan plas chwazi a devan plèn dezè a. Men li pa t konnen ke te gen yon anbiskad kont li dèyè vil la.
15 Joshua and all Israel let themselves be driven back and fled toward the wilderness. Josué avèk tout Israël te fè pòz kòmsi yo te fin bat devan yo e yo te sove ale pa chemen dezè a.
16 All the people in the city were called out to pursue them; they pursued Joshua and were drawn away from the city. Tout pèp ki te nan vil la te rele ansanm pou kouri dèyè yo. Konsa, yo te kouri dèyè Josué e li te rale yo soti kite vil la.
17 No man remained in Ai or Bethel who did not go out after Israel; they left the city open and pursued Israel. Konsa, pa t gen yon gason ki rete nan Aï ni Béthel, yo te kite vil la san gade pou te kouri dèyè Israël.
18 Then our Father said to Joshua, "Stretch the javelin in your hand toward Ai—I will hand it to you." So Joshua stretched the javelin in his hand toward the city. Epi SENYÈ a te di a Josué: “Lonje lans ki nan men ou an vè Aï; paske Mwen va ba ou li.” Konsa, Josué te lonje lans ki te nan men l lan vè vil la.
19 The instant he raised his hand, the ambush rose from position, ran into the city, seized it, and quickly set it on fire. Mesye nan anbiskad yo te leve vit nan plas yo, epi lè li te lonje men l, yo te kouri antre nan vil la pou te kaptire li. Byen vit, yo mete dife nan vil la.
20 The men of Ai turned and saw the city's smoke rising to the sky, with no way to flee, since those fleeing to the wilderness had turned back on their pursuers. Lè mesye Aï yo te gade an aryè, vwala, lafimen vil la te vin leve rive jis nan syèl la. Konsa, yo pa t gen kote pou sove ale, ni isit, ni la, paske moun ki t ap sove ale vè dezè yo te vire kont sila ki t ap swiv yo.
21 When Joshua and all Israel saw that the ambush had captured the city, and that its smoke rose, they turned back and struck down Ai's men. Lè Josué avèk tout Israël te wè ke fòs anbiskad la te kaptire vil la, e ke lafimen te monte, yo te vire retounen pou touye mesye Aï yo.
22 The rest came out of the city to meet them, trapping Ai's men between Israel on both sides. Israel struck them until none survived or escaped. Lòt yo nan vil la te sòti pou rankontre yo. Men yo te kwense nan mitan Israël, yon pati bò isit ak yon pati bò laba, epi yo te touye yo jis pèsòn pa t rete nan sila ki te chape sove ale yo.
23 But the king of Ai they took alive and brought to Joshua. Yo te pran wa Aï a vivan e yo te mennen li kote Josué.
24 When Israel finished killing all Ai's residents in the open field and the wilderness where they had chased them, and all had fallen by the sword until none remained, all Israel returned to Ai and struck it with the sword. Alò, lè Israël te fin touye tout abitan Aï yo nan chan dezè a kote yo te kouri dèyè yo, e yo tout te tonbe pa lam nepe jiskaske yo te detwi nèt, alò, tout Israël te retounen Aï pou te frape li avèk lam nepe.
25 All who fell that day, both men and women, were 12,000—all the people of Ai. Tout moun ki te tonbe nan jou sa a, ni lòm ni fanm te douz mil—tout se moun Aï.
26 Joshua kept his javelin raised until he had devoted to destruction all the inhabitants of Ai. Paske Josué pa t desann men l ki te toujou lonje ak lans lan jiskaske li te fin detwi nèt tout moun ki rete Aï yo.
27 Israel kept only the livestock and plunder of that city, as our Father commanded Joshua. Israël te pran sèlman bèt avèk byen sezi a kòm piyaj pa yo, selon pawòl ke SENYÈ a te kòmande Josué a.
28 So Joshua burned Ai and made it a permanent heap of ruins, a desolation to this day. Konsa, Josué te brile Aï. Li te fè li tounen yon pil ranblè jis pou tout tan, yon kote ki dezole jis rive jodi a.
29 He hanged the king of Ai on a tree until evening. At sunset Joshua ordered his body taken down and thrown at the city gate's entrance, and a great heap of stones raised over it—still there today. Li te pann wa Aï a sou yon bwa jis rive nan aswè. Lè solèy la te kouche , Josué te bay lòd pou yo te retire kò li nan bwa a pou te jete li nan antre pòtay vil la, e leve sou li yon gwo pil gwo wòch ki kanpe jis jodi a.
30 Then Joshua built an altar to our Father, the God of Israel, on Mount Ebal, Konsa, Josué te bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye a Israël la, nan Mòn Ébal.
31 just as Moses, our Father's servant, had commanded Israel's people—as written in the Book of the Law of Moses—an altar of uncut stones, untouched by iron. On it they offered burnt offerings to our Father and sacrificed peace offerings. Li te fèt jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande fis Israël yo, jan sa ekri nan liv lalwa Moïse la, yon lotèl avèk wòch ki pa taye, sou sila okenn mesye pa voye yon zouti fè. Yo te ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè yo.
32 There, before the Israelites, he wrote on the stones a copy of the law of Moses, which Moses had written. Josué te ekri la sou wòch yo yon kopi lalwa Moïse la. Li te ekri l nan prezans a fis Israël yo.
33 All Israel—foreigner and native-born alike—with elders, officers, and judges, stood on both sides of the ark, facing the Levitical priests carrying the ark of our Father's covenant. Half faced Mount Gerizim, half faced Mount Ebal, as Moses the servant of our Father had earlier commanded, to bless the people of Israel. Tout Israël avèk ansyen yo ak ofisye yo ak jij yo te kanpe sou toude kote lach la devan prèt Levit ki te pote lach akò SENYÈ a, etranje kon natif. Mwatye nan yo te kanpe devan Mòn Garizim e mwatye nan yo devan Mòn Ébal, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay kòmand nan oparavan an, pou beni pèp Israël la.
34 Then he read all the words of the law—blessing and curse—exactly as written in the Book of the Law. Epi apre, li te li tout pawòl lalwa yo, benediksyon yo avèk malediksyon yo, selon tout sa ki ekri nan liv lalwa a.
35 Joshua read every word Moses had commanded—leaving nothing out—before the whole assembly of Israel: women, children, and the foreigners living among them. Pa t gen menm yon mo nan tout sa ke Moïse te kòmande yo ke Josué pa t li devan tout asanble Israël la, avèk fanm ak pitit yo ak etranje ki te rete pami yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]