Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 These are the inheritances Israel's people received in Canaan, which Eleazar the priest, Joshua son of Nun, and the heads of Israel's ancestral tribes distributed to them. Alò, sila yo se teritwa ke fis Israël yo te eritye nan peyi Canaran an, ke Éléazar, prèt la ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf kay nan tribi a fis Israël yo te divize bay yo kòm eritaj yo,
2 By lot, as our Father commanded through Moses, they received their inheritance—for the nine tribes and the half-tribe. selon tiraj osò eritaj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande a, pa Moïse pou nèf tribi avèk mwatye tribi a.
3 For Moses had given the two tribes and half-tribe their inheritance beyond the Jordan, but gave the Levites no inheritance among them. Paske Moïse te bay eritaj la a de tribi avèk mwatye tribi lòtbò Jourdain an. Men li pa t bay yon eritaj a Levit ki te pami yo.
4 For Joseph's sons were two tribes, Manasseh and Ephraim. The Levites got no share of the land, only towns to live in, with pasturelands for their livestock and property. Paske fis Joseph yo te de tribi, Manassé avèk Éphraïm, e yo pa t bay yon pòsyon a Levit nan peyi yo, sof ke vil pou yo viv ladan yo, avèk teren pa yo pou bèt pa yo ak pou byen pa yo.
5 So the people of Israel did as our Father had commanded Moses, and they divided the land. Konsa, fis Israël yo te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. Yo te divize teren an.
6 Judah's people came to Joshua at Gilgal, and Caleb son of Jephunneh the Kenizzite told him, "You know what our Father said to Moses, the man of our Father, about you and me at Kadesh-barnea. Alò, fis Juda yo te pwoche toupre Josué nan Guilgal ak Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an. Yo di li: “Ou konnen pawòl ke SENYÈ a te pale a Moïse, nonm Bondye a, konsènan ou menm avèk mwen nan Kadès-Barnéa.
7 I was forty when Moses, servant of our Father, sent me from Kadesh-barnea to scout the land, and I brought him back a report as was in my heart. Mwen te gen karantan lè Moïse, sèvitè SENYÈ a, te voye mwen sòti nan Kadès Barnéa pou fè espyonaj peyi a. Mwen te mennen pawòl la retounen kote li jan li te ye nan kè m nan.
8 But the fellow scouts who went up with me melted the people's hearts with fear, while I fully followed my Father. Sepandan, frè m ki te monte avè m yo te fè kè a pèp la fann avèk laperèz; men Mwen te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.”
9 That day Moses swore to me: 'Surely the land your foot walked will be your inheritance and your children's forever, because you completely followed my Father.' Konsa, Moïse te sèmante nan jou sa a, e li te di: “Vrèman peyi a sila pye ou te foule a va vin yon eritaj pou ou menm ak pitit ou yo pou tout tan, akoz ou te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.”
10 Now, our Father has kept me alive forty-five years, as he promised, from the time he spoke this word to Moses when Israel wandered in the wilderness. Here I am today, eighty-five years old. “Koulye a, gade byen, SENYÈ a te kite mwen viv pandan karant-senk ane sa yo, jis jan ke Li te pale a, soti nan tan sila a ke SENYÈ a te pale pawòl sa a Moïse la, lè Israël te mache nan dezè a. Epi koulye a, gade byen, jodi a mwen gen katreven senk ane.
11 Today I'm as strong as the day Moses sent me out; my strength now equals my strength then—for battle, for going out and coming in. Mwen gen menm fòs jodi a ke m te gen nan jou Moïse te voye mwen an. Tankou fòs mwen te gen nan moman sa a, se konsa fòs mwen ye koulye a, pou fè lagè ak antre sòti.
12 So give me this hill country our Father spoke of that day. You heard then that Anakim were there, with great, fortified cities. Perhaps our Father will be with me, and I'll drive them out, as he said." Alò, koulye a, ban m peyi ti kolin yo sa ke SENYÈ a te pale nan jou sa a. Paske ou te tande nan jou sa a ke Anakim yo te la avèk gran vil byen fòtifye. Li kapab ke SENYÈ a va avè m, e mwen va chase yo sòti ladann jan SENYÈ a te pale a.”
13 Then Joshua blessed Caleb son of Jephunneh and gave him Hebron as his inheritance. Alò, Josué te beni li e te bay Hébron a Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an jis rive jodi a kon eritaj li. Paske li te swiv SENYÈ a, Bondye Israël la nèt.
14 So Hebron became the inheritance of Caleb son of Jephunneh the Kenizzite to this day, since he followed our Father, the God of Israel, completely. Konsa, Hébron te devni eritaj Caleb, fis a Jephunné, Kenyen nan, jis rive jou sa a, akoz li te swiv SENYÈ a nèt.
15 Hebron was formerly named Kiriath-arba, for Arba was the greatest man among the Anakim. Then the land had rest from war. Alò, non ansyen a Hébron an se te Kirjath-Arba, paske Arba te moun pi gran pami Anakim yo. Answit, peyi a te vin gen repo san fè lagè.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]