Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Joshua was old, far along in years, and our Father said to him, "You are old, far along in years, and very much land still remains to be taken. Alò Josué te vin vye e avanse nan laj lè SENYÈ a te di li: “Ou vin vye e avanse nan laj e anpil nan tè a rete san posede.
2 This is the land that remains: all the Philistine regions, and all the Geshurite territory, “Men tè ki rete yo: tout kote Filisten yo ak tout sila a Gechouryen yo;
3 from the Shihor east of Egypt north to Ekron's border (counted as Canaanite); the five Philistine rulers—of Gaza, Ashdod, Ashkelon, Gath, and Ekron—and the Avvites, soti nan Schichor ki nan lès Égypte, jis rive nan fwontyè Ékron ki nan nò (li konte tankou Kananeyen yo); senk prens a Filisten yo: sa Gaza a, sa Asdod la, sa Askalon an, sa Gath la ak sa Ekron an e pa Avyen yo.
4 in the south, all the Canaanite land, and Mearah of the Sidonians, as far as Aphek, to the Amorite border; Nan sid, tout teritwa a Canaan yo ak Meara ki pou Sidonyen yo, soti nan Aphek jis rive nan fwontyè Amoreyen yo;
5 and the land of the Gebalites, all Lebanon eastward, from Baal-gad below Mount Hermon to Lebo-hamath. epi teritwa Gibliyen yo avèk tout Liban, vè lès, soti Baal-Gad anba Mòn Hermon jis rive nan Lebo-Hamath.
6 All who live in the hill country from Lebanon to Misrephoth-maim, all the Sidonians—I myself will drive them out before the people of Israel. Only allot the land to Israel as an inheritance, as I commanded you. “Tout pèp ki te rete nan peyi ti kolin yo soti Liban jis rive Misrephoth-Maim, tout Sidonyen yo, mwen va pouse yo ale soti devan fis Israël yo. Se sèl a Israël pou bay li kòm eritaj, jan Mwen te kòmande ou a.
7 So divide this land as an inheritance among the nine tribes and the half-tribe of Manasseh." Koulye a, pou sa, divize tè sa a kòm eritaj a nèf tribi yo avèk mwatye tribi a Manassé a.”
8 With the other half-tribe, the Reubenites and Gadites had received their inheritance, which Moses gave them beyond the Jordan to the east, just as Moses the servant of our Father gave them: Avèk lòt mwatye tribi a, Ribenit yo ak Gadit yo te resevwa eritaj pa yo ke Moïse te ba yo lòtbò Jourdain an nan lès, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a:
9 from Aroer on the edge of the Arnon Valley, the city in the valley's middle, and all the plateau from Medeba to Dibon; soti Aroër ki akote vale Arnon an, avèk vil ki nan mitan vale a ak tout plèn Médeba a, jis rive nan Dibon;
10 and all the cities of Sihon king of the Amorites, who ruled in Heshbon, up to the Ammonite border; epi tout vil a Sihon yo, wa a Amoreyen yo, ki te renye nan Hesbon yo, jis rive nan lizyè fis a Ammon yo;
11 and Gilead, the territory of the Geshurites and Maacathites, all Mount Hermon, and all Bashan up to Salecah; epi Galaad ak teritwa a Gechouryen yo avèk Maakatyen yo, tout Mòn Hermon an ak tout Basan jis rive Salca;
12 all Og's kingdom in Bashan, who reigned in Ashtaroth and Edrei—the last survivor of the Rephaim. Moses defeated Og and drove out his people. tout wayòm a Og yo nan Basan ki te renye nan Ashtaroth ak nan Édréï, (se te li sèl ki te rete kòm retay a Rephaïm yo); paske Moïse te frape yo e deplase yo.
13 But the Israelites did not drive out the Geshurites or Maacathites, so Geshur and Maacath live among Israel to this day. Men fis Israël yo pa t deplase Gechouryen yo ak Maakatyen yo; paske Gueschur avèk Maacath rete pami Israël yo jis jodi a.
14 Only to the tribe of Levi he gave no inheritance; the fire offerings to our Father, the God of Israel, are their inheritance, as he promised them. Sèlman a tribi Levi a, li pa t bay eritaj. Ofrann pa dife a SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan Li te pale yo a.
15 Moses gave an inheritance to the tribe of the children of Reuben according to their clans. Epi Moïse te bay a tribi fis a Ruben yo selon fanmi pa yo.
16 Their territory ran from Aroer on the edge of the Arnon Valley, with the city in the valley's middle, and all the plateau by Medeba; Teritwa pa yo te soti Aroër ki arebò vale Arnon an, avèk vil nan mitan vale a ak tout plèn akote Médeba a;
17 Heshbon and all its cities on the plain—Dibon, and Bamoth-baal, and Beth-baal-meon, Hesbon ak tout vil pa li yo ki nan plèn nan: Dibon avèk Bamoth-Baal ak Beth-Baal-Meon,
18 and Jahaz, and Kedemoth, and Mephaath, epi Jahats, Kedémoth, Méphaath,
19 and Kiriathaim, and Sibmah, and Zereth-shahar on the hill above the valley, Kirjathaïm, Sibma, Tséreth-Haschachar sou mòn a vale a,
20 and Beth-peor, and the slopes of Pisgah, and Beth-jeshimoth, Beth-Peor, avèk pant a Pisga yo, Beth-Jeschimoth,
21 and all the cities of the plain, and all the kingdom of Sihon king of the Amorites, who reigned in Heshbon, whom Moses defeated with the leaders of Midian—Evi, Rekem, Zur, Hur, and Reba—Sihon's princes living in the land. tout vil nan plèn yo ak tout wayòm a Sihon an, wa Amoreyen an, ki te renye nan Hesbon, ke Moïse te frape ansanm avèk chèf Madian yo, Évi, Rékem, Tsur, Hur, avèk Reba, prens a Sihon yo, ki te rete nan peyi a.
22 Israel's people also killed Balaam son of Beor, the fortune-teller, with the sword, among their slain. Fis Israël yo, osi, te touye avèk nepe, Balaam, fis a Beor a, yon divinò, pami tout lòt ki te mouri nan yo.
23 The Reubenites' border was the Jordan and its bank. This was the Reubenites' inheritance by clans—the cities and their villages. Lizyè a fis a Ruben yo se te Jourdain an. Sa se te eritaj a fis Ruben yo selon fanmi pa yo, vil ak ti bouk yo.
24 Moses gave the tribe of Gad, the children of Gad, an inheritance by their clans. Moïse, osi, te bay tribi Gad la, a fis Gad yo, selon fanmi pa yo.
25 Their territory: Jazer, all the cities of Gilead, half the Ammonites' land as far as Aroer, east of Rabbah, Teritwa pa yo se te Jazer, tout vil nan Galaad yo ak mwatye peyi a fis Ammon yo, jis rive nan Aroër ki devan Rabba a,
26 and from Heshbon to Ramath-mizpeh and Betonim, and from Mahanaim to the border of Debir, epi soti Hesbon, jis rive nan Ramath-Mitspé, Bethonim ak soti Mahanaïm jis rive nan lizyè Debir a;
27 and in the valley: Beth-haram, Beth-nimrah, Succoth, and Zaphon—the rest of the kingdom of Sihon king of Heshbon, the Jordan and its bank, to the edge of the Sea of Chinnereth beyond the Jordan eastward. epi nan vale a, Beth-Haram, Beth-Nimra, Succoth ak Tsaphon, sila ki rete nan wayòm Sihon an, wa Hesbon an, avèk Jourdain an kòm lizyè li jis rive nan pwent Lamè Kinnéreth la, lòt kote Jourdain an vè lès.
28 This is the inheritance of Gad's descendants by clan: the cities and their villages. Sa se eritaj a fis a Gad yo selon fanmi, vil yo ak bouk pa yo.
29 Moses gave the half-tribe of Manasseh an inheritance, for the half-tribe of Manasseh's descendants by their clans. Moïse te, osi, bay yon eritaj a mwatye tribi Manassé a. Li te pou mwatye tribi Manassé a selon fanmi pa yo.
30 Their territory ran from Mahanaim: all Bashan, all the kingdom of Og king of Bashan, and all Jair's towns in Bashan, sixty cities; Teritwa pa yo te soti nan Mahanaïm, tout Basan, tout wayòm ki pou Og la, wa Basan an ak tout a vil a Jaïr yo ki nan Basan, swasant vil antou.
31 and half of Gilead, with Ashtaroth and Edrei, Og's royal cities in Bashan, to the descendants of Machir son of Manasseh—half the Machirites by their clans. Anplis, mwatye nan Galaad, avèk Aschtaroth ak Édréï, vil nan wayòm Og yo, nan Basan, te vin pou fis Makir yo, fis a Manassé yo, pou mwatye a fis Makir yo selon fanmi pa yo.
32 These are the inheritances Moses distributed in the plains of Moab, beyond the Jordan east of Jericho. Sila yo se teritwa ke Moïse te divize kòm eritaj nan ba plèn a Moab yo, lòtbò Jourdain an, vè Jéricho ki nan lès.
33 Moses gave the tribe of Levi no inheritance; our Father, the God of Israel, is their inheritance, as he promised them. Men a tribi Levi a, Moïse pa t ba li eritaj. SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan li te pwomèt a yo menm nan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]