Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 41 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Can you draw out Leviathan with a fishhook, or press down his tongue with a cord? Èske ou ka rale Levyatan an deyò ak yon zen lapèch? Oswa peze lang li desann ak yon kòd?
2 Can you put a rope in his nose, or pierce his jaw with a hook? Èske ou kab mete yon kòd nan nen l, oswa pèse machwè l ak yon zen?
3 Will he make many pleas to you? Will he speak soft words to you? Èske l ap fè ou anpil siplikasyon, oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?
4 Will he make a covenant with you, that you should take him as your servant forever? Èske l ap fè yon akò avèk ou? Èske ou va pran l pou yon sèvitè pou tout tan?
5 Will you play with him like a bird, or put him on a leash for your girls? Èske ou va jwe avè l konsi se yon zwazo, oswa èske ou va mare li pou demwazèl ou yo?
6 Will traders bargain over him? Will they divide him up among the merchants? Èske komèsan yo va fè komès avè l? Èske y ap divize li pami machann yo?
7 Can you fill his hide with harpoons, or his head with fishing spears? Èske ou kab plen po li ak gwo lans, oswa tèt li ak fren lapèch?
8 Lay your hand on him; remember the battle—you will not do it again. Poze men ou sou li! Sonje batay la byen! Ou p ap fè l ankò
9 Any hope of subduing him is false; the mere sight of him will lay you low. Gade byen, esperans ou fo. Èske ou p ap vin bese ou, menm devan rega li?
10 No one is fierce enough to rouse him. Who then is able to stand before me? Nanpwen moun ki gen kouraj ase pou l ta tante fè l leve. Ebyen, se kilès li ye ki kab kanpe devan M?
11 Who has confronted me, that I must repay him? Everything under the whole heaven is mine. Kilès ki te ban Mwen yon bagay pou M ta rekonpanse li? Tout bagay anba tout syèl la se pa M.
12 "I will not keep silent about his limbs, his mighty strength, or his graceful frame. Konsa, Mwen p ap rete an silans akoz manm li yo, oswa gran pwisans li, oswa jan kò l byen òganize.
13 Who can strip off his outer covering, or come at him with a double bridle? Se kilès ki kab retire pwotèj eksteyè li? Kilès ki kab penetre pwotèj fèt ak chenn doub?
14 Who can open the doors of his face? His ringed teeth are surrounded by terror. Kilès ki kab ouvri pòt figi li? Gwo laperèz antoure dan l.
15 His back is rows of shields, shut up tightly as with a seal. Gwo kal li yo se gran ògèy li; yo fèmen byen byen di.
16 One is so near to another that no air can pass between them. Youn tèlman pre lòt ke menm lè pa kab pase antre yo.
17 They are joined one to another; they clasp each other and cannot be parted. Yo jwenn youn ak lòt; yo kole yo chak youn sou lòt e yo pa kab separe.
18 His sneezes flash with light, and his eyes are like the eyelids of the dawn. Lè li estène, li fè limyè vin parèt; e zye li tankou pòpyè zye nan maten.
19 Out of his mouth go flaming torches; sparks of fire leap out. Tòch dife yo sòti nan bouch li; sann volan yo vòltije vin parèt.
20 Out of his nostrils comes smoke, as from a boiling pot over burning reeds. Sòti nan nen l, se lafimen; konsi k ap sòti nan yon gwo bonm k ap bouyi, oswa fèy sèch k ap pran dife.
21 His breath sets coals ablaze, and a flame leaps from his mouth. Souf li ka limen chabon, e flanm yo sòti nan bouch li.
22 Strength dwells in his neck, and terror dances before him. Kou li se yon rezèvwa fòs e gwo laperèz danse devan l.
23 The folds of his flesh stick together, firmly cast upon him and immovable. Tout pli sou chè li vin jwenn ansanm; byen solid sou li, e yo pa kab deplase.
24 His heart is hard as stone, hard as the lower millstone. Kè li di tankou wòch, di menm tankou gwo wòch moulen.
25 When he rises up, the mighty are afraid; at the crashing they are beside themselves. Lè l leve pi pwisan yo vin pè; akoz gwo son kraze brize a, yo fè bak nèt.
26 Though a sword reaches him, it does not hold, nor does the spear, the dart, or the javelin. Nepe ki rive kote li pa kab fè anyen, ni gwo lans lan, flèch la, ni frenn nan.
27 He counts iron as straw, and bronze as rotten wood. Pou li moso fè se konsi se pay; bwonz se tankou bwa pouri.
28 The arrow cannot make him flee; for him, sling stones turn to stubble. Flèch pa kab fè l sove ale; wòch fistibal se kras raje devan l.
29 Clubs are counted as stubble; he laughs at the rattle of the javelin. Baton yo menm se pay. Li ri lè frenn nan kouri vin jwenn l.
30 His underside is like sharp pottery shards; he spreads out like a threshing sledge on the mire. Pati anba li se tankou cha kanari; li gaye tankou yon baton ki vannen sou labou.
31 He makes the deep boil like a pot; he stirs the sea like a churning kettle of ointment. Li fè pwofondè li yo bouyi tankou yon bonm; li fè lanmè a vin tankou yon ja pomad.
32 Behind him he leaves a shining wake; one would think the deep had grown white hair. Dèyè l, li fè yon pa kim dlo briye; konsi ou ta konnen se cheve blanch k ap soti nan fon dlo a.
33 On earth there is nothing like him, a creature made without fear. Nanpwen anyen sou latè ki tankou li; yon bèt ki fèt san pè anyen.
34 He looks down on all that is lofty; he is king over all the proud." Li gade sou tout bagay ki wo; Li se wa sou tout fis ògèy yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]