Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 42 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Job answered our Father: Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
2 "I know that you can do all things, and that no plan of yours can be thwarted. “Mwen konnen ke Ou ka fè tout bagay, e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.
3 You asked, 'Who is this that obscures my counsel without knowledge?' Surely I spoke of things I did not understand, things too wonderful for me, which I did not know. Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’” “Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan; bagay twò etonnan pou mwen, ke m pa t konnen yo.
4 You said, 'Listen now, and I will speak; I will question you, and you must answer me.' Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale; Mwen va mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’
5 My ears had heard of you, but now my eyes have seen you. “ Konsa, Mwen te kon tande de Ou nan zòrèy mwen yo, men koulye a, zye m wè Ou.
6 Therefore I take back my words, and I repent in dust and ashes." Pou tout sa a, mwen rayi pwop tèt mwen, e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”
7 After our Father had spoken these words to Job, he said to Eliphaz the Temanite, "My anger burns against you and your two friends, for you have not spoken rightly about me, as my servant Job has. Li te vin rive apre SENYÈ a te pale pawòl sa yo a Job, ke SENYÈ a te di a Éliphaz, Temanit lan: “Lakòlè mwen limen kont ou e kont de zanmi ou yo, akoz ou pa t pale selon Mwen sa ki dwat, tankou sèvitè Mwen Job te fè a.
8 So now take seven bulls and seven rams to my servant Job and offer them as a burnt offering for yourselves. My servant Job will intercede for you, and I will accept his prayer and not deal with you according to your foolishness. For you have not spoken rightly about me, as my servant Job has." Alò, pou sa, pran pou nou menm sèt towo avèk sèt belye, rive kote sèvitè Mwen an Job, e ofri yon ofrann brile pou nou menm; epi sèvitè Mwen an, Job, va priye pou nou. Paske Mwen va aksepte li jis pou m pa aji avèk nou selon foli nou, akoz nou pa t pale selon Mwen sa ki bon, tankou sèvitè Mwen Job te fè a.”
9 So Eliphaz the Temanite, Bildad the Shuhite, and Zophar the Naamathite went and did as our Father had told them, and our Father accepted Job's prayer. Konsa, Éliphaz, Temanit lan avèk Bildad, Shouachyen an ak Tsophar, Naamatit la te ale fè sa ke SENYÈ a te di yo; epi SENYÈ a te aksepte Job.
10 And when Job prayed for his friends, our Father restored his fortunes and gave him twice as much as he had before. SENYÈ a te restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis.
11 Then all his brothers and sisters and everyone who had known him before came and ate bread with him in his house. They consoled and comforted him over all the trouble our Father had brought upon him, and each one gave him a piece of silver and a gold ring. Konsa, tout frè li yo ak sè li yo ak tout moun ki te konnen l oparavan yo te vin kote li, e yo te manje pen avèk li lakay li. Yo te rekonfòte li e konsole li akoz tout twoub ke SENYÈ a te mennen sou li yo. Epi yo chak te bay li yon pyès lajan ak yon bag an lò.
12 Our Father blessed Job's later years more than his earlier ones. He had 14,000 sheep, 6,000 camels, 1,000 pairs of oxen, and 1,000 female donkeys. SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik.
13 He also had seven sons and three daughters. Li te gen sèt fis ak twa fi.
14 He named the first daughter Jemimah, the second Keziah, and the third Keren-happuch. Li te rele premye a Jemima, dezyèm nan Ketsia, twazyèm nan Kéren-Happuc.
15 Nowhere in all the land were there women as beautiful as Job's daughters, and their father gave them an inheritance along with their brothers. Nan tout peyi a, pa t gen fanm ki te bèl tankou fi a Job yo. Konsa, papa yo te bay yo yon eritaj pami frè yo.
16 After this Job lived 140 years, and he saw his children and his children's children, four generations. Apre sa, Job te viv pandan san-karant lane, e te wè fis li yo ak pitit a fis li yo, jis rive nan kat jenerasyon.
17 And so Job died, old and full of days. Konsa, Job te mouri, granmoun e plen ak jou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]