Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Look, my eye has seen all this; my ear has heard and understood it. “Veye byen, zye m gen tan wè tout sa. Zòrèy mwen tande e konprann li.
2 What you know, I also know; I am not inferior to you. Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou; mwen pa pi ba pase ou.
3 But I would speak to the Almighty, and I long to argue my case with God. “Men mwen ta pale ak Toupwisan an; mwen vle diskite ak Bondye.
4 But you whitewash with lies; you are all worthless physicians. Men nou sal moun ak manti. Se yon bann doktè sanzave nou ye.
5 If only you would be utterly silent—that would be your wisdom! Oswa pito ke ou ta rete an silans nèt; ke sa ta sèvi kon sajès ou!
6 Now hear my argument, and listen to the plea of my lips. Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
7 Will you speak falsely for God and speak deceitfully for him? Èske ou kab pale pou Bondye sa ki pa jis, e pale sa ki manti pou Li?
8 Will you show him partiality? Will you argue the case for God? Èske ou va pran ka pa Li? Èske ou va diskite pou Bondye?
9 Would it go well with you when he examines you? Or could you deceive him the way you would deceive a man? Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen? Oswa èske ou va twonpe Li kon yon moun konn twonpe yon moun?
10 He will surely rebuke you if you secretly show partiality. Anverite, Li va repwoche ou si ou apye yon bò ak patripri.
11 Will not his majesty terrify you, and the dread of him fall upon you? Èske majeste Li p ap bay ou lakrent? Laperèz Li p ap tonbe sou ou?
12 Your maxims are proverbs of ashes; your defenses are made of clay. Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann; defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.
13 "Be silent before me, and let me speak; let whatever comes fall on me. “Rete an silans devan m pou m kab pale; epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
14 Why should I put my own flesh at risk and take my life in my own hands? Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m e mete lavi m nan men m?
15 Though he slay me, I will hope in him; yet I will defend my ways to his face. Malgre Li ta touye mwen, mwen va mete espwa m nan Li. Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.
16 This too will be my deliverance, for no godless person would dare come before him. Se sa, anplis, ki va delivrans mwen; paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
17 Listen carefully to my words; let my declaration reach your ears. Koute pawòl mwen byen pre e kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.
18 Look, I have prepared my case; I know that I will be vindicated. Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an; mwen konnen ke mwen va jistifye.
19 Who will contend with me? For then I would be silent and die. Se kilès ki va diskite kont mwen? Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
20 "Only grant me two things, and then I will not hide myself from your face: “Se sèl de bagay pou pa fè mwen; konsa mwen p ap kache devan figi Ou:
21 Withdraw your hand far from me, and do not let the dread of you terrify me. Retire men Ou sou mwen e pa kite laperèz Ou fè m sezi.
22 Then call, and I will answer; or let me speak, and you reply to me. Epi rele e mwen va reponn; oswa kite m pale epi reponn mwen.
23 How many are my wrongs and my sins? Show me my rebellion and my sin. Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo avèk peche m yo? Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
24 Why do you hide your face and count me as your enemy? Poukisa Ou kache figi Ou e konsidere m kon lènmi Ou?
25 Will you frighten a wind-driven leaf and chase after dry chaff? Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble? Oswa èske Ou va kouri dèyè pay van an seche a.
26 For you write bitter things against me and make me inherit the sins of my youth. Paske Ou ekri bagay anmè kont mwen e fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
27 You put my feet in the stocks and watch all my paths; you set a limit for the soles of my feet. Ou mete pye m nan chenn e ou veye tout chemen mwen yo. Ou limite distans pla pye m kab rive,
28 "So man wastes away like rotting wood, like a garment eaten by moths." pandan mwen ap dekonpoze kon yon bagay k ap pouri, kon yon vètman ki manje pa mit.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]