Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Woe to the shepherds who destroy and scatter the sheep of my pasture!' declares our Father. “Malè a bèje k ap detwi e gaye mouton patiraj Mwen yo!” deklare SENYÈ a.
2 So our Father of Israel says about the shepherds tending my people: 'You have scattered my flock and driven them away, and not cared for them. Now I will hold you accountable for the evil you have done, declares our Father. Akoz sa, pale SENYÈ Bondye Israël la konsènan bèje k ap fè gadyen pèp Mwen yo: “Nou fin gaye bann mouton Mwen, chase yo ale, e nou pa t okipe yo. Gade byen, Mwen prèt pou regle nou pou mechanste a zak nou yo,” deklare SENYÈ a.
3 Then I will gather the remnant of my flock from all the lands where I drove them, bring them back to their pasture, and they will be fruitful and multiply. “Epi konsa, Mwen va rasanble retay bann mouton Mwen an soti nan tout peyi ke m te pouse yo ale yo, e mennen yo retounen nan pa yo. Yo va vin bay fwi e peple anpil.
4 I will raise up shepherds over them who will tend them; they will fear no more nor be dismayed, none will go missing, declares our Father. Anplis, Mwen va leve bèje sou yo e yo va okipe yo. Konsa, yo p ap pè ankò, ni plen ak laperèz ni okenn moun p ap manke,” deklare SENYÈ a.
5 Look, the days are coming, declares our Father, when I will raise up for David a righteous Branch, and he will reign as king and act wisely, and he will administer justice and righteousness in the land. “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè leve pou lakay David, yon branch plen ladwati. Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.
6 In his days Judah will be saved, and Israel will dwell securely. And this is the name by which he will be called: The Lord Our Righteousness.' Nan jou Li yo, Juda va sove, e Israël va rete ansekirite. Men non pa sila yo va rele Li a: ‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’”
7 "So the days are coming, declares our Father, when they will no longer say, 'As surely as your Father lives, who brought the people of Israel up out of Egypt,' “Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè yo p ap di ankò: ‘Kon SENYÈ a viv ki te mennen fè monte fis Israël yo soti nan peyi Égypte;’
8 but instead, 'As surely as your Father lives, who brought up and led back the descendants of the house of Israel from the land of the north and all the lands where he had driven them.' Then they will live on their own soil." men: ‘Kon SENYÈ a viv, ki te mennen e fè retounen desandan lakay Israël yo soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote mwen te chase yo ale yo.’ Konsa, yo va viv sou pwòp tèren pa yo.”
9 About the prophets: My heart is broken; all my bones tremble. I am like a drunk man, like one overcome by wine, because of our Father and his holy words. Epi pou pwofèt yo: kè m fin kase anndan m. Tout zo m yo tranble; Mwen vin kon yon moun sou, menm yon moun ki soumèt anba gwòg, akoz SENYÈ a, e akoz pawòl sen Li yo.
10 For the land is full of adulterers; because of the curse the land mourns, and the pastures of the wilderness are dried up. Their ways are evil, and they abuse their power. “Paske peyi a plen ak adiltè; paske akoz madichon, peyi a ap kriye. Patiraj nan savann yo fin seche. Y ap kouri nan move chemen e pwisans yo pa pou sa ki dwat.
11 "Both prophet and priest are godless; even in my house I have found their evil, declares our Father. Ni pwofèt ni prèt yo vin pouri nèt. Menm anndan lakay Mwen an, Mwen jwenn mechanste yo”, deklare SENYÈ a.
12 Therefore their way will become to them like slippery paths in the darkness, into which they will be driven and fall; for I will bring disaster upon them in the year of their punishment, declares our Father. Akoz sa, chemen pa yo va yon wout ki glise nan tenèb la; yo va vin chase jis rive nan fènwa e vin glise tonbe ladann; paske Mwen va mennen gwo kalamite sou yo nan ane règleman yo,” deklare SENYÈ a.
13 In the prophets of Samaria I saw a repulsive thing: they prophesied by Baal and led my people Israel astray. “Anplis, pami pwofèt Samarie yo, Mwen te wè yon betiz. Yo te pwofetize pa Baal e yo te egare pèp Mwen an, Israël.
14 Yet among Jerusalem's prophets I have seen something appalling: they commit adultery, they live by lies, they back the hands of evildoers, so no one turns from his evil. They have all become to me like Sodom, its people like Gomorrah.' Osi, pami pwofèt Jérusalem yo, Mwen te wè yon move bagay: Zak adiltè, e yo mache nan sa ki fo. Yo ranfòse men a malfektè yo, pou okenn moun pa vire kite mechanste li. Yo tout vin pou Mwen tankou Sodome e abitan li yo kon Gomorrhe.
15 So this is what the Father of heaven's armies says about the prophets: I will feed them bitter food and give them poisoned water, for godlessness has spread through the whole land from Jerusalem's prophets.' Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo konsènan pwofèt yo: “Gade byen, Mwen ap bay yo manje bwa lanmè e fè yo bwè dlo anpwazone; paske soti nan pwofèt Jérusalem yo, tout kalite pouriti gaye nan tout peyi a.”
16 This is what the Father of heaven's armies says: Do not listen to the prophets prophesying to you; they fill you with false hope, speaking visions from their own minds, not from my mouth. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Pa koute pawòl a pwofèt k ap fè pwofesi devan nou yo. Y ap mennen nou nan bagay ki pou ryen. Yo pale yon vizyon ki sòti nan pwòp imajinasyon pa yo, men pa nan bouch SENYÈ a.
17 They keep saying to those who despise my word, 'You will have peace,' and to everyone who stubbornly follows his own heart they say, 'No disaster will come upon you.'" Yo kontinye di a sila k ap meprize Mwen yo, ‘SENYÈ a te di: “Nou va gen lapè”’” e pou tout sila k ap mache nan pwòp tèt di yo, yo di: “Malè p ap rive nou.”
18 For who among them has stood in the council of our Father to see and to hear his word? Who has paid attention to his word and listened? Men se kilès ki te kanpe nan konsèy a SENYÈ a, pou l ta wè e tande pawòl li? Kilès ki te prete atansyon a pawòl Mwen, e te koute l?
19 Look, the storm of our Father has gone out in wrath, a whirling tempest; it will burst upon the heads of the wicked. Gade byen, tanpèt SENYÈ a deja sòti ak gwo kòlè li. Tankou yon toubiyon k ap vire touwon, li va vire desann sou tèt a mechan an.
20 The anger of our Father will not relent until he has fully carried out the purposes of his heart. In the days to come you will understand it clearly. Kòlè SENYÈ a p ap vire fè bak jiskaske Li fin fèt pou l acheve tout volonte a kè li yo. Nan dènye jou yo, nou va konprann sa byen klè.
21 "I did not send these prophets, yet they ran; I did not speak to them, yet they prophesied. Mwen pa t voye pwofèt sila yo, men yo te kouri. Mwen pa t pale ak yo, men yo te fè pwofesi.
22 But if they had stood in my council, they would have proclaimed my words to my people and turned them back from their evil way and from the evil of their deeds. Men si yo te konn kanpe nan konsèy Mwen an; alò, yo t ap anonse pawòl Mwen yo a pèp Mwen an pou fè yo vire fè bak kite wout mechan yo, ak mechanste a zak pa yo.
23 Am I your Father only nearby, declares our Father, and not your Father far away as well? “Èske Mwen se pa yon Bondye ki toupre?” deklare SENYÈ a: “E ki pa yon Bondye ki lwen?
24 Can anyone hide in secret places where I cannot see him? declares our Father. Do I not fill heaven and earth? declares our Father.' Èske yon nonm ka kache kò l yon kote kachèt pou M pa wè l?” deklare SENYÈ a? “Èske Mwen pa ranpli syèl yo ak tè a?” deklare SENYÈ a?”
25 "I've heard the prophets who prophesy lies in my name, claiming, 'I dreamed! I dreamed!' “Mwen te tande sa pwofèt ki fè fo pwofesi nan non Mwen yo te di. Y ap di: ‘Mwen te fè yon rèv, mwen te fè yon rèv!’
26 How long will lies fill the hearts of prophets who prophesy the deceit of their own hearts? Pou konbyen de tan? Èske gen yon bagay nan kè pwofèt ki fè fo pwofesi yo, menm pwofèt sila ki twonpe pwòp kè yo?
27 They plan to make my people forget my name through the dreams they tell each other, as their ancestors forgot my name for Baal. Yo gen entansyon fè pèp Mwen an bliye non Mwen ak rèv ke yo repete youn ak lòt yo, menm jan ke papa zansèt yo te bliye non M akoz Baal?
28 Let the prophet with a dream tell it, but let the one with my word speak my word faithfully. What is straw to wheat? declares our Father. Pwofèt ki fè rèv la, kite li repete rèv li a. Epi sila ki gen pawòl pa M, kite l pale pawòl pa M nan ak verite. Kisa gen nan pay ki sanble ak sereyal?
29 Is not my word like fire, declares our Father, and like a hammer that shatters rock?' Èske pawòl Mwen pa tankou yon dife?” deklare SENYÈ a: “Èske li pa tankou yon mato ki kraze fann wòch?”
30 "Therefore, look, I am against the prophets, declares our Father, who steal my words from one another. Pou sa, gade byen, “Mwen kont pwofèt yo,” deklare SENYÈ a: “Ki vòlè pawòl Mwen yo soti nan youn lòt.”
31 Look, I am against the prophets, declares our Father, who wag their tongues yet declare, 'God has spoken.' “Gade byen, Mwen kont pwofèt yo”, deklare SENYÈ a: “Ki sèvi lang yo pou deklare, ‘SENYÈ a deklare’.
32 I am against those who prophesy lying dreams, declares our Father; they tell them and mislead my people with their lies and reckless boasting. I did not send or command them, and they do this people no good at all, declares our Father.' Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.
33 "When this people, a prophet, or a priest asks, 'What is our Father's burden?' say to them, 'You are the burden! I will cast you off, declares our Father.' “Alò, lè pèp sa a, pwofèt la oswa prèt la mande ou pou di: ‘Se kilès ki pòt pawòl SENYÈ a?’ Alò, ou va reponn yo: ‘Ki pòt pawòl sa a?’ “Mwen va retire jete nou” deklare SENYÈ a’.
34 The prophet, priest, or person who says, 'The burden of our Father,' I will punish that man and his household. Epi pou pwofèt la, prèt la oswa pèp la ki di: ‘Pòt pawòl SENYÈ a’, Mwen va mennen pinisyon sou moun sila a ak lakay li.
35 Each of you is to say to his neighbor and brother: 'What has our Father answered?' or 'What has our Father spoken?' Konsa nou chak va di a vwazen li, ak frè li: ‘Se ki repons SENYÈ a te bay’, oswa ‘se ak kilès SENYÈ a te pale?’
36 But never again say 'the burden of our Father,' for each man's own word becomes his burden; you have twisted the words of the living Father of heaven's armies.' Paske nou p ap sonje pwofesi SENYÈ a ankò, akoz pawòl a chak moun va devni pwop mesaj li. Konsa nou fin tòde pawòl a SENYÈ dèzame yo, Bondye nou an.
37 Say this to the prophet: 'What has our Father answered you?' or 'What has our Father spoken?' Pou sa a, nou va di a pwofèt sa a: ‘Ki repons SENYÈ a te bannou?’ epi ‘Kisa SENYÈ a te di’?
38 But if you say, 'The burden of our Father,' then our Father says: Because you spoke these words, 'The burden of our Father,' though I sent word telling you, 'Do not say, The burden of our Father, Akoz nou di: ‘Pwofesi SENYÈ a,’ anverite, konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz nou sèvi pawòl sila a, “pwofesi SENYÈ a,” Mwen ap voye kote nou pou di: “Nou pa pou di ‘Pwofesi SENYÈ a!”’
39 so look, I will surely lift you up like a burden and throw you away from my presence—you and the city I gave you and your ancestors. Akoz sa, gade byen, Mwen va, anverite, bliye nou e jete nou lwen prezans Mwen, ansanm ak vil ke M te bannou ak papa zansèt nou yo.
40 And I will bring on you everlasting disgrace and lasting shame that will never be forgotten.'" Mwen va fè poze yon repwòch ki p ap janm sòti sou nou, ak yon imilyasyon ki p ap janm bliye.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]