Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father showed me two baskets of figs placed before our Father's temple—after Nebuchadnezzar king of Babylon exiled Jeconiah son of Jehoiakim, king of Judah, with Judah's officials, craftsmen, and metalworkers, from Jerusalem to Babylon. Pawòl SENYÈ a te demontre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone.
2 One basket had very good figs, ripe early; the other had figs too bad to eat. Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan premye rekòlt yo, e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri.
3 Then our Father asked me, "What do you see, Jeremiah?" "Figs," I said, "the good very good, the bad too bad to eat." Konsa, SENYÈ a te di m: “Kisa ou wè, Jérémie?” Mwen te reponn: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon, ak move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.”
4 Then the word of our Father came to me: Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
5 "This is what our Father of Israel says: Like these good figs, so I will regard as good the exiles of Judah I sent from here to the land of the Babylonians. “Konsa pale SENYÈ Israël a ‘Tankou bon fig etranje yo, konsa Mwen va konsidere kon bon, kaptif a Juda yo, ke m te voye sòti nan plas sa a pou antre nan peyi Kaldeyen yo.
6 "I'll fix my eyes on them for good, bring them back to this land; build them, not tear down, plant them, not uproot. Paske Mwen va fikse zye M sou yo pou byen e Mwen va mennen yo ankò nan peyi sa a. Mwen va bati yo, e Mwen p ap rale fè yo desann. Mwen va plante yo e Mwen p ap rache yo.
7 I will give them a heart to know me as Father; they will be my children, I their Father, for they will return to me wholeheartedly.' Mwen va bay yo yon kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’”
8 "But like bad figs, too rotten to eat—our Father says—so I will make Zedekiah king of Judah, his officials, and Jerusalem's remnant, left here or in Egypt. “Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo—anverite, konsa”, pale SENYÈ a—“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo.
9 "I will make them a horror, disaster, disgrace, object of ridicule, mockery, and curse to all kingdoms on earth, wherever I drive them. Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon madichon tout kote ke M gaye yo.
10 I will send sword, famine, plague against them until they vanish from the land I gave them and their ancestors." Mwen va voye nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]