Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is what our Father says: Go down to the house of Judah's king and speak this word there, Konsa pale SENYÈ a: “Ale desann kote kay wa Juda a, e pale pawòl sa a:
2 and say: Hear our Father's word, king of Judah, seated on the throne of David—you, your servants, your people entering these gates. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, O wa Juda, ki chita sou twòn David la, ou menm, sèvitè ou yo ak pèp ou a ki antre nan pòtay sila yo.
3 This is what our Father says: Do justice and right; rescue the robbed from the oppressor's hand. Wrong no foreigner, orphan, or widow, and do them no violence, and shed no innocent blood here. Konsa pale SENYÈ a: “Fè jistis ak ladwati e delivre sila ki te vòlè devan pouvwa sila ki te oprime l la. Anplis pa maltrete ni fè vyolans a yon etranje, òfelen an ak vèv la. Ni pa vèse san inosan nan plas sa a.
4 If you truly do this, kings on the throne of David will enter these gates, riding chariots and horses—the king, his servants, and his people. Paske si nou menm mesye yo va, anverite, fè bagay sa a, alò, wa yo va antre nan pòtay kay sa a, e va chita nan plas David sou twòn li an. Yo va monte sou cha yo ak sou cheval yo—yo menm, sèvitè yo ak pèp li a.
5 But if you won't listen to these words, I swear by myself, declares our Father: this house becomes a ruin. Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.”’”
6 This is what our Father says about Judah's royal house: You are Gilead to me, Lebanon's peak—yet I will make you a desert, cities where no one lives. Paske konsa pale SENYÈ a konsènan kay wa a Juda a: “Ou tankou Galaad pou Mwen, tankou tèt mòn Liban an. Malgre, anverite Mwen va fè nou kon yon dezè, kon vil ki abandone.
7 I will set apart destroyers against you, each with his weapons; they will cut down your choicest cedars and throw them into the fire. Paske Mwen va mete destriktè apa pou ou, yo chak ak zam yo. Epi yo va koupe mete atè bwa sèd pi chwazi ou yo e jete yo nan dife.
8 Many nations will pass this city and ask each other, "Why has the LORD done this to this great city?" “Anpil nasyon va pase kote vil sa a. Konsa, yo va di youn lòt: ‘Poukisa SENYÈ a te fè bagay sa a gwo vil sa a?’
9 They'll answer, "Because they abandoned their Father's covenant, worshiped other gods, and served them." Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye yo a, e te pwostène yo a lòt dye yo e te sèvi yo.’”
10 Do not weep for the dead or mourn for him; weep bitterly instead for the one who is going away, for he will never return to see the land of his birth. Pa kriye pou mò yo. Pa fè dèy pou li, men kriye san rete pou sila ki sòti a; paske li p ap janm retounen, ni li p ap wè peyi l ankò.
11 This is what our Father says about Shallum son of Josiah, king of Judah, who succeeded his father as king and has left this place: He will never return. Paske se konsa SENYÈ a pale a Schallum, fis a Josias, wa Juda a, ki te vin wa nan plas Josias, papa li, ki te ale kite plas sa a: “Li p ap janm retounen la,
12 He will die where they took him captive and never see this land again. men nan plas kote li te mennen an kaptivite a, se la li va mouri e li p ap wè peyi sila ankò.”
13 Woe to him who builds his house by unrighteousness and his upper rooms by injustice, who makes his neighbor work for nothing and does not give him his wages, “Malè a sila ki bati kay li san ladwati, chanm anlè yo san jistis, ki itilize sèvis vwazen li san peye e ki pa bay li salè li,
14 who says, "I will build myself a vast house with spacious upper rooms," and cuts out wide windows for it, panels it with cedar, and paints it bright red. Ki di: “Mwen va bati pou mwen menm yon kay ak anpil espas, ak gwo chanm anlè. Mwen va koupe fenèt li yo, ba li panno bwa sèd e pentire l an koulè wouj.’
15 Do you reign because you outdo others with cedar? Your father ate and drank, yet he did justice and righteousness, and then it went well with him. “Èske ou dwe wa akoz ou pi fò nan afè bwa sèd? Èske papa ou pa t manje, bwè e fè jistis ak sa ki dwat? Epi sa te ale byen pou li.
16 He defended the cause of the poor and needy, and so it went well. Is this not what it means to know me? declares our Father. Li te plede koz a malere ak aflije yo, epi sa te ale byen. Èske se pa sa ki vle di ou rekonèt Mwen an?” deklare SENYÈ a.
17 But your eyes and your heart are set only on your dishonest gain, on shedding innocent blood, and on practicing oppression and violence. “Men zye ou ak kè ou rete sèlman sou richès ki ranmase nan zak malonèt, nan vèse san inosan, nan opresyon ak vyolans.”
18 So our Father says about Jehoiakim son of Josiah, king of Judah: No one will mourn him: "Oh, my brother!" or "Oh, my sister!" No one will mourn him: "Oh, lord!" or "Oh, his majesty!" Pou sa, konsa SENYÈ a pale konsènan Jojakim, fis a Josias, wa Juda a: “Yo p ap fè dèy pou li. Ni rele ‘Anmwey, frè m!’ ni ‘Anmwey sè m!’ “Yo p ap fè gwo kri pou li. Ni ‘Anmwey, mèt mwen!’ Ni ‘Anmwey, pou grand pwisans li!’
19 He will be buried with a donkey's burial—dragged off and thrown out beyond the gates of Jerusalem. Li va antere ak antèman bourik, trennen e jete deyò pòtay Jérusalem yo.”
20 Go up to Lebanon and cry out; raise your voice in Bashan; cry out from Abarim, for all your lovers are crushed. “Ale monte kote Liban. Kriye fò e leve vwa ou nan Basan. Kriye anplis depi Abarim, paske tout moun ki renmen ou yo vin kraze nèt.
21 I spoke to you in your times of ease, but you said, "I will not listen." This has been your way since your youth—you have not obeyed my voice. Mwen te pale ak ou nan pwosperite, men ou te di: ‘Mwen p ap koute’! Konsa abitid ou depi nan jenès ou, ke ou te refize obeyi lavwa M.
22 "The wind will shepherd away all your shepherds, and your lovers will go into captivity; then you will be ashamed and humiliated because of all your wickedness. Van an va bale fè disparèt tout bèje ou yo, ak moun ki renmen ou yo, y ap wale an kaptivite. Konsa, ou va anverite wont e imilye akoz tout mechanste ou yo.
23 You who dwell in Lebanon, nested among the cedars, how you will groan when labor pains come upon you, anguish like a woman giving birth!" Nou menm k ap viv Liban, ki fè nich ak bwa sèd yo, nou va plenyen nan gòj lè gran doulè a rive sou ou; doulè tankou yon fanm k ap akouche a!
24 As I live, declares our Father, even if Coniah son of Jehoiakim, king of Judah, were a signet ring on my right hand, I would tear you off. “Kon Mwen viv la”, deklare SENYÈ a: “Menmsi Jeconia, fis a Jojakim nan, te yon bag so nan men dwat Mwen; malgre sa, Mwen ta rale retire ou.
25 "I will hand you to those seeking your life, those you dread—Nebuchadnezzar king of Babylon and the Babylonians. Epi mwen ta lese ou tonbe nan men a sila k ap chache lavi ou yo; wi, nan men a sila ke ou krent anpil yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa a Babylone nan, e nan men a Kaldeyen yo.
26 I will hurl you and your mother who bore you into another land, where neither was born—there you will die. Mwen va jete ou ak manman ou ki te fè ou a jis nan yon lòt peyi kote ou pa t fèt, e la ou va mouri.
27 As for the land they long to return to, they will never return there." Men pou peyi kote yo ta vle retounen an, yo p ap retounen la.”
28 Is this man Coniah a despised, shattered pot, a vessel no one wants? Why are he and his children hurled out and cast into a land they do not know? Èske nonm sa a, Jenocia se yon po meprize, kraze nèt? Oswa èske li se yon veso lèd, san valè? Poukisa li menm ak desandan li yo te jete deyò konsa e depoze nan yon peyi ke yo pa t konnen?
29 Land, land, land, hear the word of our Father! O latè, latè, latè, tande pawòl SENYÈ a!
30 This is what our Father says: Record this man as childless, a man who will not prosper in his lifetime; for none of his offspring will prosper, none will sit on the throne of David or rule again in Judah. Konsa pale SENYÈ a: “Mete nonm sa a nan lis kon ‘san pitit’, yon nonm ki p ap reyisi nan jou li yo. Paske nanpwen moun nan desandan li yo ki va reyisi, ni k ap chita sou twòn David la, ni gouvène ankò nan Juda.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]