Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Send the lambs to the ruler of the land, from Sela by way of the wilderness, to the mountain of the daughter of Zion. Voye mouton tribi a bay gouvènè peyi a, soti nan Sela pa wout dezè a, jis rive nan mòn a fi Sion an.
2 Like fluttering birds, like a scattered nest, so are the daughters of Moab at the fords of the Arnon. Li va rive ke tankou zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an.
3 Give counsel; grant justice; make your shade like night at the height of noon. Hide the outcasts; do not betray the fugitive. “Bannou konsèy! Fè yon desizyon! Voye lonbraj ou tankou lannwit nan gran lajounen! Kache sila ki san abri yo! Pa trayi refijye a!
4 Let my outcasts dwell among you, Moab; be a shelter to them from the destroyer. When the oppressor is no more, and destruction has ceased, and the tramplers have vanished from the land, Kite refijye Moab yo rete avè w! Devni yon kote pou yo kache kont destriktè a.” Paske opresè yo p ap reyisi. Destriksyon an va sispann. Opresè ap disparèt nèt nan peyi a.
5 then a throne will be established in covenant love, and on it will sit in faithfulness, in the tent of David, one who judges and seeks justice and is swift to do righteousness. Yon twòn va etabli avèk lanmou dous, e yon jij va chita ak fidelite sou li nan tant David la. Li va chache jistis e va fè vit pou etabli ladwati.
6 We have heard of Moab's pride—how very proud he is—of his arrogance, his pride, and his fury; his boasting is empty. Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen.
7 Therefore let Moab wail for Moab; let everyone wail. Mourn, utterly stricken, for the raisin cakes of Kir-hareseth. Pou sa, Moab va rele anmwey; tout sila nan Moab yo va plenyen anlè. Ou va plenyen pou gato rezen a Kir-Haréseth kon sila konplètman frape yo.
8 For the fields of Heshbon wither, and the vine of Sibmah; the rulers of the nations have struck down its choice branches, which reached as far as Jazer and strayed into the wilderness; its shoots spread out and crossed over the sea. Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a.
9 Therefore I weep with the weeping of Jazer for the vine of Sibmah; I drench you with my tears, Heshbon and Elealeh, for over your summer fruit and your harvest the battle shout has fallen. Pou sa, Mwen va kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè.
10 Joy and gladness are taken away from the fruitful field, and in the vineyards no songs are sung, no cheers are raised. No one treads out wine in the presses; I have put an end to the shouting. Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann.
11 Therefore my heart moans like a lyre for Moab, my inmost being for Kir-heres. Pou sa, kè mwen sone tankou ap pou Moab ak santiman anndan mwen pou Kir-Haréseth.
12 And when Moab presents himself, when he wears himself out on the high place and comes to his sanctuary to pray, he will not prevail. Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou wo plas li e rive nan sanktiyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi.
13 This is the word that our Father spoke concerning Moab in the past. Se pawòl sa a ke SENYÈ a te pale avan sa sou Moab.
14 But now our Father has spoken: "In three years, like the years of a hired worker, the glory of Moab will be scorned, in spite of all his great numbers; and the remnant will be very few and feeble." Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]