Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 For our Father's heart will feel compassion for Jacob; he will again choose Israel and settle them in their own land. The foreigner will join them and attach himself to the house of Jacob. SENYÈ a va ankò gen konpasyon sou Jacob, pou l chwazi Israël ankò e fè yo rete nan pwòp peyi yo. Etranje yo va vin jwenn ak yo e atache yo menm a kay Jacob la.
2 Peoples will take them and bring them to their place, and the house of Israel will possess them as male and female servants in the land of our Father. They will capture their captors and rule over their oppressors. Yo va mennen yo fè yo vini nan plas yo, e lakay Israël va posede yo nan peyi SENYÈ a, kon sèvant ak sèvitè. Konsa, yo va pran sila ki te pran yo kaptif yo, yo va kaptire yo e vin mèt sou sila ki te oprime yo.
3 On the day our Father gives you rest from your pain, turmoil, and the hard labor forced on you, Li va rive nan jou lè SENYÈ a ba ou repò sou doulè ou, twoub ou ak redi di nan sila ou te vin esklav la,
4 you will take up this taunt against the king of Babylon: How the oppressor has stopped! How his rage has stopped! Ke ou va pran chante sa a kont wa Babylon nan epi di: “Gade kijan opresè a vin sispann! Gwo twoub la pa la ankò!”
5 Our Father has broken the staff of the wicked, the scepter of rulers, SENYÈ a fin kase baton a mechan an, baton a wa yo
6 that struck the peoples in wrath with endless blows, that ruled the nations in anger with relentless persecution. ki te konn frape pèp la ak gran kolè, ak kou san rete, ki te soumèt nasyon yo ak gwo kòlè ak gwo pèsekisyon san fren.
7 The whole earth is at rest and quiet; people burst into song. Tout latè gen repo e rete kalm. Yo eklate ak chante kè kontan yo.
8 Even the cypresses rejoice over you, and the cedars of Lebanon: "Since you were laid low, no woodcutter comes up against us." Menm bwa siprè yo rejwi sou ou e bwa sèd Liban yo ap di: “Paske ou te bese ou, pa gen moun ki koupe bwa k ap monte kont nou.
9 The grave beneath is stirred up to meet you at your coming; it rouses the spirits to greet you, all who were leaders of the earth; it raises from their thrones all who were kings of the nations. Sejou mò a depi anba, gen kè kontan sou ou, pou l ka rankontre ou lè ou vini. Li leve menm pou ou lespri mò yo, tout chèf sou tout latè yo. Li fè leve tout wa a tout nasyon yo soti nan twòn yo.
10 All of them will answer and say to you: "You too have become as weak as we are! You have become like us! Yo tout va reponn epi mande ou: ‘Ou menm, èske ou vin fèb tankou nou? Èske ou vini tankou nou?’
11 Your pomp is brought down to the grave, along with the music of your harps; maggots are spread out as your bed beneath you, and worms are your covering." Tout gwo bagay fèt ou ak mizik ap ou yo fin desann rive nan sejou mò yo. Se vè ki fè kabann anba ou e se vè k ap kouvri ou.”
12 How you have fallen from heaven, Day Star, son of the dawn! How you are cut down to the ground, you who laid the nations low! Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo!
13 You said in your heart, "I will ascend to heaven; I will raise my throne above the stars of God; I will sit on the mount of assembly, in the far reaches of the north. Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo!
14 I will ascend above the heights of the clouds; I will make myself like the Most High." Mwen va monte piwo nwaj yo! Mwen va fè mwen menm tankou Pi Wo a!”
15 But you are brought down to the grave, to the far reaches of the pit. Sepandan, ou va pouse desann nan Sejou mò yo, kote fon a gwo fòs la ye a.
16 Those who see you will stare at you and wonder: "Is this the man who made the earth tremble, who shook kingdoms, Sila ki wè ou va fikse zye sou ou. Yo va reflechi sou ou pou di: “Èske se nonm sila a ki te fè tè a tranble a, ki te souke wayòm yo?
17 who made the world like a wilderness and tore down its cities, who would not let his captives go home?" Ki te fè mond lan tankou yon dezè a, ki te boulvèse gwo vil li yo, ki te refize kite prizonye li yo ale lakay yo?”
18 All the kings of the nations lie in glory, each in his own tomb; Tout wa sou latè yo kouche nan glwa yo, yo chak nan pwòp tonbo pa yo.
19 but you are cast out, away from your grave, like a loathed branch, covered with the slain, those pierced by the sword, who go down to the stones of the pit, like a trampled corpse. Men ou menm, ou te jete deyò tonbo pa ou a, tankou yon branch rejte, abiye ak sila ki te touye yo, ki te pèse ak nepe yo, ki te desann kote wòch a fòs la tankou yon kadav, kraze foule ak pye.
20 You will not be joined with them in burial, because you destroyed your own land, you killed your own people. May the offspring of evildoers never be named again! Ou p ap reyini ak yo nan antèman, akoz ou te detwi peyi ou a. Ou te touye pèp ou a. Konsa, non desandan a malfektè sila yo pa p nonmen jis pou tout tan!
21 Prepare slaughter for his sons because of the guilt of their fathers, so they cannot rise and take over the earth and fill the whole world with cities. Prepare pou fis li yo yon kote pou masak, akoz inikite a papa yo. Konsa pou yo pa leve pran posesyon latè e ranpli sifas mond lan ak gwo vil.
22 "I will rise up against them, declares the Father of heaven's armies, and I will cut off from Babylon name and remnant, offspring and descendant, declares our Father. “Mwen va leve kont yo”, deklare SENYÈ dèzame yo. “Mwen va koupe retire yo nèt de non Babylone ak desandan yo de sila ki fèt ak sila ki gen pou vini yo,” deklare SENYÈ a.
23 I will make it a haunt of the hedgehog and pools of water, and I will sweep it with the broom of destruction, declares the Father of heaven's armies." “Anplis, M ap fè l tounen yon marekaj pou kochon mawon yo. Mwen va bale li ak bale destriksyon an,” deklare SENYÈ dèzame yo.
24 The Father of heaven's armies has sworn: "Surely as I planned, so it will be; as I decided, so it will stand. SENYÈ dèzame yo fin sèmante. Li te di: “Anverite, jan ke Mwen te fè plan an, se konsa li va rive! Jan ke M te planifye a, se konsa l ap kanpe!
25 I will break the Assyrian in my land, and on my mountains I will trample him underfoot; his yoke will be lifted from them, and his burden removed from their shoulder. Pou M kraze Assyrie nan peyi Mwen an e pou M foule li sou mòn Mwen yo. Konsa jouk li va retire sou yo e gwo chaj li va sòti sou zepòl yo.
26 This is the purpose determined against the whole earth, and this is the hand stretched out over all the nations. Sa se plan a ki te fòme kont tout tè a. Sa se men ki lonje kont tout nasyon yo.
27 For the Father of heaven's armies has decided, and who can undo it? His hand is stretched out, and who can turn it back?" Paske SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?”
28 In the year that King Ahaz died, this oracle came: Nan ane Wa Achaz te mouri an, Pwofesi sa a te fèt:
29 Do not rejoice, all you Philistia, that the rod that struck you is broken; for from the serpent's root will come an adder, and its fruit will be a darting, fiery serpent. Pa rejwi, O Peyi Filisten yo, nou tout, akoz baton ki te konn frape ou a fin kase. Soti nan rasin sèpan an, yon vipè va vin parèt, k ap fè kon fwi, yon sèpan k ap vole.
30 The poorest of the poor will graze in safety, and the needy will lie down secure; but I will kill your root with famine, and it will destroy your remnant. Premyè nè malere a va manje byen, e endijan an va kouche ansekirite. Mwen va detwi rasin pa ou ak gwo grangou, e anplis l ap touye sila ki te chape yo.
31 Wail, gate; cry out, city; melt with fear, all you Philistia! For smoke comes out of the north, and not one soldier falls behind in its ranks. Rele anmwey, O pòtay la! Kriye fò, O Gran Vil la! Fann nèt, O Filistia, nou tout! Paske lafimen ap sòti nan nò e nanpwen moun k ap fè reta. Lennmi a kwense nou nèt.
32 What answer will be given to the messengers of the nation? "Our Father has founded Zion, and in her the afflicted of his people find refuge." Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]