Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The oracle concerning Babylon that Isaiah son of Amoz saw. Pwofesi konsènan Babylon ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè a.
2 "Raise a banner on a bare hilltop; call out to them, beckon with your hand that they may enter the gates of the nobles. Leve yon drapo sou mòn toutouni an! Leve vwa nou vè yo! Fè sign ak men pou yo ka antre nan pòt a prens yo!
3 I myself have commanded my consecrated ones; I have summoned my warriors to carry out my anger—those who exult in my majesty." Mwen te pase lòd anvè konsakre Mwen yo; menm gran gèrye Mwen yo. Mwen te rele sila ki rejwi nan pwisans Mwen yo, pou egzekite kòlè Mwen.
4 Listen—an uproar on the mountains, like that of a great multitude! Listen—the roar of kingdoms, of nations massing together! The Father of heaven's armies is mustering an army for battle. Yon bri a gwo zen sou mòn yo, tankou bri anpil moun! Yon son a gwo bri nan wayòm yo; son a nasyon yo ki vin rasanble ansanm! SENYÈ dèzame yo ap rasanble lame a pou batay.
5 They come from a far-off land, from the ends of the heavens—our Father and the weapons of his wrath—to destroy the whole earth. Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou detwi tout peyi a.
6 Wail, for the day of our Father is near; it comes as devastation from the Almighty. Rele anmwey, paske jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an.
7 Because of this every hand goes limp, and every human heart melts. Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e kè a tout moun va fann.
8 They are gripped with terror; pangs and agony seize them; they writhe like a woman in labor. They stare at one another in horror, their faces aflame. Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife.
9 Look—the day of our Father is coming, cruel, with fury and burning anger, to make the earth a desolation and to destroy the sinners on it. Gade byen, jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo.
10 The stars of the heavens and their constellations will give no light; the sun will be dark when it rises, and the moon will not shed its glow. Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.
11 "I will bring judgment upon the world for its evil, and upon the wicked for their guilt; I will put an end to the arrogance of the proud and humble the pride of tyrants. Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a.
12 I will make people rarer than pure gold, mankind scarcer than the gold of Ophir. Mwen va fè lòm mòtèl la vin pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir.
13 So I will make the heavens tremble, and the earth will shake from its place, at the wrath of the Father of heaven's armies, in the day of his burning anger." Pou sa, Mwen va fè syèl yo tranble e latè va fin souke jiskaske li kite plas li nan kòlè a SENYÈ dèzame yo nan jou kòlè Li k ap anflame a.
14 Like a hunted gazelle, like sheep with no one to gather them, each will turn back to his own people, each will flee to his own land. Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo.
15 Whoever is found will be run through, and whoever is captured will fall by the sword. Nenpòt moun yo rankontre, yo va frennen touye nèt, e nenpòt moun ke yo kaptire, va mouri pa nepe.
16 Their infants will be dashed to pieces before their eyes; their houses will be plundered and their wives raped. Timoun piti pa yo, anplis, va kraze an mòso devan zye yo. Lakay yo va piyaje e madanm yo va vyole.
17 "Look—I am stirring up the Medes against them, who care nothing for silver and take no delight in gold. Gade byen, Mwen va fè Mèdes leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo.
18 Their bows will cut down the young men; they will show no mercy to infants; they will have no pity for the children." Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni zye yo p ap fè pitye pou timoun.
19 And Babylon, the jewel of kingdoms, the splendor and pride of the Babylonians, will be like Sodom and Gomorrah when our Father overthrew them. Konsa, Babylon bèlte a wayòm yo, glwa ak ògèy a Kaldeyen yo, va tankou lè ke Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe a.
20 It will never be inhabited or settled through all generations; no Arab will camp there, no shepherds will bed down their flocks there. Li p ap janm abite ankò, ni pèsòn p ap viv ladann soti nan yon jenerasyon a yon lòt. Arab la p ap monte tant li la, ni bèje yo p ap fè twoupo yo kouche la.
21 But desert creatures will lie down there, and their houses will be full of howling beasts; there ostriches will dwell, and wild goats will leap about. Men se bèt sovaj dezè ki va kouche la, e lakay yo va plen jakal. Anplis, otrich va viv la e kabrit mawon k ap vòltije la.
22 Hyenas will howl in its strongholds, and jackals in its luxurious palaces. Her time is near, and her days will not last long. Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]