Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father told Noah, "Enter the ark with your whole household, for I've seen you righteous before me in this generation. Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a.
2 Take for yourself seven pairs of every clean animal, male and female, and one pair of unclean animals, male and female, Ou va pran avèk ou sèt nan chak bèt ki pwòp, yon mal avèk yon femèl parèy li. Nan bèt ki pa pwòp yo, yon mal avèk yon femèl parèy li.
3 also seven pairs of sky birds, male and female, to keep offspring alive across all the earth. Anplis, nan zwazo nan syèl la pa sèt, mal avèk femèl, pou kenbe pòtre yo vivan sou tout sifas tè a.
4 For in seven days I'll rain on the earth forty days and forty nights, and wipe out every living thing I made from the face of the ground." Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit. Konsa, Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”
5 Noah did everything our Father commanded him. Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la.
6 Noah was 600 years old when the floodwaters came upon the earth. Alò, Noé te gen laj sis-san ane lè delij la te vini sou latè.
7 He, his sons, his wife, and his sons' wives entered the ark to escape the floodwaters. Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la.
8 Of clean animals and animals not clean, of birds and all that crawls on the ground. Nan bèt ki te pwòp yo, avèk bèt ki pa pwòp yo, zwazo avèk tout sa ki kouri atè yo,
9 Two by two, male and female, came to Noah in the ark, as our Father commanded Noah. tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a.
10 After the seven days, the floodwaters came upon the earth. Li te rive apre sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè.
11 In Noah's six hundredth year, second month, day seventeen—that same day—all springs of the great deep burst open, and heaven's floodgates opened. Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri.
12 The rain fell on the earth for forty days and forty nights. Lapli te tonbe sou latè pandan karant jou, ak karant nwit.
13 That day Noah entered the ark—he, his sons Shem, Ham, Japheth, his wife, and his sons' three wives. O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la,
14 They and every wild animal by their kind, every livestock by their kind, every crawler on earth by their kind, every bird by their kind, every winged creature. yo menm avèk chak bèt selon espès yo, tout bèt domestik selon espès pa yo, tout reptil ki kouri atè selon espès pa yo, ak tout kalite zwazo.
15 They came to Noah, into the ark, two by two, all flesh with breath of life. Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa de nan tout chè ki te gen souf lavi.
16 Male and female of all flesh entered, as our Father commanded him; then our Father shut him in. Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.
17 The flood lasted forty days on the earth; the waters rose, lifted the ark, floating above the earth. Konsa delij la te vini sou latè a pandan karant jou. Dlo a te vin ogmante e te leve lach la jis li rive anwo tè a.
18 Waters surged and rose greatly over the earth, and the ark floated on the water's surface. Dlo a te monte. Li te ogmante anpil sou tè a, e lach la te monte sou dlo a.
19 Waters rose higher and higher on the earth, covering all the high mountains under the whole sky. Dlo a te vin monte plis toujou sou tè a, jis tout mòn toupatou anba syèl la te vin kouvri.
20 About twenty-two feet deep the waters rose above the mountains, covering them. Dlo a te vin monte pou kenz koude anplis, e mòn yo te vin kouvri.
21 Everything moving on earth died: birds, livestock, wild animals, all creatures swarming the earth, and all mankind. Tout chè ki t ap fè mouvman sou tè a te vin peri, zwazo avèk bèt domestik avèk bèt sovaj, e chak ensèk ki vole ansanm sou latè, ak tout moun.
22 Everything on dry land that had the breath of life in its nostrils died. Tout sa ki te sou tè sèk la, ki te gen souf lavi nan nen yo te vin mouri.
23 Our Father wiped out every living thing on the ground's face—people, animals, crawling creatures, birds of the sky—and wiped them from the earth. Only Noah and those with him in the ark remained. Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè la nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.
24 And the waters prevailed over the earth 150 days. Dlo a te monte kouvri tout tè a pandan san-senkant jou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]