Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When humanity began to multiply on the earth and daughters were born to them, Alò, li te rive ke lè lèzòm te kòmanse miltipliye sou sifas tè a, e yo te fè pitit fi,
2 the sons of divine origin saw the daughters of human origin were beautiful, and took as wives any they chose. ke fis Bondye yo te wè ke fi lezòm yo te bèl. Konsa, yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.
3 Then our Father said, "My Spirit will not wrestle with humanity forever, for they are flesh; their days will be 120 years." Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.”
4 The Nephilim were on the earth in those days, and afterward too, when the sons of divine origin came to the daughters of human origin, who bore them children. These were the mighty men of old, men of renown. Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te antre nan pitit fi a lòm yo, e te fè pitit avèk yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.
5 Our Father saw how great human wickedness had become on the earth—every thought and desire of their hearts only evil all the time. Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.
6 He was grieved he had made humanity on the earth, and his heart filled with pain. Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te blese Li nan kè L.
7 So our Father said, "I will wipe out humanity, whom I created, from the face of the earth—people, animals, crawling things, and birds of the sky—for I regret making them." SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.”
8 But Noah found favor in the eyes of our Father. Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a.
9 This is Noah's account. Noah was a righteous man, blameless among the people of his time, and Noah walked faithfully with our Father. Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo. Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a. Noé te mache avèk Bondye.
10 And Noah had three sons: Shem, Ham, and Japheth. Noé te vin papa twa fis: Sem, Cham, ak Japhet.
11 The earth was corrupt before our Father, and filled with violence. Alò tè a te vin konwonpi nan zye Bondye, e latè te vin plen ak vyolans.
12 Our Father saw the earth was corrupt, for all flesh had corrupted their ways on the earth. Bondye te gade sou latè, e gade byen, li te vin konwonpi; paske tout chè te vin konwonpi sou tè a nan jan yo te mache.
13 Then our Father said to Noah, "The end of all flesh has come before me, for the earth is full of violence because of the people. I am going to destroy them with the earth. Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè.
14 Build yourself an ark of cypress wood; make rooms in it and coat it inside and out with pitch. Fè pou kont ou yon lach avèk bwa gofè. Ou va fè l avèk chanm, e kouvri li anndan kon deyò avèk kòl rezin.
15 Make it like this: the ark about 450 feet long, seventy-five feet wide, forty-five feet high. Se konsa ke ou va fè l: longè lach la va twa san koude (18 pous se yon koude), lajè li va senkant koude, e wotè li va trant koude.
16 Make a roof for the ark, finishing it eighteen inches from the top. Put a door in its side, and build it with lower, middle, and upper decks. Ou va fè yon fenèt pou lach la, fè l rive yon koude mwens ke wotè li. Konsa, plase pòt lach la rive sou de kote li yo. Fè li ak pi ba, dezyèm, avèk twazyèm etaj.
17 I myself am bringing floodwaters on the earth to destroy all flesh with the breath of life in it under the heavens; everything on the earth will die. “Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la. Tout bagay ki sou latè va peri.
18 But I will establish my covenant with you, and you will enter the ark—you, your sons, your wife, and your sons' wives with you. “Men Mwen va etabli akò Mwen avèk ou. Konsa, ou va antre nan lach la—ou menm avèk fis ou yo, avèk madanm ou yo, madanm a fis ou yo ansanm avèk ou.
19 Bring two of every living creature into the ark to keep alive with you—a male and a female. “Epi soti nan tout chè de tout kalite bèt k ap viv, ou va pote de nan chak espès pou antre nan lach la, pou kenbe yo vivan ak nou. Konsa, yo va mal avèk femèl.
20 Of the birds by kind, the animals by kind, every crawling thing of the ground by kind, two of each will come to you to be kept alive. “Nan zwazo yo selon espès pa yo, nan bèt yo selon espès pa yo, chak sa ki kouri atè reptil selon espès pa l. De nan chak espès va vin kote ou, pou ou ka kenbe yo toujou vivan.
21 Take every kind of food that can be eaten and store it up; it will be food for you and for them." Pou ou menm, pran pou pwòp tèt ou kèk nan tout bagay ki kab manje, e rasanble yo pou ou menm. Yo va sèvi pou ou kòm manje pou ou, ak pou yo.”
22 Noah did everything just as our Father commanded him. Konsa Noé te fè l. Selon tout sa ke Bondye te kòmande li, se konsa li te fè l.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]