Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 But our Father remembered Noah, all the living creatures, and all the livestock with him in the ark, and swept a wind over the earth so the waters began to recede. E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.
2 The springs of the deep and heaven's floodgates closed, and rain from the sky stopped. Sous nan fon yo te vin fèmen. Pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e lapli ki te sòti nan syèl la te sispann.
3 Water kept receding from the earth, and after 150 days it had gone down. Dlo a te bese ofiramezi sou tè a. E apre san-senkant jou, dlo a te vin mwens.
4 The ark rested on the mountains of Ararat on the seventeenth day of the seventh month. Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la.
5 The waters kept receding until the tenth month; on its first day, the mountaintops appeared. Dlo a te bese toujou jis nan dizyèm mwa a. Nan dizyèm mwa, nan premye jou mwa a, tèt mòn yo te vin vizib.
6 After forty days, Noah opened the window he had made in the ark, Alò, li te vin rive ke lè karant jou yo fin pase, Noé te ouvri fenèt lach la, ke li te fè a.
7 he sent out a raven, and it flew back and forth until the waters dried up from the earth. Konsa, li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou tè a.
8 Then he released the dove from him to see if the waters had subsided from the ground's surface. Epi li te voye deyò yon toutrèl sòti kote li, pou wè si dlo a te bese sou fas tè a,
9 But the dove found no resting place for her foot and returned to him in the ark, since water still covered the whole earth's surface. So he reached out his hand, took her, and brought her back into the ark. men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout tè a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te fè l antre nan lach la vè li menm.
10 He waited seven more days and again sent out the dove from the ark. Li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la.
11 The dove returned to him that evening with a freshly plucked olive leaf in her beak, so Noah knew the waters had receded from the earth. Toutrèl la te vin kote l vè aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou tè a.
12 He waited seven more days, then sent the dove out again; it did not return to him again. Alò, li te tann pou youn lòt sèt jou. Li te revoye toutrèl la, e li pa t retounen kote li ankò.
13 In Noah's 600 and first year, the first day of the first month, the waters had dried up from the earth. Noah removed the ark's covering, looked out, and saw the ground's surface was dry. Alò, li te vin rive ke nan sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite tè a. Konsa, Noé te retire kouvèti lach la. Li te gade, e gade byen, sifas tè a te vin sèch.
14 By the twenty-seventh day of the second month the earth was completely dry. Nan dezyèm mwa, nan venn-sèt jou nan mwa a, tè a te sèch.
15 Then our Father said to Noah, Alò, Bondye te pale avèk Noé. Li te di:
16 "Leave the ark: you and your wife and your sons and your sons' wives with you. Sòti nan lach la, ou menm avèk madanm ou, fis ou yo, avèk madanm a fis ou yo.
17 Bring out with you every living creature—all flesh: birds, animals, everything that crawls on the ground—so they may swarm across the earth, be fruitful, and multiply on the earth." Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a.
18 So Noah came out, together with his sons and his wife and his sons' wives. Alò, Noé te sòti, ak fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo.
19 Every animal, every crawling thing, every bird—everything that moves on the earth—left the ark by their kinds. Chak bèt, chak reptil ki kouri atè, e chak zwazo, tout bagay ki fè mouvman sou latè yo, te sòti nan lach la selon espès pa yo.
20 Noah built an altar to our Father, took some of every clean animal and every clean bird, and offered burnt offerings on it. Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.
21 Our Father smelled the pleasing aroma and said in his heart, "I will never again curse the ground because of humanity, though the human heart's inclination is evil from youth, nor will I ever again strike down every living thing as I have done. SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
22 As long as the earth endures, seedtime and harvest, cold and heat, summer and winter, day and night will never cease." “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]