Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Adam slept with his wife Eve; she conceived and bore Cain, saying, "With our Father's help I have gained a man." Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:”
2 Later she gave birth to his brother Abel. Abel kept flocks, and Cain worked the ground. Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.
3 After some time, Cain brought our Father an offering of the ground's fruit. Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a.
4 Abel, too, brought the firstborn of his flock and their fat portions. Our Father favored Abel and his offering, Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la,
5 but not on Cain and his offering, so Cain burned with anger and his face fell. men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
6 Then our Father said to Cain, "Why are you angry? Why has your face fallen? Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa?
7 If you do right, won't you be accepted? If you don't, sin crouches at your door, longing for you—but you must rule over it." Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li.”
8 Cain said to his brother Abel, "Let's go to the field." There, Cain rose against his brother Abel and killed him. Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te touye li.
9 Then our Father asked Cain, "Where's your brother Abel?" "I don't know," he said. "Am I my brother's keeper?" Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”
10 Our Father said, "What have you done? The voice of your brother's blood cries out to me from the ground. Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a.
11 Now a curse drives you from the ground, which opened its mouth to take your brother's blood from your hand. Koulye a ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an.
12 When you work the ground, it will no longer give you its strength; you will be a wandering fugitive on the earth." Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”
13 Cain said to our Father, "My punishment is more than I can bear. Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte!
14 Today you drive me from this ground; I'll be hidden from your presence, a restless fugitive on earth, and whoever finds me will kill me." Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”
15 But our Father told him, "No—whoever kills Cain will be avenged seven times over." Then our Father marked Cain, so no one who found him would kill him. Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l.
16 Cain left the presence of our Father and settled in the land of Nod, east of Eden. Konsa, Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.
17 Cain slept with his wife; she conceived and bore Enoch. He was building a city and named it after his son Enoch. Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a.
18 Irad was born to Enoch. Irad fathered Mehujael, Mehujael fathered Methushael, Methushael fathered Lamech. Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin papa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.
19 Lamech married two women, one named Adah and the other Zillah. Lémec te pran pou li de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla.
20 Adah bore Jabal, father of tent dwellers and livestock herders. Ada te bay nesans a Jabal. Li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo, e ki te okipe bèt yo.
21 His brother's name was Jubal; he was the father of all who play the harp and flute. Frè li a te rele Jubal. Li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo.
22 Zillah also bore Tubal-Cain, forger of all bronze and iron tools; Tubal-Cain's sister was Naamah. Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama.
23 Lamech told his wives: "Adah and Zillah, hear me; wives of Lamech, listen to what I say. I killed a man who wounded me, a young man who bruised me. Lémec te di a madanm li yo: “Ada avèk Tsilla, koute vwa m. Nou menm ki madanm a Lémec yo; byen okipe pawòl mwen. Paske mwen te touye yon mesye akoz ke li blese m; e yon gason akoz li frape m.
24 If Cain is avenged seven times, then Lamech seventy-seven times." Si Cain vanje sèt fwa, alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.”
25 Adam slept with his wife again; she bore a son and named him Seth: "Our Father has given me another child instead of Abel, since Cain killed him." Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li, epi li te bay nesans a yon fis. Li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, paske Cain te touye li”.
26 Seth too had a son and named him Enosh. Then people began calling on our Father's name. Pou Seth, li menm, li te bay nesans a yon fis, epi li te rele non li Énosch. Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]