Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The serpent was shrewder than any field animal our Father had made. He asked the woman, "Did God really say, 'You must not eat from any tree in the garden'?" Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”
2 The woman said to the serpent, "We may eat the fruit from the trees in the garden, Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo;
3 but God said, 'Don't eat the tree's fruit in the garden's middle, or touch it, or you'll die.'" men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”
4 But the serpent said to the woman, "You will certainly not die. Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!”
5 God knows that when you eat from it, your eyes will open and you'll be like God, knowing good and evil." Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.
6 The woman saw the tree was good for food, delightful to the eyes, and desirable for wisdom. She took its fruit, ate, gave some to her husband with her, and he ate. Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.
7 Then the eyes of both of them were opened, and they knew they were naked; they sewed fig leaves together and made themselves coverings. Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.
8 They heard the sound of our Father walking in the garden in the cool of the day, and the man and his wife hid from his presence among the garden's trees. Yo te tande son a SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an.
9 But our Father called to the man and said to him, "Where are you?" Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “Kote ou ye?”
10 The man said, "I heard you in the garden and was afraid, for I was naked, so I hid." Adam te reponn: “Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.”
11 Our Father said, "Who told you you're naked? Did you eat from the tree I forbade you to eat from?" Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a?
12 The man said, "The woman you put with me gave me fruit from the tree, and I ate." Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.”
13 Then our Father asked the woman, "What have you done?" She said, "The serpent deceived me, and I ate." Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”
14 So our Father said to the serpent, "Because you have done this, cursed are you above all livestock and above all wild animals; on your belly you will go, and dust you will eat all the days of your life. SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou.
15 And I will put enmity between you and the woman, and between your offspring and her offspring; he will crush your head, and you will strike his heel." Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”
16 To the woman he said, "I will greatly increase your pain in childbirth; in pain you will give birth to children. Your desire will be for your husband, and he will rule over you." A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”
17 And to Adam he said, "Because you listened to your wife and ate from the tree that I commanded you, saying, 'You must not eat from it,' cursed is the ground because of you; through painful toil you will eat from it all the days of your life. Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou.
18 It will produce thorns and thistles for you, and you will eat the plants of the field. Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an.
19 By the sweat of your brow you will eat your bread until you return to the ground, since from it you were taken; for dust you are, and to dust you will return." Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
20 The man named his wife Eve, because she would become the mother of all the living. Alò, lòm nan te rele fanm li an Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo.
21 Our Father made garments of skin for Adam and his wife, and he clothed them. SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo.
22 Then our Father said, "Look, the man has become like one of us, knowing good and evil. Now, so he doesn't reach out, take from the tree of life too, eat, and live forever…" Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—”
23 So our Father sent him out of the garden of Eden to work the ground he was taken from. Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.
24 He drove out the man and placed cherubim and a whirling, flaming sword east of Eden's garden, guarding the way to the tree of life. Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone cheriben nan avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]