Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So the heavens and the earth were completed in all their vast array. Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.
2 By the seventh day our Father had completed his work, and he rested on the seventh day from everything he had made. Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.
3 And our Father blessed the seventh day, making it holy, because on it he rested from all the work of creation he had done. Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.
4 This is the history of the heavens and the earth when they were created, when our Father made earth and heavens. Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la.
5 No shrub of the field yet existed on the earth, no plant of the field had yet sprouted, for our Father had not sent rain on the earth, and there was no man to work the ground, Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a.
6 but springs came up from the earth and watered the whole surface of the ground. Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li.
7 Then our Father formed the man from dust of the ground, breathed into his nostrils the breath of life, and the man became a living person. Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
8 Then our Father planted a garden in Eden, in the east, and put there the man he had formed. Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a.
9 From the ground our Father grew every tree lovely to see and good to eat, with the tree of life in the garden's center and the tree of knowing good and evil. Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
10 A river flowed from Eden to water the garden; from there it divided into four rivers. Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè.
11 The first is named Pishon; it flows around all the land of Havilah, where gold is found. Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen lò a.
12 The gold of that land is good; aromatic resin and onyx are also there. Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la.
13 The name of the second river is the Gihon; it winds through the entire land of Cush. Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la.
14 The third river's name is Tigris, flowing east of Assyria. The fourth river is the Euphrates. Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.
15 Our Father took the man and set him in the garden of Eden to work it and guard it. Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
16 And our Father commanded the man, "You are free to eat from any tree in the garden; Senyè Bondye a te kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje,
17 but you must not eat from the tree of knowledge of good and evil, for you will surely die the day you eat from it." men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.”
18 Then our Father said, "It is not good for the man to be alone. I will make a helper matching him." Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va fè yon asistan jan li dwe genyen”.
19 From the ground our Father formed every field animal and every sky bird, then brought each to the man to see what he'd name it. Whatever the man named each living creature, that was its name. Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li.
20 The man named all livestock, birds of the sky, and all wild animals, but for Adam no helper matching him was found. Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
21 So our Father made the man fall into a deep sleep, and while he slept, took one of his ribs and closed the flesh over it. Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li.
22 Then our Father built a woman from the rib he took from the man, and brought her to the man. Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 The man said, "At last! This is bone of my bones and flesh of my flesh; she will be called 'woman,' for she was taken out of man." Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24 So a man leaves his father and mother, joins his wife, and they become one flesh. “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”
25 The man and his wife were both naked, and they were not ashamed. Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]