Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the beginning, our Heavenly Father created the heavens and the earth. Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.
2 The earth was formless and empty; darkness lay over the deep's surface, and the Spirit of our Father was hovering over the waters' surface. Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
3 Then our Father said, "Let there be light," and there was light. Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè.
4 He saw that the light was good, and he separated the light from the darkness. Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te separe limyè a avèk tenèb la.
5 He called the light "day" and called the darkness "night." There was evening, and there was morning—the first day. Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.
6 And our Father said, "Let there be an expanse between the waters to separate water from water." Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”.
7 He made the expanse and separated the water under it from the water above it. And it was so. Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye.
8 He called the expanse "sky." So there was evening, and there was morning—the second day. Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
9 Then our Father said, "Let the water under the sky be gathered to one place, and let dry ground appear." And it was so. Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt.
10 He named the dry ground "land," the gathered waters "seas." And he saw it was good. Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.
11 Then he said, "Let the land grow vegetation: seed-bearing plants, fruit trees bearing fruit with seed in it, after its kind." And it was so. Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt.
12 The land produced vegetation—seed-bearing plants by kind, and trees bearing seed-bearing fruit by kind—and our Father saw that it was good. Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon.
13 And there was evening, and there was morning—the third day. Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
14 And our Father said, "Let there be lights in the sky's expanse to separate day from night, and serve as signs to mark seasons, days, and years, Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo;
15 and let them be lights in the sky's expanse, to give light on the earth." And it was so. ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt.
16 Our Father made two great lights—the greater light to rule the day, the lesser light to rule the night. He also made the stars. Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo.
17 He set them in the expanse of the sky to give light on the earth, Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè,
18 to rule the day and the night, and to separate light from darkness. He saw it was good. epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon.
19 So there was evening, and there was morning—the fourth day. Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
20 Then our Father said, "Let the water swarm with living creatures, and let birds fly above the earth, across the sky's expanse." Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.”
21 So he created the great sea creatures, every living creature that moves and swarms in the water by its kind, and every winged bird by its kind. And he saw it was good. Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman. Dlo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l. Bondye te wè ke sa te bon.
22 Our Father blessed them and said, "Be fruitful, multiply, fill the waters in the seas, and let birds multiply on earth." Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.”
23 And there was evening, and there was morning—the fifth day. Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.
24 And our Father said, "Let the land produce living creatures by kind: livestock, crawling creatures, and wild animals, each by kind." And it was so. Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt.
25 He made wild animals by their kind, livestock by their kind, and every creature crawling the ground by its kind. And he saw that it was good. Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
26 Then our Father said, "Let us make humanity in our image, in our likeness, to rule the fish of the sea, the birds of the sky, the livestock, all the earth, and every creature crawling on the ground." Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 So our Father created humanity in his own image; in the image of God he created them; male and female he created them. Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.
28 Our Father blessed them and said to them, "Be fruitful, multiply, fill the earth and subdue it. Rule the fish of the sea, the birds of the sky, and every living creature that moves on the earth." Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
29 Then he said, "I give you every seed-bearing plant across the whole earth, and every tree with seed-bearing fruit—they will be your food. Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou;
30 To every animal of the earth, every bird of the sky, everything crawling on the ground with breath of life, I give every green plant for food." And so it happened. Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.
31 Our Father saw all he had made, and it was very good. So there was evening, and there was morning—the sixth day. Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]