Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 34 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Dinah, the daughter Leah bore to Jacob, went out to see the young women of the land. Alò, Dina, fi Léa te fè pou Jacob la te sòti pou vizite fi peyi yo nan kote sa a.
2 Shechem son of Hamor the Hivite, prince of the land, saw her, seized her, lay with her, and abused her. Lè Sichem, fis Hamor a, Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li.
3 His heart clung to Dinah, daughter of Jacob—he loved the girl and spoke to her heart. Li te vrèman atire a Dina, fi Jacob la. Li te renmen fi a, e li te pale ak dousè avè l.
4 So Shechem said to his father Hamor, "Get me this girl as a wife." Alò, Sichem te pale avèk papa l Hamor. Li te di: “Fè m jwenn jèn fi sa a pou madanm.”
5 Jacob heard that Shechem had made his daughter Dinah unclean, but his sons were with his livestock in the field, so Jacob said nothing until they came. Alò, Jacob te tande ke li te vyole Dina, fi li a, men fis li yo te avèk bèt yo nan chan an. Alò, li te rete san pale jis lè yo te vin antre.
6 Then Hamor, Shechem's father, went out to Jacob to speak with him. Hamor, papa a Sichem, te vin deyò a pou pale avèk li.
7 Jacob's sons came in from the field. When they heard, the men were deeply pained and furious—for Shechem had done a disgraceful thing in Israel, sleeping with Jacob's daughter, a thing not to be done. Alò, fis a Jacob yo te sòti nan chan an lè yo te tande koze sa a. Konsa, mesye yo te blese. Yo te vin byen fache, akoz ke li te fè yon choz meprizab an Israël lè li te kouche avèk fi Jacob la, paske yon bagay konsa pa t dwe fèt.
8 Hamor spoke with them: "My son Shechem longs for your daughter. Please give her to him as wife. Men Hamor te pale avèk yo. Li te di: “Nanm fis mwen an, Sichem anvi fi ou a anpil. Pou sa, silvouplè, ba li li pou yo marye.
9 Intermarry with us—give your daughters to us, and take our daughters for yourselves. Annou marye yo youn pou lòt. Bay fi ou yo a nou menm, e pran fi nou yo pou ou menm.
10 Live with us; the land lies open to you—settle, trade, and acquire property in it." Konsa, ou va viv avèk nou, e peyi a va vin ouvri devan nou. Viv ladann, e fè afè nou yo ladann.”
11 Shechem said to her father and brothers, "Let me find favor in your eyes; whatever you say to me, I will give. Sichem te di osi a papa ak frè a Dina, “Kite mwen twouve favè nan zye nou. Konsa, mwen va bannou nenpòt sa ke nou mande m.
12 Ask me any bride-price and gift, however great—I'll pay it. Just give me the girl as my wife." Mande m tan kòm pèyman avèk kado, e mwen va bannou nenpòt sa nou mande mwen, men ban mwen fi a pou marye.”
13 Jacob's sons answered Shechem and his father Hamor dishonestly, because Shechem had defiled their sister Dinah. Konsa, fis Jacob yo te reponn Sichem avèk papa li Hamor avèk desepsyon, akoz ke li te vyole Dina, sè yo a.
14 They said to them, "We can't do this—give our sister to an uncircumcised man; that would disgrace us. Yo te di yo: “Nou pa kapab fè bagay sa a, pou bay sè nou an a yon moun ki pa sikonsi. Sa ta yon wont pou nou tout.
15 We agree to this alone: if you become like us, every male of you circumcised. Sou yon sèl kondisyon nou ta kapab dakò: si nou va vini tankou nou. Sa vle di ke chak mal nan nou ta vin sikonsi.
16 We'll give you our daughters and take yours for ourselves; we'll live with you and become one people. Konsa, nou va bay sè nou yo a nou menm, nou va viv avèk nou e vin yon sèl pèp.
17 But if you will not listen and be circumcised, we will take our daughter and leave." Men si nou pa koute nou pou vin sikonsi, alò, n ap pran sè nou an e ale.”
18 Their words pleased Hamor and his son Shechem. Alò, pawòl pa yo a te parèt rezonab a Hamor avèk Sichem, fis Hamor a.
19 The young man didn't delay, since he delighted in Jacob's daughter—he was the most honored in his father's house. Jennonm sa a pa t pèdi tan pou fè bagay la, paske li te tèlman kontan avèk fi Jacob la. Epi li te jwenn respe depase tout moun ki lakay papa li a.
20 Hamor and his son Shechem came to the gate of their city and spoke to the men of their city: Konsa, Hamor, avèk fis li a, Sichem te vini nan pòtay vil yo, li te pale avèk mesye nan vil yo, e li te di:
21 "These men are peaceful with us. Let them live in the land and trade in it—the land is wide enough for them. We'll take their daughters as wives and give them ours. “Moun sa yo se zanmi nou yo ye; pou sa, annou kite yo viv nan peyi a pou fè komès ladann, paske, gade byen, peyi a ase gran pou yo. Annou pran fi yo an maryaj, e bay fi nou yo a yo menm.
22 Only on this condition will the men agree to live with us as one people: that every male among us be circumcised, as they are circumcised. “Se sèl sou kondisyon sa a ke moun sa yo va vin dakò pou vin viv avèk nou, pou vin yon sèl pèp; ke chak mal pami nou vin sikonsi tankou yo menm tou deja sikonsi a.
23 Won't their livestock, property, and all their animals be ours? Just let us agree with them, and they'll live with us." Se pa ke bèt, byen ak tout zannimo yo va vin pou nou? Sèlman annou vin dakò avèk yo, e yo va viv avèk nou.”
24 All who went out through his city's gate listened to Hamor and his son Shechem, and every male was circumcised—all who went out through his city's gate. Tout sa yo ki te sòti nan pòtay lavil la te koute Hamor, avèk fis li a, Sichem. Konsa, chak mal te sikonsi, tout moun ki te sòti nan pòtay vil la.
25 On the third day, while they were still in pain, two of Jacob's sons, Simeon and Levi, Dinah's brothers, each took his sword, came against the unsuspecting city, and killed every male. Alò, li te rive nan twazyèm jou a, lè yo te nan doulè, de nan fis a Jacob yo, Siméon avèk Lévi, frè a Dina yo, yo chak te pran nepe yo. Yo te vini sou vil la san yo pa konnen, e yo te touye tout mal yo.
26 They killed Hamor and his son Shechem with the sword, took Dinah from Shechem's house, and left. Yo te touye Hamor avèk fis li a, Sichem, avèk lam file a nepe yo. Yo te pran Dina soti lakay Sichem nan, e yo te ale.
27 Jacob's sons came upon the slain and plundered the city, because the men there had defiled their sister. Fis Jacob yo te vini sou mò yo. Yo te piyaje vil la akoz ke yo te vyole sè yo a.
28 They took their flocks, their herds, their donkeys, and everything in the city and in the field. Yo te pran bann mouton, twoupo ak bourik, sa ki te nan vil la, ak sa ki te nan chan an.
29 They took all their wealth, all their children, and their wives captive, plundering everything in the houses. Epi yo te kaptire e piyaje tout byen yo, tout pitit yo, madanm yo, menm tout sa ki te lakay yo.
30 Jacob said to Simeon and Levi, "You've brought trouble on me—making me stink to those living here, the Canaanites and Perizzites. My men are few; if they band together against me, they'll attack, and I'll be destroyed, I and my household." Alò Jacob te di a Siméon avèk Lévi: “Nou vin pote pwoblèm pou mwen akoz ke nou fè m vin rayi pa abitan peyi yo, pami Kananeyen avèk Ferezyen yo. Epi akoz ke gason nou yo pa anpil, yo va rasanble kont mwen, pou atake mwen, e mwen va vin detwi, mwen menm avèk tout lakay mwen.”
31 But they said, "Should he treat our sister like a prostitute?" Men yo te di: “Èske yo ta dwe trete sè nou an tankou yon pwostitiye?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]