Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 35 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father told Jacob, "Get up, go to Bethel, stay there, and build an altar to me, who appeared to you when you fled from your brother Esau." Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”
2 Jacob said to his household and all with him, "Discard the foreign gods among you, purify yourselves, and change your clothes. Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou.
3 Let's go up to Bethel. I'll build an altar there to our Father, who answered me in my day of distress and stayed with me wherever I went." Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.”
4 They gave Jacob all the foreign gods in their hands and earrings in their ears; he hid them under Shechem's oak. Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan.
5 They set out; terror from our Father struck the surrounding cities, so no one pursued Jacob's sons. Pandan yo t ap vwayaje, yon gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.
6 Jacob came to Luz (Bethel) in Canaan, with all his people. Alò, Jacob te vini Luz (sa vle di, Béthel), ki nan peyi Canaan an, li menm avèk tout moun ki te avèk li yo.
7 There he built an altar, naming it El-Bethel—house of our Father—for there he revealed himself to Jacob when he fled from his brother. Li te bati yon lotèl la, e li te rele plas la, El-Béthel, akoz ke se la Bondye te revele Li menm a li lè li te sove ale kite frè l la.
8 Deborah, Rebekah's nurse, died and was buried below Bethel under the oak, named Allon-bacuth, oak of weeping. Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a).
9 Our Father appeared to Jacob again, when he came from Paddan-aram, and blessed him. Alò, Bondye te vin parèt a Jacob ankò lè li te sòti Paddan-Aram, e Li te beni li.
10 Our Father said to him, "Your name is Jacob, but it will no longer be Jacob—your name is Israel." He named him Israel. Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël.
11 Our Father told him, "I am El Shaddai, your Father Almighty. Be fruitful, multiply. A nation, a company of nations, will come from you; kings will come from your body. Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou.
12 The land I gave Abraham and Isaac, I will give you; I will give to your offspring after you." Peyi ke M te bay Abraham, ak Isaac la, Mwen va ba ou li, ak desandan apre ou yo.”
13 Then our Father went up from him in the place where he had spoken with him. Konsa, Bondye te monte kite li nan plas kote Li te pale avèk li a.
14 Jacob set up a pillar where our Father had spoken with him, a pillar of stone, and he poured out a drink offering on it and poured oil on it. Jacob te etabli yon pilye nan plas kote Li te pale avèk li a, yon pilye wòch. Li te vide yon bwason kòm ofrann sou li; epi osi li te vide yon lwil sou li.
15 Jacob named the place where our Father had spoken with him: Bethel. Alò, Jacob te nonmen plas kote Bondye te pale avèk li a Béthel.
16 They left Bethel, and while still some distance from Ephrath, Rachel went into labor—hard labor. Yo te vwayaje sòti Béthel. Lè te toujou gen yon distans pou rive Éphrata, Rachel te kòmanse fè pitit li, e li te soufri yon doulè ki te difisil.
17 During her hard labor, the midwife told her, "Don't be afraid—this too is a son." Lè li te nan doulè rèd konsa, fanm saj la te di l: “Pa pè koulye a, paske ou va gen yon lòt gason.”
18 As her soul was leaving her—she was dying—she named him Ben-oni, son of my sorrow; but his father called him Benjamin, son of the right hand. Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin.
19 So Rachel died, and she was buried on the way to Ephrath (that is, Bethlehem). Rachel te mouri e li te antere nan wout pou ale Éphrata a (sa vle di, Bethléem).
20 Jacob set a pillar on her grave—it is Rachel's grave pillar to this day. Jacob te monte yon pilye sou tonm li an, e sa se pilye a tonm Rachel jiska jounen jodi a.
21 Israel traveled and camped beyond Migdal-eder, the tower of the flock. Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen tou Migdal-Éder a.
22 While Israel lived in that land, Reuben went and slept with Bilhah, his father's concubine, and Israel heard. Jacob had twelve sons. Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob—
23 The sons of Leah: Reuben, Jacob's firstborn, then Simeon, Levi, Judah, Issachar, and Zebulun. fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon,
24 The sons of Rachel: Joseph and Benjamin. fis a Rachel yo: Joseph avèk Benjamin;
25 The sons of Bilhah, Rachel's maid: Dan and Naphtali. fis a Bilha yo, sèvant Rachel la: Dan avèk Nephthali;
26 Sons of Zilpah, Leah's servant: Gad and Asher. These are Jacob's sons, born to him in Paddan-aram. fis Zilpa yo, sèvant Léa a: Gad avèk Aser. Sa yo se fis Jacob yo ki te fèt a li menm nan Paddan-Aram.
27 Jacob came to his father Isaac at Mamre, Kiriath-arba (Hebron), where Abraham and Isaac had lived. Jacob te vini vè papa li, Isaac nan Mamré pou Kirjath-Arba (ki se Hébron), kote Abraham avèk Isaac te demere a.
28 Isaac lived 180 years. Alò, jou Isaac yo te san-katre-ven ane.
29 Isaac breathed his last, died, and was gathered to his people—old, full of days. His sons Esau and Jacob buried him. Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]