Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 33 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jacob looked up and saw Esau coming with 400 men. So he divided the children between Leah, Rachel, and the two servants. Alò, Jacob te leve zye li. Li te gade, e gade byen, Ésaü t ap vini, ak kat-san òm avèk li. Konsa, li te divize pitit yo pami Léa avèk Rachel avèk de sèvant yo.
2 He put the maidservants and their children first, Leah and her children after them, and Rachel and Joseph last. Li te mete sèvant li yo devan, Léa avèk pitit li yo dèyè yo, e Rachel avèk Joseph an dènye.
3 He himself went ahead of them, bowing to the ground seven times, until he reached his brother. Men li menm te pran devan yo. Li te bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a.
4 Esau ran to meet him, hugged him, threw his arms around his neck, kissed him—and they wept. Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye.
5 When Esau looked up and saw the women and children, he asked, "Who are these with you?" Jacob said, "The children our Father has graciously given your servant." Li te leve zye li pou wè fanm yo, e li te di: “Se kilès? Sila yo ki avèk ou la a?” Epi Jacob te di: “Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.”
6 Then the female servants drew near with their children, and they bowed down. Alò, sèvant lakay yo te vin pwoche avèk pitit pa yo, e yo te bese ba.
7 Leah also came forward with her children, and they bowed down; then Joseph and Rachel came forward and bowed down. Léa tou te apwoche avèk pitit li yo. Yo te bese ba. Apre, Joseph te vini avèk Rachel, e yo te bese ba.
8 Esau said, "Why all this company I met?" "To find favor with my lord," Jacob said. Ésaü te di: “Kisa ou vle di ak tout ekip sa yo ke m rankontre la a?” Jacob te reponn: “Pou jwenn favè nan zye a mèt mwen.”
9 But Esau said, "I have plenty, my brother; keep what is yours for yourself." Men Ésaü te di: “Mwen gen kont mwen, frè m; kite sa ou genyen yo rete pou ou.”
10 Jacob said, "No, please—if I've found favor in your eyes, accept my gift from my hand, for I have seen your face like seeing the face of our Father, and you've accepted me. Jacob te di: “Non, souple, si koulye a mwen twouve favè nan zye ou, alò, pran kado a nan men m, paske mwen wè figi ou tankou yon moun ki vin wè figi a Bondye, e ou te byen resevwa m.
11 Please take my blessing, brought to you, since our Father has favored me and I have everything." So he insisted, and he took it. Souple, pran kado ki te pote pou ou a, paske Bondye te aji avèk gras anvè mwen, e akoz sa m gen anpil:” Konsa, li te vin ankouraje l, e li te aksepte li.
12 Then Esau said, "Let us journey on our way, and I will go ahead of you." Konsa, Esaü te di: “Annou fè vwayaj nou. Ann ale, e mwen va ale devan nou.”
13 But Jacob said to him, "My lord knows the children are frail, and the flocks and herds, nursing, are in my care. If driven hard one day, all the flocks will die. Men Jacob te di li: “Mèt mwen, ou konnen ke timoun yo frajil, e ke bann mouton avèk twoupo k ap bay tete yo se yon tèt chaje pou mwen. Si yo pouse twòp, menm pou yon jou, yo va mouri.
14 Let my lord pass ahead of his servant; I will move slowly, at the pace of the livestock ahead of me and the pace of the children, until I reach my lord at Seir." Souple, kite mèt mwen an pase devan sèvitè li. Mwen menm mwen va avanse pi dousman, selon nesesite bèt ki devan m yo, ak selon vitès a timoun yo, jis lè m rive vè mèt mwen an nan Séir.”
15 Esau said, "Let me leave some of my people with you." Jacob replied, "Why do that? Let me find favor in my lord's eyes." Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.”
16 So Esau returned that day on his way to Seir. Konsa, Ésaü te fè wout li pou Séir menm jou sa a.
17 But Jacob traveled to Succoth, built himself a house, and made shelters for his livestock—that's why the place is called Succoth. Jacob te vwayaje a Succoth. Li te bati pou li menm yon kay, e li te fè pak pou tout bèt li yo, epi pou sa, yo rele plas la Succoth.
18 Jacob arrived safely at Shechem, a city in Canaan, coming from Paddan-aram, and camped facing the city. Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti Paddan-Aram. Li te fè kan an devan vil la.
19 He bought the plot where he pitched his tent from the sons of Hamor, Shechem's father, for one hundred pieces of silver. Li te achte yon mòso tè kote li te monte tant li nan men fis Hamor yo, papa Sichem nan, pou sòm a san pyès lajan.
20 There he set up an altar and called it El-Elohe-Israel—the Father of Israel. Alò, la li te monte yon lotèl, e li te rele li El-Elohé-Israël.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]