Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 32 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jacob went on his way, and the angels of our Father met him. Alò, pandan Jacob te fin pran wout li, zanj Bondye yo te rankontre li.
2 Jacob saw them and said, "This is our Father's camp!" He named that place Mahanaim. Jacob te di lè li te wè yo: “Sa se lame Bondye a.” Konsa, li te nonmen plas sa a Mahanaïm.
3 Jacob sent messengers ahead of him to Esau his brother in the land of Seir, the territory of Edom. Alò, Jacob te voye mesaje yo devan li kote frè li Ésaü nan peyi Séir a nan teritwa Édom an.
4 He ordered them, "Tell my lord Esau: your servant Jacob says, I've lived with Laban and stayed until now. Li te bay mesaje yo lòd, e li te di: “Konsa ou va pale a mèt mwen an, Ésaü: ‘Men sa ke sèvitè ou, Jacob di ou: Mwen te vin rete avèk Laban, e mwen te demere la jis rive koulye a.
5 I own oxen, donkeys, flocks, and servants—male and female. I've sent to inform my lord, to find favor in your eyes." Mwen gen bèf avèk bourik, avèk bann mouton, sèvitè avèk sèvant. M ap voye pou di mèt mwen sa, pou m kapab vin jwenn favè nan zye w.’”
6 The messengers returned to Jacob: "We went to your brother Esau—he's coming to meet you, 400 men with him." Mesaje yo te retounen vè Jacob. Yo te di li: “Nou te rankontre frè ou Ésaü. Konsa, li ap vin kote ou avèk kat-san òm.”
7 Jacob was very afraid and distressed. He split the people with him, and the flocks, herds, and camels, into two camps, Epi Jacob te vin pè anpil, e byen twouble. Li te divize moun ki te avè l yo, bann mouton, twoupo bèf ak chamo pou fè de konpanyen.
8 thinking, "If Esau reaches one camp and attacks it, the remaining camp will escape." Konsa, li te di: “Si Ésaü ta vin atake youn nan konpanyen yo, alò, konpanyen ki rete a va chape.”
9 Then Jacob said, "God of my father Abraham and God of my father Isaac, my Father, who said to me, 'Return to your land and family, so I may treat you well,' Jacob te di: “O Bondye a papa m nan Abraham e Bondye a papa m nan Isaac, O SENYÈ ki te di mwen an: ‘Retounen nan peyi ou, e a moun fanmi ou yo, e mwen va fè ou vin pwospere,’
10 I am too small for the least of all the covenant love and faithfulness you have shown your servant, for I crossed this Jordan with only my staff, and now I have become two camps. mwen pa merite tout lanmou, mizerikòd ak fidelite ke ou te montre sèvitè ou a; paske se sèl avèk baton mwen ke m te travèse rivyè Jourdain an, men koulye a nou vin de konpanyen.
11 Rescue me, please, from my brother's hand, from Esau's hand—I fear him: he may come and strike me down, mothers with children. Delivre mwen, souple anba men frè m nan, anba men Ésaü; paske mwen pè li, pou li pa vin atake mwen avèk manman yo, ak timoun yo.
12 But you said, 'I will surely be good to you and make your descendants like the sand of the sea, too many to count.'" Paske ou te di: ‘Anverite, Mwen va fè nou vin pwospere, e fè desandan nou yo vin tankou sab lanmè a, k ap twò gran pou konte.’”
13 He stayed there that night, then took a gift for his brother Esau from what he had: Epi li te pase nwit lan la. Alò, li te chwazi nan sa li te gen avè l yo kòm yon kado pou frè li, Ésaü:
14 200 female goats and twenty male goats, 200 ewes and twenty rams, De-san kabrit femèl, ven kabrit mal, de-san femèl mouton, ak ven mal,
15 thirty nursing camels with their young, forty cows, ten bulls, twenty female donkeys, ten male donkeys. trant chamo ki t ap bay lèt a pitit pa yo, karant bèf avèk dis towo, ven bourik femèl, ak dis ti bourik.
16 He gave them to his servants, drove by drove, separately, and told his servants, "Pass ahead of me, and leave space between drove and drove." Li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Chak ekip te mache pou kont li, e li te di a sèvitè li yo: “Pase devan m, e mete yon espas antre de bann yo.”
17 He ordered the first, "When Esau my brother meets you and asks you, 'Whose are you? Where are you going? Whose are these ahead of you?' Li te kòmande sila ki te devan an e li te di li: “Lè frè m Ésaü vin rankontre ou, e mande ou: ‘Pou kilès ou ye, kibò w prale, e pou kilès bèt sa yo ki devan ou yo ye?’
18 then say, 'They're your servant Jacob's, a gift sent to my lord Esau. Look, he himself is behind us.'" Alò, ou va di: ‘Se pou sèvitè ou, Jacob. Se yon kado ke li voye bay mèt mwen, Ésaü. Men gade byen, li la dèyè nou.’”
19 He also commanded the second, the third, and all who followed the herds, "Say the same to Esau when you find him, Li te kòmande osi a dezyèm nan, a twazyèm nan, ak tout sa ki te swiv ekip yo, e li te di: “Se konsa nou va pale avèk Ésaü lè nou rankontre li.
20 and you will say, 'Also, your servant Jacob is behind us.'" For he thought, "I will appease him with the gift ahead of me, then see his face; perhaps he'll accept me." Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li. Petèt li kapab aksepte mwen.’”
21 So the gift passed on ahead of him, and he himself stayed that night in the camp. Epi kado a te pase devan li, e li menm te pase nwit lan menm kote li te fè kan an.
22 That night he got up, took his two wives, two female servants, and eleven sons, and crossed the Jabbok ford. Alò, li te leve pandan menm nwit lan, e li te pran de madanm li yo avèk de sèvant li yo, onz pitit li yo, e li te travèse lariviyè a bò kote Jabbok la.
23 He took them and sent them across the stream, and likewise sent across everything he had. Li te pran yo, e li te voye yo travèse dlo a. Konsa, li te voye travèse ak tout sa li te genyen.
24 And Jacob was left alone. And a man wrestled with him until the breaking of the day. Konsa, Jacob te rete tout sèl, e yon nonm te vin lite avèk li jis rive granmmaten.
25 Seeing he could not defeat Jacob, the man touched his hip socket, and Jacob's hip was wrenched as they wrestled. Lè li te wè ke li pa t genyen l, li te touche gwo jwenti janm li (anwo kote l tache nan kò a), epi li te vin dejwente pandan li t ap lite avè l.
26 He said, "Let me go; dawn is breaking." But Jacob said, "I won't let you go unless you bless me." Epi nonm nan te di: “Lage m, paske jou a pwòch.” Men Jacob te di: “Mwen p ap lage ou amwenske ke ou beni m.”
27 And he said to him, "What is your name?" And he said, "Jacob." Alò, li te di li: “Kòman yo rele ou?” Li te reponn: “Jacob.”
28 He said, "You will no longer be named Jacob, but Israel, for you have struggled with our Father and with men, and won." Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.”
29 Jacob asked him, "Please tell me your name." He said, "Why do you ask my name?" And he blessed him there. Alò Jacob te mande li: “Souple, di m non ou.” Li te reponn: “Poukisa ou mande m non mwen?” Epi li te beni li la.
30 So Jacob named the place Peniel: "For I have seen our Father face to face, yet my life was saved." Konsa, Jacob te nonmen kote sa Peniel, paske li te di: “Mwen te wè Bondye fasafas, malgre sa, vi mwen te prezève.”
31 The sun rose upon him as he passed Penuel, limping because of his hip. Alò, solèy la te leve sou li nan menm moman li t ap travèse Peniel la, e li te bwate akoz gwo janm nan.
32 This is why, even now, the Israelites won't eat the thigh muscle on the hip socket—because he struck Jacob's hip socket there, at the thigh muscle. Pou sa, jis jounen jodi a, fis Israël yo pa manje tandon ki tache nan gwo janm nan avèk anch ki sou jwenti a, akoz ke li te touche jwenti gwo janm nan tandon ki tache nan anch lan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]