Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 31 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jacob heard Laban's sons say, "Jacob took all our father had; from what was our father's he made this wealth." Alò, Jacob te tande pawòl fis Laban yo ki te vin di: “Jacob te retire tout sa ki te pou papa nou, e avèk sa ki te pou papa nou, li te fè tout richès li.”
2 And Jacob saw the face of Laban, and it was not toward him as before. Jacob te wè konpòtman Laban, e gade byen, li pa t emab anvè li jan li te ye avan an.
3 Then our Father told Jacob, "Return to your fathers' land and family; I will be with you." Epi SENYÈ a te di a Jacob: “Retounen nan peyi a zansèt ou yo, a moun ou yo, e mwen va avèk ou.”
4 So Jacob sent and called Rachel and Leah to the field, to his flock. Alò Jacob te voye rele Rachel avèk Léa vè bann mouton li nan chan an.
5 He told them, "I see your father's face isn't toward me as before, but the God of my father remained with me. Konsa, li te di yo: “Mwen wè ke konpòtman papa nou anvè mwen menm pa emab jan li te ye lontan an, men Bondye a papa m nan te avèk mwen.
6 You know that I have served your father with all my strength. Nou konnen ke mwen te sèvi papa nou avèk tout fòs mwen.
7 Your father cheated me, changing my wages ten times, but our Father wouldn't let him harm me. Malgre sa, papa nou te twonpe mwen, e li te chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj.
8 If he said, 'Speckled is your wage,' the whole flock bore speckled; if he said, 'Striped is your wage,' the whole flock bore striped. Si li te pale konsa: ‘Takte yo se salè ou’, alò, tout bann mouton yo te bay pitit takte. Epi si li te pale konsa ke trase yo te salè ou, alò tout bann mouton yo te bay pitit trase.
9 So our Father has taken away your father's livestock and given it to me. Konsa Bondye te retire bèt yo nan men papa ou, e Li te ban mwen yo.
10 I looked up in a dream during the flock's mating season and saw the male goats mounting them were streaked, speckled, and spotted. “Epi li te rive ke lè bann mouton yo a t ap kwaze, ke mwen te leve zye mwen, mwen te wè nan yon rèv, e gade byen, mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele.
11 The messenger of the Father said to me in a dream, 'Jacob,' and I said, 'Here I am.' “Alò, zanj Bondye a te di mwen nan rèv la: ‘Jacob,’ epi mwen te di: ‘Men mwen.’
12 He said, 'Look up and see: all the male goats mating with the flock are streaked, spotted, speckled—for I've seen all Laban is doing to you. “Li te di: ‘Koulye a leve zye ou, pou wè ke tout mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele, paske Mwen te wè tout sa ke Laban te fè ou yo.
13 I am the Father of Bethel, where you anointed a pillar and vowed to me. Now get up, leave this land, and return to your kindred's land.'" Mwen menm se Bondye a Béthel la, kote ou te vide lwil sou yon pilye, kote ou te fè sèman a Mwen menm nan. Konsa, leve, kite tè sa a, e retounen nan peyi nesans ou a.’”
14 Rachel and Leah answered, "Do we still have any share or inheritance in our father's house? Rachel avèk Léa te di li: “Èske nou gen yon pati nan eritaj lakay papa nou an ki rete?
15 Doesn't he count us as foreigners? He sold us and has completely consumed our money too. Èske li pa rekonèt nou kòm etranje? Paske li gen tan vann nou. Anplis, li te manje tout byen nou ranmase.
16 Everything our Father took from Laban is ours and our children's. Now do all our Father told you." Vrèman, tout byen ke Bondye te rachte nan men papa nou yo, se pou nou avèk pitit nou ke yo ye. Alò, fè sa ke Bondye te di ou fè a.”
17 So Jacob arose and set his sons and his wives on the camels. Alò, Jacob te leve. Li te mete pitit li yo avèk madanm li yo sou chamo yo.
18 He took all his livestock and all his property he had acquired, the livestock acquired in Paddan-aram, to go to Isaac his father in the land of Canaan. Konsa, li te voye pouse tout bèt yo avèk tout byen ke li te rasanble yo, bèt ke li te vin gen nan Paddan-Aram yo, pou ale nan peyi Canaan vè papa li, Isaac.
19 Laban went to shear his sheep, and Rachel stole her father's household gods. Lè Laban te ale pou taye plim mouton li yo, Rachel te vòlè zidòl lakay ki te pou papa li yo.
20 And Jacob deceived Laban the Aramean by not telling him that he was fleeing. Konsa, Jacob te twonpe Laban, Arameyen an. Li pa t di li ke li t ap sove ale.
21 He fled with all he had, rose, crossed the Euphrates, and set his face toward Gilead's hill country. Li te sove ale avèk tout sa ke li te genyen, epi li te leve pou travèse lariviyè Euphrate la, ak figi li byen fikse vè peyi mòn Galaad yo.
22 On the third day Laban was told that Jacob had fled. Lè yo te di Laban nan twazyèm jou ke Jacob te sove ale a,
23 He took his relatives, chased him seven days, and caught him in Gilead's hill country. li te pran moun fanmi li yo, pou l te kouri dèyè li pandan sèt jou. Konsa, li te vin rive devan li nan ti kolin nan peyi Galaad yo.
24 But our Father came to Laban the Aramean in a night dream and said, "Guard against speaking with Jacob, good or bad." Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.”
25 Laban caught Jacob, who had pitched his tent in the hills; Laban and his relatives pitched against him in Gilead's hills. Laban te vin rive devan Jacob. Alò Jacob te monte tant li nan peyi kolin yo, e Laban avèk moun pa li yo te rete nan peyi kolin Galaad yo.
26 Laban said to Jacob, "What have you done? You tricked me and drove my daughters like war captives. Alò, Laban te di a Jacob: “Kisa ou te fè m la a lè ou te twonpe m e fè eskalad avèk fi mwen yo tankou prizonyè ki sou nepe?
27 Why sneak off and deceive me, not telling me? I'd have sent you off with joy, songs, tambourine, lyre. Poukisa ou te sove ale an sekrè? Ou fè m desepsyon sa a, e ou pa di m sa pou m ta kapab voye ou ale avèk jwa, ak chante, tanbouren ak ap?
28 Why didn't you let me kiss my sons and daughters goodbye? Now you've acted foolishly. Ou pa t menm kite m bo fis mwen yo, ak fi mwen yo. Alò, ou gen tan fè betiz.
29 I have power to harm you, but your father's God told me last night: 'Watch yourself—say nothing to Jacob, good or bad.' Li nan pouvwa mwen pou m fè nou mal, men Bondye a papa ou a te pale avèk mwen yèswa. Li te di: ‘Pinga ou pale ni byen, ni mal a Jacob’.
30 Now you've truly gone because you longed greatly for your father's house—so why steal my gods?" Alò, vrèman ou te sòti paske ou te anvi wè lakay papa ou, men poukisa ou te vòlè dye mwen yo?”
31 Jacob answered Laban, "I was afraid, for I thought you'd seize your daughters from me. Jacob te reponn Laban: “Akoz ke m te pè, paske mwen te panse ke ou ta rachte fi ou yo nan men mwen pa lafòs.
32 Whoever you find with your gods dies. Point out what's yours before our relatives, take it." Jacob didn't know Rachel had stolen them. Sila ki twouve avèk dye ou yo p ap viv. Nan prezans tout fanmi nou yo, montre m sa ki pou ou nan byen mwen yo, e pran li pou ou menm.” Paske Jacob pa t konnen ke Rachel te gen tan vòlè yo.
33 Laban searched Jacob's tent, Leah's tent, and the two servants' tent, found nothing, left Leah's, and entered Rachel's tent. Alò, Laban te antre nan tant Jacob la, nan tant Léa a, ak nan tant sèvant yo, men li pa t twouve yo.
34 Rachel had taken the household idols, put them in the camel's saddle, and sat on them. Laban searched the whole tent but found nothing. Alò, Rachel te pran zidòl lakay yo. Li te mete yo nan sèl chamo a, e li te chita sou yo. Konsa, Laban te manyen toupatou nan tant lan, men li pa t twouve yo.
35 She told her father, "Don't be angry, my lord—I can't rise for you; I'm on my period." He searched but never found the household gods. Li te di a papa li: “Pa kite mèt mwen an fache avè m, pwiske mwen p ap ka leve devan ou, paske se règ mwen ki sou mwen.” Alò, li te chache, men li pa t jwenn zidòl kay yo.
36 Jacob got angry and quarreled with Laban. Jacob answered Laban, "What's my crime? What's my sin, that you've chased me down? Alò, Jacob te vin fache. Li te konfwonte Laban. Jacob te di l: “Ki tò mwen te fè ou? Ki peche mwen te fè konsa pou ou vin pouswiv mwen tou cho konsa?
37 You've searched all my goods—what did you find from your household? Put it here before my relatives and yours; let them decide between us both. Malgre ou gen tan manyen tout afè m, kisa ou te twouve ladan yo ki pou lakay ou? Mete li isit la devan moun pa m avèk moun pa ou yo, pou yo ka pran yon desizyon antre nou de a.
38 Twenty years I've been with you: your ewes and female goats haven't miscarried, and I haven't eaten rams from your flock. “Pandan ventan mwen te la avè w. Mouton ou yo avèk kabrit ou yo pa janm pèdi pitit, ni mwen pa t manje belye nan bann mouton ou yo.
39 Torn animals I never brought to you; I bore the loss myself. You demanded it from my hand, stolen by day, stolen by night. Sa ki te chire pa bèt sovaj, èske m pa te pote yo bay ou? Mwen te fè pèt la pou kont mwen. Se konsa ou te egzije sa ki nan men m, sof ke sa ki vòlè nan lajounen, sof ke sa ki vòlè nan lannwit.
40 There I was: by day heat consumed me, and cold by night, and sleep fled from my eyes. Konsa mwen te ye: Nan lajounen, solèy la te manje m, fredi nan lannwit, e dòmi te vòlè sove ale nan zye mwen.
41 Twenty years in your house—fourteen serving for your two daughters, six for your flock—and you changed my wages ten times. Pandan ven ane sa yo, mwen te lakay ou. Mwen te sèvi ou katòz ane pou de fi ou yo, sis ane pou bann mouton ou yo, e ou te fè chanjman salè mwen dis fwa.
42 Had the God of my father, the God of Abraham, and the Fear of Isaac not been with me, you'd surely have sent me away empty-handed now. Our Father saw my suffering and my hands' labor, and warned you last night." Si Bondye a papa m nan, Bondye a Abraham nan pa t pou mwen, vrèman koulye a ou t ap kab voye m ale men vid. Bondye te wè afliksyon mwen, ak travay di ke men m te gen tan fè, epi Li te rann jijman an yèswa.”
43 Laban answered Jacob, "The daughters are mine, the children are mine, the flocks are mine—everything you see is mine. But what can I do today for my daughters, or for the children they bore? Laban te reponn a Jacob: “Fi yo se fi m, pitit yo se pitit mwen, bann mouton yo se bann mouton mwen. Tout sa ou wè la yo se pa m. Men kisa m ka fè nan jou sa pou sila yo, a fi mwen yo, oswa a pitit pa yo ke yo te fè?
44 Come, let's make a covenant, you and I; let it be a witness between you and me." Alò, kounye a vin non, annou fè yon akò, ou menm avèk mwen menm. Annou fè li kòm yon temwen antre ou menm avèk mwen.”
45 So Jacob took a stone and set it up as a pillar. Konsa, Jacob te pran yon gwo wòch. Li te fè l kanpe tankou yon pilye.
46 Jacob told his kin, "Gather stones." They took stones, piled a heap, and ate there by the heap. Jacob te di a tout relasyon fanmi pa li a: “Sanble wòch”! Epi yo te pran wòch yo. Yo te fè yon gwo pil, e yo te manje la akote pil la.
47 Laban called it Jegar-sahadutha, but Jacob called it Galeed. Alò Laban te rele la Jegar-Sahadutha, men Jacob te rele l Galed.
48 Laban said, "This heap is a witness between you and me today." Therefore he named it Galeed, Laban te di: “Gwo pil wòch sa se yon temwen antre ou menm avèk mwen menm jodi a.” Konsa, li te rele l Galed,
49 and Mizpah, for he said, "God watch between me and you when we're apart. epi osi Mitspa, paske li te di: “Ke Bondye kapab gade antre ou menm avèk mwen lè nou vin absan de youn lòt.
50 If you mistreat my daughters or take wives besides them, though no one else is here, God witnesses between you and me." Si ou maltrete fi mwen yo, oswa si ou pran madanm anplis ke fi mwen yo, malgre pèsòn pa avèk nou, ou wè, Bondye se temwen antre ou menm avèk mwen.”
51 Laban said to Jacob, "Look at this heap and this pillar I've set between you and me. Laban te di a Jacob: “Gade byen gwo pil sa a, e veye byen gwo pilye ke m etabli antre ou menm avèk mwen an.
52 This mound witnesses, this pillar witnesses: I won't cross this mound to you, and you won't cross this mound and pillar to me, for harm. Gwo pil sa a se yon temwen. Pilye a se yon temwen ke mwen p ap pase vè gwo pil sa a pou fè ou mal, e ou p ap pase gwo pil sa a vè mwen pou fè m mal.
53 God of Abraham and God of Nahor, the God of their father, judge between us." So Jacob swore by the Fear of his father Isaac. Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin jij antre nou menm.” Konsa Jacob te sèmante pa krent a papa l, Isaac.
54 Jacob sacrificed on the mountain, called his relatives to eat bread; they ate bread and spent the night on the mountain. Alò, Jacob te ofri yon sakrifis sou mòn nan. Li te rele tout gwo fanmi li yo pou vin manje pen. Yo te manje pen sa a, e yo te pase nwit lan sou mòn nan.
55 Laban rose early, kissed his grandchildren and daughters, blessed them, left, and returned home. Granmmaten, Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]