Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 30 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Rachel saw that she bore Jacob no children, Rachel envied her sister. She said to Jacob, "Give me children, or I will die!" Alò, lè Rachel te wè ke li pa t fè pitit pou Jacob, li te vin jalou. Li te di a Jacob: “Ban mwen pitit, oswa, m ap mouri.”
2 Jacob was furious with Rachel. He said, "Am I in our Father's place, who has withheld from you the fruit of the womb?" Epi chalè Jacob te brile kont Rachel. Li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te anpeche vant ou bay fwi a?”
3 She said, "Here is my servant Bilhah. Go in to her, that she may bear children for me, and through her I too may build a family." Li te reponn: “Men sèvant mwen an, Bilha, antre an relasyon avèk li pou li kapab pouse fè sou jenou mwen yo. Konsa, pa li menm, mwen kapab fè timoun tou.”
4 So she gave him Bilhah her servant as a wife, and Jacob was intimate with her. Epi li te ba li sèvant li, Bilha kòm madanm, e li te antre nan relasyon avèk li.
5 Bilhah conceived and bore Jacob a son. Bilha te vin ansent, e li te fè yon fis pou Jacob.
6 Then Rachel said, "Our Father has judged me; he has also heard my voice and given me a son." Therefore she named him Dan. Alò, Rachel te di: “Bondye te ban mwen rezon. Li te vrèman tande vwa m, e Li te ban mwen yon fis.” Pou sa, li te nonmen li Dan.
7 Bilhah, Rachel's servant, conceived again and bore Jacob a second son. Sèvant a Rachel la, Bilha te vin ansent ankò, e li te fè pou Jacob yon dezyèm fis.
8 Rachel said, "I have wrestled fiercely with my sister, and I have won." So she named him Naphtali. Alò, Rachel te di: “Avèk gwo lit mwen te mennen avèk sè mwen an, mwen te vrèman vin genyen l.” Epi li te nonmen li Nephtali.
9 When Leah saw that she had stopped bearing children, she took Zilpah her servant and gave her to Jacob as a wife. Lè Léa te wè ke li pa t fè pitit ankò, li te pran sèvant li a, Zilpa, e li te bay li a Jacob kòm madanm.
10 Then Leah's servant Zilpah bore Jacob a son. Sèvant a Léa a, Zilpa te fè yon fis pou Jacob.
11 Leah said, "Good fortune!" So she named him Gad. Konsa, Léa te di: “A la chans!” Epi li te nonmen li Gad.
12 Leah's servant Zilpah bore Jacob a second son. Sèvant Léa a, Zilpa te fè pou Jacob yon dezyèm fis.
13 Leah said, "How happy I am! For women will call me happy." So she named him Asher. Epi Léa te di: “A la kontan mwen kontan! Pou sa, fanm yo va rele mwen kontan.” Epi li te nonmen li Aser.
14 In the days of wheat harvest Reuben went out and found mandrakes in the field and brought them to his mother Leah. Then Rachel said to Leah, "Please give me some of your son's mandrakes." Alò, nan jou rekòlt ble yo, Reuben te sòti pou twouve mandragò nan chan an, e li te pote yo bay manman li, Léa. Alò, Rachel te di a Léa: “Souple, ban m kèk nan mandragò fis ou yo.”
15 But Leah replied, "Wasn't it enough to take my husband? Now you'd take my son's mandrakes too?" Rachel said, "Fine—he can sleep with you tonight for your son's mandrakes." Men Léa te di l: “Èske se yon ti bagay sa ye pou ou pou pran mari mwen? Konsa, èske ou ta renmen pran mandragò a fis mwen yo tou?” Rachel te reponn: “Pou sa, li kapab kouche avè ou aswè a, kòm twòk pou mandragò a fis ou yo.”
16 When Jacob came from the field in the evening, Leah went out to meet him and said, "You must sleep with me, for I have indeed hired you with my son's mandrakes." So he was intimate with her that night. Lè Jacob te sòti nan chan an nan aswè, alò, Léa te sòti pou rankontre li. Li te di l: “Ou oblije antre an relasyon ak mwen aswè a, paske vrèman mwen te achte ou avèk mandragò a fis mwen yo.” Epi li te kouche avèk li nan nwit lan.
17 And our Father listened to Leah, and she conceived and bore Jacob a fifth son. Bondye te okipe Léa, e li te fè yon senkyèm fis pou Jacob.
18 Leah said, "Our Father has given me my wages because I gave my servant to my husband." So she named him Issachar. Epi Léa te di: “Bondye te ban mwen salè mwen, akoz ke m te bay sèvant mwen an a mari mwen.”
19 Leah conceived again and bore Jacob a sixth son. Léa te vin ansent ankò, e li te fè yon sizyèm fis pou Jacob.
20 Then Leah said, "Our Father has endowed me with a good gift. Now my husband will honor me, because I have borne him six sons." So she named him Zebulun. Alò Léa te di: “Bondye te ban mwen yon bon kado! Koulye a mari mwen va rete avè m akoz ke mwen fè sis fis pou li.” Alò li te nonmen li Zabulon.
21 Afterward she bore a daughter and named her Dinah. Apre sa li te fè yon fi, e li te nonmen li Dina.
22 Then our Father remembered Rachel; he listened to her and opened her womb. Alò, Bondye te sonje Rachel. Li te okipe li, e Li te louvri vant li.
23 She conceived and bore a son, and said, "Our Father has taken away my disgrace." Konsa, li te vin ansent, e li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Bondye retire repwòch mwen.”
24 She named him Joseph, saying, "May our Father add to me another son." Li te rele li Joseph, e li te di: “Ke SENYÈ a ban m yon lòt fis.”
25 As soon as Rachel had borne Joseph, Jacob said to Laban, "Let me go back to my own home and country. Alò, li te rive ke lè Rachel te fè Joseph, Jacob te di a Laban: “Voye mwen ale, pou mwen kapab ale nan pwòp plas mwen e nan pwòp peyi mwen.
26 Give me my wives and my children for whom I have served you, and let me go. You know the service I have given you." Ban mwen madanm mwen yo, ak pitit mwen yo, pou sila mwen te sèvi ou yo. Kite mwen pati, paske ou menm ou konnen sèvis ke m te rann ou yo.”
27 But Laban said to him, "If I have found favor in your eyes—I have learned by divination that God has blessed me because of you." Men Laban te di li: “Si sa fè ou plezi, rete avè m; mwen devine ke Bondye te beni mwen akoz ou menm.”
28 He said, "Name your wages, and I will give it." Li te pale toujou: “Nonmen salè ou, e mwen va ba ou li”.
29 Jacob said to him, "You yourself know how I have served you, and how well your livestock has done under my care. Men li te di li: “Ou menm ou konnen jan mwen te sèvi ou, ak jan bèt ou yo te byen okipe avè m.
30 For you had little before I came, and it has increased greatly; our Father has blessed you wherever I turned. But now, when will I provide for my own household also?" Paske ou pa t gen anpil lè m te vini an, yo vin miltipliye anpil, e SENYÈ a te beni ou tout kote ke m vire. Men koulye a, se lè pou mwen okipe pwòp lakay mwen tou?”
31 He asked, "What should I give you?" Jacob replied, "Give me nothing. If you'll do this one thing for me, I'll go back to grazing and guarding your flock. Epi Laban te di: “Kisa mwen kapab ba ou?” Epi Jacob te reponn: “Ou pa bezwen ban m anyen. Si w ap fè yon sèl bagay pou mwen, mwen va okipe bann ou yo ankò, epi kenbe yo.
32 Let me pass through all your flock today, removing from it every speckled and spotted sheep and every black lamb, and the spotted and speckled among the goats, and that will be my wages. Kite mwen pase nan tout bann mouton ou yo, pou retire chak mouton ki takte, oswa trase, avèk tout sa ki nwa pami ti mouton yo, chak sa ki takte oswa trase pami kabrit yo. Se sa yo ki va sèvi kòm salè mwen.
33 So my honesty will testify for me later, when you come to look into my wages. Every one that is not speckled and spotted among the goats and black among the lambs, if found with me, will be counted stolen." Konsa entegrite mwen va reponn pou mwen pita, lè ou vin parèt konsènan salè mwen. Chak sa ki pa takte, oswa trase pami kabrit yo, e ki nwa pami jenn mouton yo, si li twouve avè m, konsidere ke mwen te vòlè l.”
34 Laban said, "Good! Let it be as you have said." Laban te di li: “Sa bon. Kite sa fèt selon pawòl ou.”
35 That day Laban removed the striped and spotted male goats, all the speckled and spotted female goats—each with white on it—and every dark lamb, handing them to his sons. Alò, nan menm jou sa a, li te rete tout mal kabrit ki te trase, oswa takte, ak tout femèl kabrit ki te takte, chak ki te gen blan ladann, ak tout nwa pami mouton yo, e li te bay fis li yo okipe yo.
36 He set a distance of three days' journey between himself and Jacob, and Jacob pastured the rest of Laban's flock. Epi li te mete yon distans twa jou antre li menm avèk Jacob, e Jacob te bay manje a tout rès bann mouton yo pou Laban.
37 Then Jacob took fresh branches from poplar, almond, and plane trees, and peeled white streaks in them, exposing the white of the wood. Jacob te pran bwa vèt nan pye sikrèn, pye zanmann, ak pye bwadòm, e li te kale tras blan nan yo pou fè parèt blan ki te nan bwa yo.
38 He placed the peeled branches in the watering troughs in front of the flocks—the places where they came to drink. And since they bred when they came to drink, Li te plase bwa li te kale yo devan bann mouton yo, nan flèv dlo yo, e nan basen dlo kote bann mouton yo te vin bwè a. Se la yo te kwaze lè yo te vin pou bwè.
39 the flocks bred in front of the sticks and so brought forth striped, speckled, and spotted young. Alò, bann mouton yo te kwaze kote bwa kale yo, e yo te fè pote sa ki te trase, takte e pentle yo.
40 Jacob separated the lambs and turned the flock to face the striped animals and all the black ones in Laban's flock. He kept his own flocks apart and did not mix them with Laban's flock. Jacob te separe ti mouton yo, e te fè bann mouton yo rete anfas, pou yo t ap gade tout sa ki te trase yo, ak tout nwa yo, ki te nan bann mouton Laban yo. Li te mete pwòp bann mouton li yo apa, pou yo pa t avèk bann mouton Laban yo.
41 Whenever the stronger animals were breeding, Jacob would place the branches in the troughs in sight of the flock, so they would breed among the branches, Anplis de sa, nenpòt kilè bèt ki pi fò nan bann mouton yo ta kwaze, Jacob ta mete bwa yo devan zye a bèt ki nan basen dlo yo, pou yo ta kwaze akote bwa yo;
42 but for the weaker animals he would not lay them there. So the weaker animals went to Laban, and the stronger ones to Jacob. men lè bann mouton an te fèb, li pa t mete yo ladann. Konsa pi fèb yo te vin pou Laban, e pi fò yo pou Jacob.
43 So the man became exceedingly rich and had large flocks, female servants and male servants, and camels and donkeys. Konsa, nonm nan te vin pwospere anpil. Li te vin gen gwo bann mouton, sèvant ak sèvitè, chamo avèk bourik.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]